Koreksyon nan Barèm to enpo yo nan Enstriksyon 2024 pou Fòm 1040

Nan Barèm To Enpo 2024 yo, nan paj 109, pou moun ki marye yo ranpli separeman ki gen revni ki peye enpo ki plis pase 365 600, enpo a ta dwe li 98 334,75 + 37%, pa 99 334,75.

Si w te telechaje oswa enprime Enstriksyon 2024 pou Fòm 1040 anvan 6 Janvye 2025, tanpri note koreksyon an.