Deklarasyon Gratis IRS kapab ede retire estrès sezon fiskal la pou pèsonaj yo ak retrete yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-24, 14 fevriye 2022

Pou kontribyan ki gen revni fiks yo, chak santim konte. Anpil nan moun sa yo se pèsonaj yo ak retrete yo ki kapab fè deklarasyon taks yo gratis. Deklarasyon Gratis IRS bay lojisyèl preparasyon taks anliy gratis pou kontribyab ki gen $73,000 revni oswa pi piti an 2021.

Men kèk fè sou pwogram sa yo k ap ede kontribyab sa yo konnen kiyès ladan yo k ap reponn ak bezwen yo:

  • Deklarasyon Gratis IRS disponib sou IRS.gov epi li prezante founisè komèsyal lojisyèl preparasyon taks yo Ane sa a, genyen uit (8) pwodui an anglè ak de (2) an panyòl
  • Kontribyab yo kapab navige atravè chak òf yo oswa itilize zoutio rechèch (an anglè) la pou ede yo jwenn bon pwodui a.
  • Chak patnè Deklarasyon Gratis IRS tabli pwòp kritè kalifikasyon li. Jeneralman, sa yo baze sou revni, laj ak Eta rezidans. Tout kontribyab ki gen revni an gwo ajiste ki te $73,000 oswa pi piti ap jwenn yon pwodui gratis pou yo itilize.
  • Lojisyèl anliy Deklarasyon Gratis IRS la sipòte fòm yo plis sèvi yo ki kapab soumèt pa vwa elektwonik. Sa vle di menm si deklarasyon taks yon moun yon ti jan pi konplèks, l ap toujou kapab itilize yon sèvis gratis.
  • Deklarasyon Gratis IRS la ofri nouvèl opsyon Fòm 1040-SR (an anglè) pou pèsonaj ki genyen depase 65 lane yo.
  • Founisè Deklarasyon Gratis IRS yo ofri preparasyon deklarasyon taks sou revni leta a tou, kèk nan yo yo gratis, lòt yo pou yon ti lajan. Kontribyab yo kapab itiize zouti rechèch (an anglè) la tou pou yo jwenn bon pwodui Eta a.
  • Kontribyab yo kapab itilize telefòn entèlijan yo a oswa tablèt yo a pou yo prepare taks yo. Yo sèlman bezwen ale sou paj Deklarasyon Gratis IRS la sou IRS.gov apati aparèy pòtab yo a. Tout pwodui Deklarasyon Gratis IRS yo adapte pou aparèy mobil yo.

Lojisyèl anliy MilTax la (an anglè) disponib tou pou kèk veteran, kèlkeswa revni yo, e yo ofri li nan Depatman Defans lan. MilTax pèmèt kontribyab kalifye yo prepare epi depoze deklarasyon taks federal epi jiska twa (3)  deklarasyon taks sou revni leta gratis.

Kontribyab kalifye yo, jeneralman sila yo k ap antre $58,000 oswa pi piti, kapab fè prepare taks yo gratis tou. Sant Asistans Taks sou revni Volontè a ak Konsèy Fiskal pou Moun Aje yo sitiye yo jeneralman nan sant kominotè ak katye yo, bibliyotèk yo, lekòl yo, sant komèsyal yo ak lòt sant pratik nan tout peyi a. Kontribyab yo kapab ale sou paj Preparasyon Taks Gratis IRS sou IRS.gov la epi itilize zouti lokalizatè sant ki disponib la pou jwenn yon sant ki toupre yo.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)