Tcheke ranbousman ou a avèk aplikasyon an
Pa bezwen konekte.
Jis antre nimewo Sekirite Sosyal ou oswa ITIN ou, estati deklarasyon enpo ou a, ak montan egzak ranbousman an ki parèt sou deklarasyon enpo ou a.
Disponib tou
Peman
Jwenn tout opsyon peman yo. Peye dirèkteman nan kont labank ou gratis. Itilize yon kat kredi, yon kat debi oswa yon bous dijital tankou PayPal oswa Venmo pou yon frè. Oswa konekte sou kont IRS ou pou peye, kreye yon plan peman oswa tcheke istwa peman ou.
Ranpli gratis
Jwenn aksè a opsyon pou ranpli enpo w gratis si ou kalifye. Ranpli sou entènèt avèk IRS Free File oswa sèvi ak Fòm Free File ou ka ranpli yo. Jwenn preparasyon enpo w gratis nan yon sit lokal Asistans Enpo sou Revni Volontè (VITA) oswa avèk AARP Foundation Tax Aid. Volontè yo sètifye pa IRS. Opsyon an pèsòn ak sou entènèt disponib.
Fè plis ak yon kont IRS
Fè plis ak yon kont IRS. Tcheke ranbousman ou, jwenn aksè nan dosye enpo ou, peye oswa kreye yon plan peman, chwazi pou resevwa notifikasyon pa imèl sou estati ranbousman an epi plis ankò. Sèvi ak lyen ki nan aplikasyon an pou konekte oswa kreye yon kont.
Plis resous
Jwenn aksè a sijè popilè sou IRS.gov, tankou ranbousman, dosye enpo, fòm ak piblikasyon. Kontakte nou sou entènèt, pa telefòn oswa an pèsòn. Konekte avèk nou (an anglè) atravè X, YouTube ak imèl.

