Aplikasyon ofisyèl IRS la
Jwenn aksè nan sèvis IRS yo an sekirite epi fasil dirèkteman sou aparèy mobil. Tcheke estati ranbousman w, fè yon peman epi jwenn enfòmasyon enpo itil nenpòt lè, nenpòt kote.
Kounye a disponib nan aplikasyon an avèk yon kont Endividyèl
Konekte oswa kreye yon kont Endividyèl pou itilize nouvo fonksyon aplikasyon IRS la:
Peman
Peye balans ou dwe oswa pwograme yon peman, gade istwa peman ou, ak plis ankò.
Ranbousman ak deklarasyon modifye
Tcheke estati ranbousman w oswa deklarasyon modifye w avèk oswa san ou pa konekte nan kont Endividyèl ou.
Dosye enpo
Jwenn aksè epi telechaje dosye enpo w yo, tankou transkripsyon ak dokiman deklarasyon enfòmasyon yo.
Avi ak lèt
Li avi ak lèt ofisyèl IRS voye ba ou konsènan enpo w yo.
Pwofil
Mete adrès imèl ou ak enfòmasyon sou kont labank ou ajou.
Disponib tou san ou pa konekte
Fonksyonalite aplikasyon IRS la ki disponib san yon kont Endividyèl:
Peman kòm envite
Jwenn tout opsyon peman yo sou IRS.gov san ou pa konekte. Peye dirèkteman nan kont labank ou gratis. Itilize yon kat kredi, kat debi oswa bous dijital tankou PayPal oswa Venmo pou yon frè.
Ranpli deklarasyon w gratis
Si ou kalifye, jwenn opsyon gratis pou ranpli enpo. Ranpli sou entènèt avèk IRS Free File oswa itilize Free File Fòm Ranpli yo. Jwenn preparasyon enpo gratis nan yon sant lokal Asistans Enpo sou Revni Volontè (VITA) oswa avèk AARP Foundation Tax-Aide. Volontè yo sètifye pa IRS. Gen opsyon an pèsòn ak sou entènèt.
Plis resous
Ale nan sijè popilè sou IRS.gov, tankou ranbousman, dosye enpo, fòm ak piblikasyon. Kontakte nou sou entènèt, pa telefòn oswa an pèsòn. Konekte avèk nou (an anglè) sou X, YouTube ak imèl.
Aksesibilite
Gen pwoblèm konpatibilite ak kèk teknoloji asistans. Gade gid aksesibilite aplikasyon IRS la (an anglè) pou jwenn èd si w itilize yon lektè ekran, yon loup ekran oswa yon lojisyèl kòmand vwa.
Èd rapid pou aplikasyon IRS
Wi. Non an chanje epi yo ajoute nouvo fonksyonalite, men tout ansyen sèvis yo toujou disponib. Aplikasyon an ap mete ajou an aryè-plan si mizajou otomatik aktive. Sinon, ou ka mete l ajou manyèlman nan Apple App Store oswa Google Play.
Yo te kreye IRS2Go pou w te kapab tcheke estati ranbousman w sou telefòn ou. Aplikasyon IRS la ofri yon eksperyans mobil ki pi laj pou ou ka wè balans ou, fè peman, ak plis ankò.
Telechaje aplikasyon ofisyèl la nan Apple App Store oswa Google Play avèk lyen ki sou paj sa a. Pa telechaje aplikasyon nan piblisite oswa mesaj ou pa t mande. IRS pa janm mande enfòmasyon pèsonèl pa tèks, imèl oswa mesaj ki parèt toudenkou (pop-up message).
Rapòte li ba nou nan IRS.gov/submitatip (an anglè). Ou kapab rapòte tou magouy ak fwod enpo yo.
Konekte nan kont Endividyèl ou avèk ID.me pou itilize nouvo fonksyonalite yo nan aplikasyon IRS la. Y ap mennen ou nan yon onglet navigatè ki an sekirite epi y ap redirije ou tounen nan aplikasyon an apre ou fin verifye idantite ou avèk ID.me.
Wi. IRS planifye pou kontinye elaji eksperyans mobil la epi bay enfòmasyon sou lòt fonksyonalite yo lè yo disponib.

