Prepare w pou ou deklare enpo w yo

Planifikasyon enpo se pou tout moun. Prepare w jodi a pou fè deklarasyon enpo sou revni federal ou. Lè ou planifye davans, sa kapab ede ou depoze yon bon deklarasyon epi evite reta ki ka ralanti ranbousman fiskal ou an.

Gwo, Bèl, Lwa a “One, Big, Beautiful Bill” (OBBB) ka gen yon gwo efè sou enpo federal, kredi ak dediksyon yo. IRS ak Depatman Trezò ap travay pou aplike lejislasyon an epi bay kontribyab yo konsèy. Vizite paj dispozisyon Gwo, Bèl,Lwa a (One, Big, Beautiful) (an anglè) sou IRS.gov (an anglè) pou jwenn dènye enfòmasyon sou dispozisyon lalwa enpo yo, tankou pa gen enpo sou tip, pa gen enpo sou lè siplemantè, pa gen enpo sou enterè prè machin, nouvo dediksyon pou moun aje yo ak lòt dispozisyon, pou detèmine kijan chanjman sa yo ka gen enpak sou ranpli deklarasyon enpo yo.

Ki sa ki nouvo ak kisa pou w konsidere pwochen fwa w ap ranpli deklarasyon  w lan

Kontribyab ki te resevwa plis pase $20 000 nan peman pou machandiz ak sèvis nan plis pase 200 tranzaksyon atravè yon mache sou entènèt oswa yon aplikasyon peman an 2025 ta dwe espere resevwa yon Fòm 1099-K (an anglè) an janvye 2026. IRS ap resevwa tou yon kopi Fòm 1099-K ou a.

Pa gen okenn chanjman nan taksasyon revni. Tout revni (an anglè), tankou lajan ki soti nan travay a tan pasyèl, travay segondè oswa vant machandiz ak sèvis, taksab. Kontribyab yo dwe deklare tout revni sou deklarasyon enpo yo sof si lalwa entèdi l, kit yo resevwa yon Fòm 1099-K, yon Fòm 1099-NEC, yon Fòm 1099-MISC, oswa nenpòt lòt deklarasyon enfòmasyon.

Li enpòtan pou kontribyab yo konprann poukisa yo te resevwa yon Fòm 1099-K epi kijan pou yo sèvi ak li ansanm ak lòt dosye yo pou kalkile epi rapòte kantite lajan revni ki kòrèk la sou deklarasyon enpo yo. Li enpòtan tou pou kontribyab yo konnen kisa pou yo fè si yo te resevwa yon Fòm 1099-K men yo pa ta dwe resevwa l. Nan nenpòt sitiyasyon, li esansyèl pou kenbe bon dosye (an anglè) epi sa ap ede w fè deklarasyon enpo yo pi fasil.

Gade Ki sa pou w fè ak Fòm 1099-K a pou plis enfòmasyon.

Evènman nan lavi, tankou achte yon kay, ale nan inivèsite oswa pèdi yon travay, ka fè ou kalifye pou sèten benefis enpo. Gen lòt sikonstans, tankou marye oswa divòse, akeyi yon timoun oswa lanmò yon mari oswa madanm oswa yon moun ou reklame sou kont ou, kapab afekte tou kalifikasyon ou pou benefis enpo ak sitiyasyon deklarasyon w. Chanjman sa yo ka vle di ou kalifye pou kredi enpo tankou Kredi Edikasyon (an anglè),  Kredi Enpo pou Timoun (CTC)Kredi Enpo pou Revni w Touche (EITC)Kredi pou Swen Timoun ak Moun ki Sou Kont Ou (ananglè) ak Kredi pou Lòt Moun ki Sou Kont Ou (ODC) (ananglè).

  • Pou ane 2025 la, CTC a vo jiska $2 200 pou chak timoun ki kalifye. Yon timoun dwe gen mwens pase 17 lane nan fen ane 2025 la pou l kalifye epi pou l satisfè lòt règ kalifikasyon yo.
  • Pou ane 2025 la, kontribyab ki kalifye pou EITC ki pa gen timoun ki kalifye yo ka resevwa jiska $649.
  • Si depandan ou a gen 17 lane oswa plis nan fen 2025 la, li ka kalifye pou ODC a.

