Skip to main content

Charite ak benevòl

Dènye devlopman yo

Chanjman nan konsèy, lwa ak pwosedi ki afekte òganizasyon charitab ak òganizasyon benevòl yo.

Fòm 15644, Enfòmasyon Siplemantè sou Desizyon Gwoup, disponib kounye a kòm yon Fòm ki Adaptab pou Aparèy Mobil sou IRS.gov

Dapre Pwosedi Revni 2026-8, òganizasyon santral yo dwe kontinye bay enfòmasyon anyèl sou òganizasyon sibòdone yo, sof si yon eksepsyon aplike.

Jwenn plis detay nan nouvèl 30 Oktòb 2026 la (an anglè).

Rechèch Òganizasyon ki Ekzante de Enpo yo (TEOS)

Sèvi ak zouti Rechèch Òganizasyon ki Egzante de Enpo yo (TEOS) ) pou jwenn enfòmasyon sou estati ak deklarasyon yon òganizasyon

 

 

Deklarasyon Anyèl ak Fòm yo

Fòm seri 990 yo, obligasyon ak konsèy pou ede w konplete dosye ak deklarasyon anyèl ou

 

 

 

 

Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN)

Jwenn yon EIN pou w aplike pou estati ekzante de enpo epi fè deklarasyon. Rasire w ou se yon òganizasyon ki fòme dapre nòm yo anvan ou aplike pou yon EIN

Egzanpsyon Enpo

Aplike pou Estati Ekzante de Enpo (an anglè)
Kijan pou aplike pou IRS rekonèt estati ekzante de enpo w la

Sik Lavi yon Òganizasyon ki Ekzante (EO) (an anglè)
Enfòmasyon sou 5 etap nan sik lavi yon òganizasyon ki ekzante

Retabli Estati Ekzante de Enpo w (an anglè)
Kisa pou w fè si yo revoke estati ekzante de enpo ou

Kontribisyon Charitab yo

Kontribisyon Charitab yo (an anglè)
Aprann sou kontribisyon charitab ki gen dediksyon sou enpo yo

Kontribisyon Charitab ki Pa Lajan (an anglè)
Aprann kijan pou fè kontribisyon charitab ak pwopriyete 

Kredi Enpo Federal pou Bousdetid (FSTC)

Apati 1ye Janvye 2027, kontribyab endividyèl yo ka anmezi pou reklame yon kredi ki pa ranbousab jiska $1 700 pou sèten kontribisyon an lajan kach yo fè bay Òganizasyon ki Bay Bousdetid yo (SGOs). Moun marye k ap ranpli deklarasyon ansanm yo ka chak reklame yon kredi $1 700, pou yon total $3 400 sou deklarasyon ansanm lan.

Kredi Enpo Federal pou Bousdetid (FSTC) (an anglè)

Jwenn detay sou pwogram FSTC a pou kontribyab endividyèl yo, eta yo ak Òganizasyon ki Bay Bousdetid yo.

Kredi Enpo Federal pou Bousdetid (FSTC) – Eta Patisipan yo (an anglè)

Lis eta yo ki chwazi patisipe dapre Seksyon 25F pou 2027

Kredi Enpo Federal pou Bousdetid – Òganizasyon ki Bay Bousdetid (an anglè) [lyen ap vini]

Enfòmasyon pou SGO yo sou FSTC a ansanm ak egzijans pou fonksyònman, rapò ak konsèvasyon dosye yo.

 

Kalite Òganizasyon ki Ekzante yo

Òganizasyon Zèv Charitab — IRC 501(c)(3)
Òganizasyon ki òganize epi yo eksplwate pou rezon relijyon, charite, lasyans, esè nan sekirite piblik, literati, edikasyon oswa lòt objektif espesifik.

Legliz ak Òganizasyon Relijye (an anglè) — IRC 501(c)(3)
Legliz ak òganizasyon relijye yo pami òganizasyon charitab ki ka kalifye pou egzanpsyon enpo sou revni federal dapre Seksyon 501(c)(3).

Fondasyon Prive yo (an anglè) — IRC 501(c)(3)
Jeneralman, òganizasyon prive yo genyen yon sèl gwo sous k ap finanse yo (dabitid se don yon fanmi oswa yon sosyete) epi majorite ladan yo plis bay sibvansyon olye yo jere pwogram charite yo dirèkteman.

Òganizasyon Politik yo (an anglè)
Yon pati, yon komite, yon asosyasyon yon fon oswa lòt òganizasyon ki òganize epi y ap eksplwate pou yo aksepte, dirèkteman oswa pa entèmedyè, kontribisyon yo oswa fè depans, oswa toulède (2), pou yon aktivite ki ekzante.

Lòt Benevòl yo (an anglè)
Òganizasyon ki ranpli kondisyon espesifik yo ka kalifye pou egzanpsyon nan souseksyon yo ki pa Seksyon (501)(c)(3). Sa yo gen ladan yo, òganizasyon pou byennèt sosyal yo, kategori sivil yo, klèb sosyal yo, òganizasyon travay yo ak kategori antrepriz yo.

Edikasyon

Resous Edikasyon ak Gid (an anglè)
Jwenn piblikasyon, fòm ak gid ofisyèl.

StayExempt.IRS.gov (an anglè)
Ti kou sou entènèt pou nouvo òganizasyon ki ekzante de enpo ak òganizasyon ki deja egziste yo.

Apèsi sou Pwoblèm Antite ki Ekzante de Enpo ak Antite Gouvènmantal yo (an anglè)
Apèsi sou pwoblèm yo se zouti travay pou anplwaye ki bay analiz ak resous pou yon pwoblèm teknik fiskal presi.