To enterè yo rete menm jan an pou twazyèm trimès 2025 la

IR-2025-59, 12 me 2025

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan anonse to enterè yo ap rete menm jan an pou trimès ki kòmanse 1ye jiyè 2025 la.

Pou moun, to enterè pou peman anplis ak peman ki pa ase a se 7% pa ane, epi li konpoze chak jou. Men yon lis konplè sou to enterè yo:

  • 7% pou peman anplis (peman ki fèt anplis montan ki dwe a), 6% pou kòporasyon yo.
  • 4,5% pou pòsyon yon peman anplis yon antrepriz ki depase $10 000.
  • 7% pou peman ki pa ase (enpo ki dwe men ki pa fin peye nèt).
  • 9% pou gwo peman antrepriz ki pa ase.

Anba Kòd Revni Entèn lan, yo detèmine to enterè a chak twa mwa. Pou kontribyab ki pa sosyete yo, to peman anplis ak peman an mwens yo egal a to federal akoutèm lan plis twa pwen pousantaj.

Anjeneral, nan ka yon sosyete, to peman an mwens pase sa a, se to federal akoutèm nan plis twa pwen pousantaj, epi to peman an plis pase sa a se to federal akoutèm nan plis de pwen pousantaj. To pou gwo peman an mwens pase sa yon sosyete fè, se to federal akoutèm nan plis senk pwen pousantaj. To sou pòsyon yon peman an plis enpo yon sosyete ki depase $10 000 pou yon peryòd enpozab, se to federal akoutèm nan plis yon demi (0.5) pwen pousantaj.

Yo kalkile to enterè sa yo apati to enterè federal akoutèm yo te detèmine pandan mwa avril 2025 la.

Règleman Revni 2025-11 (an anglè) PDF ki anonse to enterè yo ap parèt nan Bilten Revni Entèn 2025-23, ki date 2 jen 2025.