Pou Kredi pou Swen Timoun ak Depandan ki Sou Kont Ou, kontribyab yo ka resevwa jiska 35% nan depans travay yo. Vizite Kredi ak Dediksyon (an anglè) pou plis detay.

Kredi ak dediksyon ki gen rapò ak enèji k ap ekspire

“Gwo, Bèl, Lwa a" (One, Big, Beautiful) te akselere revokasyon plizyè dispozisyon kredi (an anglè) ak dediksyon enèji. Fèy Enfòmasyon 2025-05 la (an anglè) gen enfòmasyon sou ki kredi ak dediksyon enèji k ap ekspire anba OBBB a ak nouvo dat revokasyon yo. Enfòmasyon an bay konsèy jeneral pou kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo yo. Vizite paj dispozisyon "Gwo, Bèl, Lwa a” ( One, Big, Beautiful Bill) (an anglè) pou dènye enfòmasyon yo.

Anpil faktè diferan ka afekte delè ranbousman w lan apre nou fin resevwa deklarasyon w lan. Malgre ke IRS bay pifò ranbousman nan mwens pase 21 jou, IRS avèti kontribyab yo pou yo pa konte sou resevwa yon ranbousman nan yon sèten dat, sitou lè y ap fè gwo acha oswa peye bòdwo.

Vòl idantite ak fwòd ranbousman. Gen kèk deklarasyon ki ka mande plis revizyon epi ki ka pran plis tan pou trete yo. IRS, ansanm ak patnè li yo nan sektè enpo a, kontinye ranfòse revizyon sekirite pou ede pwoteje kont vòl idantite ak fwòd ranbousman.

Jere atant ranbousman yo. Si ou te reklame Kredi Enpo sou Revni Travay (EITC) oswa Kredi Enpo pou Timoun Anplis (ACTC) , IRS pa ka bay ranbousman sa yo anvan mitan mwa fevriye a. Sa aplike pou tout ranbousman an, menm pòsyon ki pa asosye avèk kredi sa yo. Tcheke Kote Ranbousman Mwen an ye nan mitan oswa fen mwa fevriye a pou dat ranbousman pèsonalize ou a.

Modènizasyon peman . An akò avèk Dekrè Egzekitif 14247 la (an anglè), IRS te kòmanse elimine chèk ranbousman enpo sou papye yo piti piti (an anglè) nan dat 30 septanm 2025. Pou ane fiskal 2025 la, IRS ap mande enfòmasyon bankè sou tout deklarasyon enpo yo lè yo ranpli pou ranbousman atravè depo dirèk oswa transfè lajan elektwonik. Pou peman oswa vèsman ki gen rapò ak frè, amann ak enpo bay IRS, opsyon peman sou entènèt yo se metòd ki pi prefere.

Deklarasyon ki mande revizyon manyèl. Gen kèk deklarasyon, ki ranpli elektwonikman oswa sou papye, ki ka bezwen revizyon manyèl, sa ki ka retade pwosesis la si sistèm nou yo detekte yon posib erè, si deklarasyon an manke enfòmasyon, oswa si gen sispèk vòl idantite oubyen fwod. Gen kèk nan sitiyasyon sa yo ki mande pou nou kominike ak kontribyab yo, men gen lòt ki pa fè sa. Travay sa a mande yon tretman espesyal nan men yon anplwaye IRS, kidonk, nan ka sa yo, IRS ka pran plis pase 21 jou pou l bay nenpòt ranbousman ki gen rapò. Nan ka kote IRS ka korije deklarasyon an san l pa kominike, IRS ap voye yon eksplikasyon bay kontribyab la.

Konsidere ajiste prelèvman ou si ou te dwe enpo oswa ou te resevwa yon gwo ranbousman lè ou te ranpli deklarasyon an. Chanje prelèvman ou ka ede w evite yon bòdwo enpo oswa pèmèt ou kenbe plis lajan jou peman yo . Montan kredi yo ka chanje chak ane, kidonk vizite IRS.gov epi sèvi ak Asistan Enpo Entèaktif la (an anglè) pou idantifye si ou kalifye pou nenpòt kredi enpo ki ka mande yon ajisteman prelèvman. Chanjman nan lavi - marye oswa divòse, akeyi yon timoun, oswa pran yon dezyèm travay - kapab lakòz tou yon bezwen pou mete ajou prelèvman w.

