Skip to main content

Tcheke si ou kalifye pou nouvo dediksyon ogmante pou granmoun aje yo

27 Fevriye 2026

Si ou gen 65 an oswa plis, ou ka kalifye pou dediksyon ogmante pou granmoun aje yo (an angle), yon dispozisyon nan Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo (an angle).

Men kèk bagay enpòtan pou konnen sou dediksyon sa a:

  • Soti 2025 rive 2028, moun ki gen 65 an oswa plis ka reklame yon dediksyon anplis $6 000.
  • Sa a se yon dediksyon anplis, dediksyon estanda pou granmoun aje yo ki deja disponib dapre lwa.
  • Li aplike pou chak moun ki kalifye, oswa $12 000 pou yon koup marye si toude konjwen yo kalifye.
  • Dediksyon an diminye piti piti pou kontribyab ki gen revni brit ajiste modifye ki depase $75 000; $150 000 pou moun ki fè deklarasyon ansanm.

Pou plis enfòmasyon sou dediksyon sa a ak lòt avantaj fiskal pou granmoun aje yo, gade konsèy fiskal sa a (an angle).