Li pa twò bonè pou prepare pou sezon enpo 2026 la

IR-2025-116, 26 novanm 2025

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn (IRS) ap ankouraje kontribyab yo pou yo kòmanse prepare kounye a pou sezon enpo k ap vini an lè yo vizite IRS.gov/getready pou jwenn konsèy sou sa ki nouvo ak sa pou konsidere anvan w ranpli deklarasyon yo. Sa a se premye nan yon seri rapèl espesyal IRS "Prepare w" pou ede kontribyab yo prepare yo nan kòmansman 2026 pou sezon deklarasyon enpo k ap vini an. Yon ti travay davans pou prepare papye ak òganize enfòmasyon yo kounye a ka ede w ranpli deklarasyon enpo yo byen vit e avèk presizyon.

Li enpòtan pou kontribyab yo prepare kounye a paske Gwo, Bèl, Lwa a (an anglè) (One, Big, Beautiful Bill) ka afekte anpil enpo federal yo, kredi ak dediksyon yo. IRS ak Trezò a ap travay pou aplike nouvo lejislasyon an, tankou bay enfòmasyon sou nouvo dediksyon enpo yo, tankou pa gen enpo sou tip, pa gen enpo sou lè siplemantè, pa gen enpo sou enterè prè machin, nouvo dediksyon tanporè pou granmoun aje yo ak lòt benefisyè yo. IRS la pral pibliye nouvo enfòmasyon lè yo disponib.

Rasanble epi òganize dosye enpo yo

Lè w gen dosye enpo byen òganize, sa ede kontribyab yo ranpli deklarasyon enpo konplè ak egzat epi evite erè ki ta ka retade ranbousman yo. Kòmanse pa rasanble:

  • Enfòmasyon sou kont labank.
  • Fòm W-2 ki soti nan anplwayè ou (yo).
  • Fòm 1099 ki soti nan bank yo ak lòt moun k ap peye yo.
  • Dosye tranzaksyon byen dijital yo.

Kontribyab yo ta dwe tann jiskaske yo resevwa tout dosye enpo yo anvan yo ranpli deklarasyon an. Kenbe dokiman yo òganize kapab tou fè li pi fasil pou jwenn enfòmasyon ki nesesè pou reklame dediksyon oswa kredi yo.

Kont sou Entènèt

Yon kont IRS sou entènèt pèmèt kontribyab yo jwenn aksè a enfòmasyon enpo pèsonèl yo, tankou deklarasyon ki fèk ranpli yo, an sekirite. Atravè zouti sa a, kontribyab yo kapab:

  • Gade dosye enpo yo, ki gen ladan revni brit ajiste ak transkripsyon yo.
  • Fè, pwograme epi wè peman w yo.
  • Jwenn oswa wè PIN Pwoteksyon Idantite yo (IP PIN).
  • Otorize yon pwofesyonèl enpo pou jwenn aksè nan dosye enpo w yo dijitalman.
  • Jwenn aksè a Fòm W-2 ak sèten 1099 ki disponib.

Ranbousman enpo rapid pa depo dirèk

Depo dirèk se fason ki pi rapid pou resevwa yon ranbousman. Anplis de sa, an akò avèk Dekrè Egzekitif 14247 la (an anglè), IRS te kòmanse elimine chèk ranbousman enpo sou papye yo piti piti (an anglè) nan dat 30 septanm 2025, sa vle di pifò kontribyab yo dwe bay nimewo routage ak nimewo kont pou yo ka depoze ranbousman yo dirèkteman nan kont labank yo.

Moun ki peye enpo ki pa gen yon kont labank ka aprann kijan pou yo louvri youn nan yon bank ki gen asirans FDIC (an anglè) oubyen atravè Zouti Lokalizatè Inyon Kredi Nasyonal la (an anglè). Veteran yo, gade Pwogram Bankè Benefis pou Veteran yo pou opsyon sèvis finansye nan bank ki patisipe yo.

Kat debi prepeye, bous dijital oswa aplikasyon mobil yo ka sipòte depo dirèk. Pou itilize opsyon sa yo, kontribyab yo dwe gen nimewo routage ak nimewo kont ki asosye ak kont pèsonèl yo. Kontakte founisè aplikasyon mobil lan oswa enstitisyon finansye a pou konfime ki nimewo pou itilize.