Sèvi ak  Estimatè Prelèvman Enpo pou ede w detèmine bon kantite enpo pou yo retire nan chèk ou. Zouti sa a sou IRS.gov ap ede w detèmine si w bezwen ajiste prelèvman w lan epi soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè w la.

Konsidere peman enpo estime yo . Si ou resevwa yon gwo kantite revni ki pa soti nan salè tankou revni travay endepandan, revni envestisman, benefis Sekirite Sosyal ki taksab epi nan kèk ka, revni pansyon ak anuite, ou ta dwe fè peman enpo estime chak twa (3) mwa. Pou rezon estimasyon enpo, ane a divize an kat peryòd peman, epi dènye peman an dwe fèt nan mitan mwa janvye.

Konekte nan kont sou entènèt ou pou fè yon peman sou entènèt oubyen ale sou IRS.gov/payments.

Etap ou ka suiv kounye a pou w rann li pi fasil pou w deklare enpo

  • Sèvi ak kont IRS endividyèl ou sou entènèt poujwenn aksè an sekirite a dènye enfòmasyon ki disponib sou kont enpo federal ou a. Avèk yon kont sou entènèt ou kapab: Gade oswa telechaje detay enpòtan nan deklarasyon enpo ou te depoze nan senk (5) dènye ane yo, tankou revni brit ajiste ou.
  • Mande yon PIN Pwoteksyon Idantite lè w sèvi avèk telefòn entelijan oswa tablèt ou.
  • Gade dokiman deklarasyon enfòmasyon ki disponib yo, tankou Fòm W-2 ak sèten Fòm 1099 yo.
  • Resevwa epi gade avi dijital IRS yo.
  • Gade enpo w dwe yo ak peman ou fè yo.
  • Fè oswa pwograme peman epi aplike pou oswa modifye plan peman yo.
  • Apwouve pouvwa avoka oswa otorizasyon enfòmasyon enpo elektwonikman nan men pwofesyonèl enpo ou a.
  • Jere fason w ta vle kominike yo avèk IRS.
  • Gade estati ranbousman w la pandan y ap trete l.

Lè dosye fiskal ou yo òganize, sa pèmèt ou prepare yon deklarasyon enpo ki konplè e ki kòrèk pi fasil. Sa ap ede w evite erè ki ka ralanti ranbousman ou an epi sa ka ede ou jwenn tou, dediksyon oubyen kredi yo te neglije yo.

Tann pou ou deklare jiskaske ou genyen nan dosye fiskal ou yo:

Fè IRS la konnen si adrès ou chanje (an anglè) epi fè Administrasyon Sekirite Sosyal (an anglè) la konnen lè genyen chanjman nan yon non legal.

Sonje sa, pifò revni enpozab (an anglè). Sa a gen ladan l:

Yon ITIN bezwen renouvle sèlman si li te ekspire ak si yo bezwen li sou yon deklarasyon enpo federal ameriken.

Si ITIN ou an pa t enkli nan yon deklarasyon enpo federal ameriken pou pi piti yon sèl fwa pou ane fiscal 2022, 2023 ak 2024, ITIN ou an ap ekspire 31 Desanm 2025.

IRS la trete demann yo nan lòd li te resevwa yo a. Aktyèlman. Nou apresye pasyans ou. W ap resevwa yon avi lè nou ba w ITIN nan oswa sin ou bezwen lòt enfòmasyon anplis.

Yon IP PIN se yon nimewo ki gen sis chif ki anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon enpo federal lè l sèvi avèk nimewo Sekirite Sosyal ou oswa Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab la. Li se yon zouti enpòtan anpil pou asire sekirite enfòmasyon pèsonèl ak finansye w.

IRS pral aksepte Fòm 1040, 1040- NR ak 1040-SS, menmsi yo te deja reklame yon depandan nan yon deklarasyon ki te deja ranpli, si kontribyab prensipal nan dezyèm deklarasyon an gen ladan l yon IP PIN ki valab. Sa a pral redwi tan pou ajans lan resevwa deklarasyon enpo epi akselere ranbousman enpo pou moun ki gen depandan yo lòt moun déjà rapòte.

