Ou ka peye enpo ou yo ak lajan kach an pèsòn nan yon revandè k ap patisipe nan tout eta Ozetazini yo ak Pòtoriko.
Kijan sa fonksyone
- Antre enfòmasyon sou peman enpo ou avèk yon pwosesè peman IRS apwouve
- Resevwa yon kòd bar peman pa imèl nan 5 jou
- Pote kòd bar ou a ak lajan kach la nan yon revandè toupre ou (an anglè)
Ou bezwen peye plis pase $500? Jwenn lòt opsyon pou peye ak lajan kach.
Etap pou peye nan yon revandè
Kòmanse pwosesis peman ou omwen 7 jou anvan dat limit la pou evite penalite ak enterè.
IRS apwouve pwosesè peman sa yo pou voye enfòmasyon sou peman enpo ou ban nou.
- Limit $500 pou chak peman
- Peman total jiska $1 000 pa jou
- Frè $1.50 pou chak peman
- Limit $500 pou chak peman
- Limit IRS sou frekans peman yo aplike
- Frè $1.50 pou chak peman
Antre enfòmasyon sou peman enpo ou:
- Fòm enpo la ak ane peman an konsène
- Montan peman an
- Enfòmasyon ou kòm kontribyab
- Adrès imèl pou resevwa yon konfimasyon ak yon kòd bar peman
Apre sa, chwazi opsyon pou peye ak lajan kach la.
Pwosesè peman an ap voye enfòmasyon sou peman enpo ou bay IRS pou li valide yo.
Pwosesè peman an ap voye yon imèl konfimasyon ba ou. Imèl la ap soti nan customerservice@acipayonline.com oswa noreply@pay1040.com.
Nan 5 jou, pwosesè a ap voye yon dezyèm imèl ba ou ki gen kòd bar peman ou. Sa ap fèt apre IRS fin valide enfòmasyon enpo ou yo.
Enprime kòd bar peman ou oswa sove yon foto ekran sou telefòn selilè ou.
Kòd bar peman an ap ekspire 20 jou apre yo fin bay li.
Jwenn yon revandè patnè (an anglè), answit pote kòd bar peman ou ak lajan kach la pou w konplete peman ou nan revandè a.
Konsève resi ou. W ap resevwa li nan men revandè patnè a apre li fin trete peman ou. Resi a konfime peman enpo ou. Kenbe li ak dosye ou yo.
Kijan pou konfime nou te resevwa peman ou
Tann 2 semèn pou nou resevwa epi trete peman ou fè ak lajan kach la.
Ou ka wè peman ou yo nan Kont Endividyèl ou.
Èd
Pou jwenn èd ak peman ou, kontakte pwosesè peman ou te itilize a:
- ACI Payments – Rele 877-754-4420 (Lendi–Vandredi, 7 a.m.– 6 p.m. ET). Oswa voye yon imèl bay customerservice@acipayonline.com.
- Pay 1040 – Rele 888-658-5465 (24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn). Oswa soumèt fòm kontak la.
Pou jwenn èd ak kont enpo ou, kontakte nou.