Konsidere fè peman elektwonik
IRS egzije peman elektwonik chak fwa sa posib. Sa pi rapid epi li pi an sekirite. Chwazi yon kont labank, yon kat debi oswa kredi, oswa yon bous dijital. Fè yon peman elektwonik.
Ou ka peye avèk lajan kach an pèsòn. Oswa, ou ka voye pa lapòs yon manda postal oswa yon chèk kesye ou te achte avèk lajan kach.
Peye an pèsòn
Sant Asistans pou Kontribyab IRS
Pran yon randevou nan yon sant asistans lokal.
- Gratis
- Pa gen limit an dola
- Pran randevou 30-60 jou anvan dat limit la
Peye nan yon Sant Asistans pou Kontribyab (an anglè)
Magazen k ap patisipe
Peye nan yon magazen k ap patisipe toupre ou.
- Frè jiska $1.50 pou chak peman
- Limit $500 pou chak peman
- Peye 7 jou anvan dat limit la
Peye nan yon magazen k ap patisipe
Peye avèk manda postal oswa chèk kesye
Sèvi ak lajan kach pou achte yon manda postal oswa yon chèk kesye nan yon makèt, yon bank, oswa yon biwo lapòs Etazini (an anglè). Apre sa, voye manda postal la oswa chèk la ban nou pa lapòs.
Peye avèk chèk oswa manda postal