Pi bon fason pou w enskri pou yon IP PIN se atravè Kont entènèt IRS ou. Si ou pa kapab kreye yon kont sou entènèt, gen metòd altènatif ki disponib, tankou otantifikasyon an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Gen plis enfòmasyon ki disponib sou fason pou w enskri nan Jwenn yon PIN pwoteksyon idantite (IP PIN).

Mwayen ki pi rapid pou ou resevwa ranbousman fiskal ou a se lè w deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk. Depo dirèk fè w resevwa ranbousman w lan pi rapid pase papye chèk. Konekte sou kont bankè anliy ou oswa kontakte bank ou an pou w kapab jwenn nimewo woutaj ak nimewo kont ou an.

Ou pa gen yon kont labank? Aprann kòman ou ka louvri yon kont nan yon bank ki Asire nan FDIC (an anglè) oswa atravè Zouti Lokalizasyon Koperativ Kredi Nasyonal la (an anglè).

Si ou se yon Veteran, gade Pwogram Sèvis Labank Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou aksè nan sèvis finans nan bank ki nan pwogram nan.

Kat debi prepeye oswa aplikasyon mobil yo ka aksepte depo dirèk ranbousman fiskal yo. Fòk yo genyen nimewo woutaj la ak nimewo kont lan asosye avèk yo k ap kapab rantre nan deklarasyon enpo ou. Verifye ansanm avèk founisè aplikasyon mobil la oswa enstitisyon finans lan pou w konfime ki nimewo pou w itilize.

Depo dirèk yo evite posibilite pou yon chèk ranbousman ta pèdi, pou yo ta vòlè li, oswa pou li ta retounen nan IRS kòm chèk ki pa livre.

Make resous IRS.gov yo ak zouti anliy yo

Fè yon kanpe sou IRS.gov, kote w ap jwenn zouti ki pou ede w jwenn enfòmasyon ou bezwen. Zouti yo fasil pou itilize e yo disponib tout 24è nan jounen an. Plizyè milyon moun sèvi avèk yo pou fè eklarasyon epi peye enpo, jwenn enfòmasyon sou kont yo ak jwenn repons ak kesyon sou enpo yo.

Itilize Free File IRS

Prèske tout moun ap ka fè deklarasyon yo anliy gratis sou IRS.gov oswa sou aplikasyon IRS2Go a. Pwogram IRS Free File la ki disponib sèlman sou IRS.gov la, ofri kontribyab kalifye yo pakage gwo mak lojisyèl pou preparasyon enpo pou itilize san lajan. Kèk nan pakage Deklarasyon Gratis yo ofri preparasyon deklarasyon enpo leta gratis tou. Lojisyèl la fè tout travay pou l jwenn dediksyon yo, kredi yo ak sa yo dispanse w yo.

Si ou konfòtab pou ou prepare pwòp dosye fiskal ou, ou ka sèvi avèk Fòm Free File yo (an anglè) kèlkeswa revni w.

Itilize MilTax si ou se yon manm nan fòs lame oswa yon veteran kalifye

Manm fòs lame yo ak veteran yo kapab pwofite lojisyèl deklarasyon enpo Military One Source ki rele MilTax (an anglè). Miltax se yon resous enpo gratis ki disponib, ki fèt epi ki ofri atravè Depatman Defans lan pou kominote militè a ki ka gen enplikasyon enpo espesyal, tankou deplwaman yo, peman konba ak fòmasyon, lojman ak lokasyon ak deklarasyon plizyè eta. Ou ka ranpli jiska twa (3) deklarasyon leta gratis lè w sèvi ak MilTax. Pa gen limit revni pou kontribyab ki kalifye yo itilize MilTax pou ranpli deklarasyon enpo federal ak leta yo elektwonikman.

Itilize zouti lokalizatè VITA a (an anglè)

Pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni IRS la (VITA) ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE) yo ofri preparasyon deklarasyon enpo bazik gratis pou patikilye ki kalifye yo. Zouti Lokalizatè VITA a mete ajou pandan tout sezon ranpli a pou  ede w lokalize sit VITA ki tou pre w la.

