Sèvis Verifikasyon Idantite ak Deklarasyon Enpo

IRS idantifye epi stope tretman yon deklarasyon akoz potansyèl vòl idantite. Ou ka resevwa yon avi oswa yon lèt ki mande w verifye idantite w ak enfòmasyon deklarasyon enpo w ak IRS. Sa ede nou anpeche yon pirat idantite vòlè kòb ranbousman w lan.

Se sèlman kontribyab ki te resevwa yon avi oswa yon lèt ki gen adrès sitwèb sa a ki pral kapab itilize l.

Kisa pou w fè si w TE FÈ yon deklarasyon enpo

  1. W ap bezwen bagay sa yo pou reponn kesyon IRS sou deklarasyon enpo a:
    1. Seri deklarasyon enpo Fòm 1040 pou ane ki parèt sou avi oswa lèt la.
    2. Avi oswa lèt ou te resevwa a.
  2. Ou ka itilize kont IRS ou pou w konekte. Si w se yon nouvo itilizatè, gen foto idantifikasyon w pare. Gen plis enfòmasyon sou verifikasyon idantite ki disponib nan paj enskripsyon an.
  3. Klike sou bouton “Konekte pou Verifye idantite w ak deklarasyon enpo w” pou kontinye.
  4. Ou dwe fè nou konnen ou TE FÈ yon deklarasyon enpo epi reponn kesyon IRS sou deklarasyon enpo w a. Si w pa wè kesyon sa yo, retounen nan paj sa a epi konekte ankò.

Kisa pou w fè si w PA T ranpli yon deklarasyon enpo

  1. Ou ka itilize kont IRS ou pou w konekte. Si w se yon nouvo itilizatè, gen foto idantifikasyon w pare. Gen plis enfòmasyon sou verifikasyon idantite ki disponib nan paj enskripsyon an.
  2. Klike on bouton “Konekte pou Verifye idantite w ak deklarasyon enpo w” pou kontinye.
  3. Ou dwe fè n konnen ou PA T fè yon deklarasyon enpo. Si w pa wè opsyon sa a, retounen nan paj sa a epi konekte ankò.

Konekte pou Verifye idantite w ak deklarasyon enpo w

Nòt Aksesibilite yo pou Verifikasyon Idantite Anliy

Genyen pwoblèm konpatibilite ak kèk teknoloji pou asistans yo. Konsilte Gid Aksesibilite pou Sèvis Verifikasyon Idantite a (an anglè) pou èd si w ap sèvi ak yon lektè ekran, loup pou ekran oswa lojisyèl kòmand vokal.

Lòt fason pou w ranje kont ou an

Si w pa ka verifye idantite w anliy oswa si w pa gen dokiman ki nesesè yo, tanpri kontakte nou nan nimewo gratis ki endike nan avi oswa lèt ou a.

Pou akselere pwosesis la lè w ap rele, ou dwe genyen:

  • Avi 5071C ou, lèt 5747C oswa lèt 5447C
  • Deklarasyon enpo Fòm seri 1040 yo pou ane ki parèt nan avi oswa lèt la, si w te ranpli youn.
    • Remak: Yon Fòm W-2 oswa 1099 pa yon deklarasyon enpo
  • Nenpòt lòt deklarasyon enpo ane anvan, si w genyen youn ki disponib
  • Tout lòt sipò, W-2 yo, 1099 yo, Anèks C, Anèks F, elatriye.

Si nou pa kapab ranje kont ou an nan telefòn, nou ka mande w pou pran randevou an pèsòn ak biwo lokal IRS ou a.

Kesyon yo Poze Souvan yo

Si w te resevwa yon lèt 4883C, swiv enstriksyon ki nan lèt la. Si lèt ou te resevwa a pa t gen sitwèb sa a, oswa ou pa t resevwa yon lèt ditou, ou pa ka itilize sèvis sou entènèt sa a.

Ou ka tcheke avèk founisè lojisyèl ou a oswa moun ki prepare enpo a pou yon kopi deklarasyon enpo w la.

Kontribyab ki gen yon ITIN ka ranpli pwosesis enskripsyon an pou jwenn aksè nan kont anliy IRS yo a, ki bay balans, istorik peman, plan peman yo, dosye fiskal yo, ak plis ankò.

Moun ki gen ITIN yo dwe verifye idantite yo atravè pwosesis videyo tchat la epi yo pral bezwen yon adrès imel ki valab, prèv ITIN, yon dokiman prensipal ak yon dokiman segondè. Youn nan dokiman yo dwe bay prèv adrès.

Pwosesis verifikasyon idantite sa a aplike nan sèvis IRS ki gen ladan Kont Anliy, Jwenn Relve Anliy, Akò Peman Anliy, Jwenn yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN), Kont Fiskal Pwofesyonèl (an anglè), Sèvis elektwonik , ak Soumèt Fòm 2848 ak 8821 Anliy (an anglè).

Wi. Ou ka itilize sèvis sa a pou di nou ke ou pa t ranpli oswa soumèt yon deklarasyon enpo. Sa ap ede anpeche yon vòlè idantite jwenn ranbousman ou.

Antre adrès aktyèl ou a lè w ap verifye idantite w ak ID.me, menmsi se pa menm adrès ou te itilize nan deklarasyon enpo ou a. ID.me dwe kapab verifye adrès ou nan kad pwosesis verifikasyon idantite a. Apre w fin verifye idantite w, ou dwe reponn kesyon IRS sou deklarasyon enpo ou yo tou. Si w pa wè kesyon sa yo apre w fin verifye idantite w, tounen nan paj sa a epi konekte ankò.

Non, ou pa bezwen ranpli yon Fòm 14039, Affidavit Vòl Idantite. Olye de sa, itilize sèvis sa a pou di nou ke ou pa t ranpli oswa soumèt yon deklarasyon enpo.

Apre w fin verifye idantite w ak enfòmasyon sou deklarasyon enpo ou atravè sèvis sa a, sa ka pran jiska nèf (9) semèn pou fini pwosesis deklarasyon an. Vizite Kote ranbousman mwen an? oswa itilize aplikasyon mobil IRS2Go 2-3 semèn apre w fin itilize sèvis sa a pou tcheke sitiyasyon ranbousman ou an.

Non. Sistèm ID.me a pa pèmèt okenn moun ki poko gen 18 an gen aksè. Pou verifye idantite w ak enfòmasyon sou deklarasyon enpo ou, tanpri rele nimewo telefòn ki nan lèt IRS ou te resevwa a.