5 Mas 2026
Anplwaye ak moun ki travay pou tèt yo ka anmezi pou dedwi poubwa ki kalifye yo resevwa nan sèten metye ki kalifye (an anglè) nan deklarasyon enpo federal 2025 yo.
Men kèk bagay enpòtan pou konnen (an anglè) sou dediksyon sa a:
- “Poubwa ki kalifye” se poubwa volontè kliyan bay an lajan kach oswa yo ajoute sou yon peman, sa gen ladan poubwa yo pataje.
- Dediksyon maksimòm pa ane a se $25 000.
- Si ou travay pou tèt ou, dediksyon an pa ka depase revni nèt ou, anvan dediksyon sa a, ki soti nan aktivite komèsyal oswa biznis kote ou te resevwa poubwa yo.
- Dediksyon an diminye piti piti si revni brit ajiste modifye ou depase $150 000; $300 000 pou moun ki fè deklarasyon ansanm.
- Si ou marye, ou dwe fè deklarasyon ansanm.
- Ou dwe gen yon nimewo Sekirite Sosyal ki valab.
- Dediksyon an disponib kit ou detaye dediksyon ou yo, kit ou pran dediksyon estanda a.
Pou egzanp sou fason yo kalkile “pa gen enpo sou poubwa”, gade kominike pou laprès sa a (an anglè).