Jwenn yon pwofesyonèl enpo

Gen yon pakèt tip preparatè deklarasyon enpo, tankou ajan yo anwole, kontab piblik ki sètifye, avoka, ak kèk moun ki pa gen akreditasyon pwofesyonèl.

Preparatè yod we se moun ki gen kapasite pou byen prepare epi fè depo deklarasyon enpo yo yon fason ki kòrèk. Ou fè yo konfyans avèk enfòmasyon w genyen ki pi pèsonèl. Yo konn enfòmasyon konsènan  eta sivil ou, revni w, pitit ou ak nimewo sekirite sosyal ou – detay finansye lavi w.

Pifò preparate yo bay sèvis fiscal pwofesyonèl e eksepsyonèl. Sepandan, itilizasyon move preparate fè kontribyab yo soufri chak ane. Tcheke sijè konsèy sou fason pou w chwazi yon preparatè (an anglè) ak fason pou w evite preparatè deklarasyon enpo ki pa gen etik “fantom”.

Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Akreditasyon ak Seleksyon Kalifikasyon (an anglè) an kapab ede w jwenn preparatè nan zòn ou an ki gen akreditasyon pwofesyonèl IRS rekonèt, oswa ki gen yon Dosye Anyèl Pwogram Sezon Deklarasyon ki Acheve.

Itilize Asistan Entèraktiv pou Enpo a (ITA) (an anglè)

Sèvi avèk ITA a pou ou konnen si chanjman evennman vi a rann ou elijib pou kredi ou pa t kalifye pou yo nan pase. ITA a se yon zouti ki bay repons ak kesyon sou dwa fiskal yo. Li ka detèmine si gen enpo sou tèl tip revni, si ou elijib pou ou reklame yon seri kredi, oswa si ou kapab dedwi depans yo sou deklarasyon enpo ou. Li bay repons tou ak kesyon jeneral, tankou detèmine estati dosye w, si ou ka reklame depandan yo, oswa si ou dwe fè yon deklarasyon enpo.

Apre ou fin deklare, ale sou IRS.gov epi klike sou Ki Kote Ranbousman Mwen an ye? Estati ranbousman w ap disponib nan 24 è apre IRS la fin aksepte deklarasyon enpo ou te fè anliy lan. Zouti ki kote ranbousman mw an ye a fè mizajou yon fwa chak 24 è, dabitid nan lannwit, konsa w ap bezwen verifye yon sèl fwa nan jounen an.

Fè deklarasyon an anliy epi chwazi Depo Dirèk pou deklarasyon enpo w – se mwayen ki pi rapid e ki pi sekirize pou w resevwa kòb ou. Ou ka toujou chwazi depo dirèk, menm si ou fè deklarasyon enpo w sou papye.

Pa janm gen yon pi bon moman pou rantre nan pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni an ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE). Volontè VITA/TCE yo fè preparasyon pou deklarasyon enpo gratis pou kontribyab ki elijib yo. Avèk anpil moun ki vin ap eksperimante chanjman finansyè, vin gen plis bezwen volontè pou ede yo.

Volontè yo ka ede kontribyab yo ranpli deklarasyon yo nan telefòn, sou entènèt oswa an pèsòn. Avèk disponiblite vityèl ak orè fleksib yo, volontarya se yon bon opsyon pou sipòte kontribyab ki gen revni ki ba ak modere, devlope ladrès ki gen anpil valè epi fè yon enpak dirab.

Volontè yo ka chwazi nan plizyè wòl, tankou moun k ap prepare deklarasyon enpo, resepsyonis, entèprèt, eksetera. Pa gen okenn eksperyans ki nesesè epi yo ofri fòmasyon gratis sou entènèt bay tout volontè yo.

Vizite IRS.gov/volunteers pou aprann plis epi enskri. Apre ou fin enskri, w ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou ou jwenn yon oryantasyon a distans.

IRS ap travay pou pwoteje kontribyab yo pou yo pa viktim èd ak konplo. Fwòd enpo yo ap ogmante, e magouyè yo pral eseye twonpe w lè yo imite IRS la, bay move konsèy sou enpo ak lyen entènèt. Toujou tcheke si yon mesaj reyèl si w ap fè presyon sou ou pou lajan, enfòmasyon pèsonèl, finansye oswa anplwaye. Rete an sekirite epi pwoteje tèt ou.