Kesyon yo Poze Souvan sou Ranbousman Sezon Fiskal

Poukisa ranbousman mwen an diferan de montan ki sou deklarasyon enpo mwen te soumèt la? (mizajou 22 desanm 2023)

Tout oswa yon pati nan ranbousman w lan te kapab sèvi (konpansasyon) pou peye enpo federal ou te dwe yo, enpo leta sou revni, dèt konpansasyon pou chomaj leta, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou mari oswa madanm, oswa lòt dèt federal ki pa an rapò ak enpo, tankou prè etidyan yo. Pou ou konnen si ou ka benefisye yon konpansasyon oswa si ou gen kesyon konsènan yon konpansasyon, kontakte ajans ou gen dèt pou li a.

Sa ka rive nou chanje montan ranbousman w lan tou paske nou te fè chanjman nan deklarasyon enpo ou a. W ap resevwa yon avi ki eksplike ou chanjman yo. Kote Ranbousman Mwen an? ap endike yon konpansasyon ranbousman ak plizyè montan ranbousman diferan lè sa an rapò avèk chanjman ki fèt nan deklarasyon enpo ou a.

Sijè Fiskal 203, Konpansasyon Ranbousman pou Pansyon Alimantè pou Timoun yo pa Peye, Yon Seri Dèt Federal ak Leta, ak Dèt sou Konpansasyon pou Chomaj (an anglè) gen plis enfòmasyon sou konpansasyon ranbousman yo.

Ak ki vitès m ap resevwa ranbousman mwen an? (mizajou 22 desanm 2023)

Nou bay majorite ranbousman yo nan mwens pase 21 jou. Sepandan, si ou te deklare sou papye epi w ap tann yon ranbousman, sa ka pran kat (4) semèn oswa plis pou deklarasyon w lan trete. Kote Ranbousman Mwen an? gen tout dènye enfòmasyon disponib konsènan ranbousman w lan.

Mwen konte sou ranbousman mwen an pou yon bagay ki enpòtan. Èske mwen kapab espere resevwa li nan 21 jou?

Anpil faktè kapab afekte kantite tan sa ka pran pou w resevwa ranbousman w lan aprè nou fin resevwa deklarasyon w lan. Menm si nou bay majorite ranbousman yo nan mwens pase 21 jou, li posib pou ranbousman w lan pran plis tan. Epitou, sonje pou w pran an konsiderasyon kantite tan li ap pran pou enstitisyon finans ou an poste ranbousman w lan sou kont ou oswa pou w jwenn li pa lapòs.

Sa gen plis pase 21 jou depi IRS la te resevwa deklarasyon mwen an epi mwen pako resevwa ranbousman mwen an. Poukisa? (mizajou 19 janvye 2024)

Genyen deklarasyon enpo ki pran plis tan pou trete pase lòt pou anpil rezon, sitou lè yon deklarasyon:

  • Te soumèt pa lapòs
  • Gen erè oswa pa konplè
  • Bezwen plis revizyon an jeneral
  • Afekte pa vòl idantite oswa fwod
  • Bank lan te refere li bay IRS la akoz aktivite sispèk
  • Gen yon demann ki soumèt pou yon Kredi Enpo sou Revni ou Antre oswa yon Kredi Enpo pou Timoun Adisyonèl. Gade seksyon Kesyon ak Repons ki anba a.
  • Gen yon Fòm 8379, Alokasyon pou Konjwen ki domaje (an anglè)PDF, ki ka pran jiska 14 semèn pou trete

Pou dènye enfòmasyon sou tan pwosesis tretman IRS yo pran, gade paj Tablo Estati Tretman  (an anglè) nou an.

Nou ap kontakte w pa lapòs si nou bezwen plis enfòmasyon pou trete deklarasyon w lan. Si nou toujou ap trete deklarasyon w lan oswa korije yon erè, oswa ankete aktivite sispèk bank lan siyale, ni Kote Ranbousman Mwen an? oswa reprezantan nou yo pap kapab ba w dat espesifik ranbousman w lan pa telefòn. Tanpri tcheke Kote Ranbousman Mwen an? pou enfòmasyon ki ajou sou ranbousman w lan.

Si ou te fè reklamasyon yon Eleksyon Peman Opsyonèl (EPE), nou pa ka bay ranbousman ou anvan dat delè pou deklarasyon enpo ou. Sa a aplike a tout ranbousman an, menm pòsyon ki pa asosye ak EPE a. Pou plis enfòmasyon, gade Kredi Enèji pou Veyikil Pwòp (an anglè).

Mwen te fè demann pou Kredi Enpo sou Revni ou Antre (EITC) oswa Kredi Enpo pou Timoun Adisyonèl (ACTC) sou deklarasyon enpo mwen an. Kilè mwen ka espere ranbousman mwen an? (mizajou 22 desanm 2023)

Dapre Lwa pou Pwoteksyon Ameriken kont Ogmantasyon Enpo (PATH), IRS la pa kapab bay ranbousman EITC ak ACTC anvan mitan mwa fevriye. IRS la ap atann pifò ranbousman ki gen rapò ak EITC/ACTC pou yo disponib sou kont bankè kontribyab yo oswa sou kat debi yo nan zòn 28 fevriye, si yo te chwazi depo dirèk epi si pa gen okenn lòt pwoblèm ak deklarasyon enpo yo a. Sepandan, gen kèk kontribyab ki ka wè ranbousman yo a kèk jou anvan sa. Tcheke kote Ranbousman Mwen an pou dat pèsonèl ranbousman w lan.

Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov ak aplikasyon mobil IRS2Go a rete pi bon mwayen pou tcheke estati yon ranbousman, epi y ap ajou ak dat depo ki pwojte pou majorite moun ki fè demann ranbousman EITC/ACTC yo apati 17 fevriye.

Kilè mwen ta dwe rele w konsènan estati ranbousman mwen an? (mizajou 22 desanm 2023)

Rele nou pou estati ranbousman w lan sèlman si Kote Ranbousman Mwen an? rekòmande w pou w kontakte nou.

Ki enfòmasyon Kote Ranbousman Mwen an? genyen?

Estati ranbousman nan ane fiskal ou chwazi a.

Èske liy asistans telefonik pou ranbousman yo gen menm enfòmasyon ak sit entènèt Kote Ranbousman Mwen an? oswa aplikasyon mobil IRS2Go a? (mizajou 22 desanm 2023)

Liy asistans pou ranbousman otomatik nou an, 800-829-1954, pap kapab ba w estati ranbousman w lan pou okenn ane ki pa ane fiskal 2023 a.

Poukisa mwen pa arive pase sistèm verifikasyon sou liy asistans ranbousman an pou yon ranbousman ane anvan? (mizajou 22 desanm 2023)

Si w ap rele konsènan yon ranbousman ane anvan an, nou pa p kapab ede w sou liy sa a, menm si zouti anliy Kote Ranbousman Mwen an? te rekòmande w pou w rele nimewo sa a. Tanpri vizite Kote Ranbousman Mwen an? pou tout mizajou sou ranbousman pou ane fiskal 2022 oswa 2021 ou an, paske se sèl sous otomatik pou resevwa enfòmasyon resan pou ane anvan yo. Nou eskize nou pou tout deranjman.

Kilè mwen ka kòmanse tcheke Kote Ranbousman Mwen an? pou estati ranbousman mwen an? (mizajou 22 desanm 2023)

  • 24 è apre w fin fè yon deklarasyon pa vwa elektwonik pou ane fiskal 2023 an
  • 3 oswa 4 jou apre ou fin fè pa vwa elektwonik yon deklarasyon pou ane fiskal 2021 oswa 2022
  • 4 semèn apre w fin poste yon deklarasyon sou papye

Èske Kote Ranbousman Mwen an? ap montre m kilè m ap resevwa ranbousman mwen an?

Kote Ranbousman Mwen an? ap ba ou yon dat pèsonèl apre nou fin trete deklarasyon w lan epi apwouve ranbousman w lan.

Mwen se yon etranje ki pa gen rezidans. Mwen pa genyen pou mwen peye enpo sou revni federal yo. Kòman mwen kapab fè demann pou on ranbousman pou enpo federal yo kenbe sou revni ki soti nan yon sous Etazini? Kilè mwen ka espere resevwa ranbousman mwen an? (mizajou 16 Me 2023)

Pou fè demann yon ranbousman enpo federal yo kenbe sou revni ki soti nan yon sous Etazini, yon etranje ki pa gen rezidans dwe rapòte revni ki apwopriye ak montan yo kenbe a sou Fòm 1040-NR, Deklarasyon Enpo sou Revni Etranje ki pa gen Rezidans Etazini (an anglè)PDF. Ou dwe mete dokiman ki pwouve tout revni ak montan yo kenbe yo lè w'ap soumèt Fòm 1040NR la. Tanpri aksepte jiska 6 mwa apati dat ou te soumèt 1040NR la pou ranbousman w lan.

Kijan m ap konnen w ap trete deklarasyon enpo mwen an?

Kote Ranbousman Mwen an? gen kontwòl deklarasyon enpo w la depi nou resevwa l jiskaske nou fin trete li. Li ap di w kilè deklarasyon w lan nan estati resepsyon epi si ranbousman w lan nan estati apwouve oswa voye ale.

Kisa k ap pase lè Kote Ranbousman Mwen an? montre yo resevwa deklarasyon enpo mwen an?

Nou genyen deklarasyon enpo w la epi n ap trete l.

Kisa k ap pase lè Kote Ranbousman Mwen an? montre estati ranbousman mwen an apwouve? (mizajou 16 Me 2023)

Nou apwouve ranbousman w lan. N'ap prepare pou nou voye ranbousman w lan nan bank ou an oswa dirèkteman ba ou pa lapòs. Estati sa ap di w kilè n'ap voye ranbousman an nan bank ou an (si w te seleksyone opsyon depo dirèk la). Tanpri ret tann 5 jou apre nou fin voye ranbousman an pou w tcheke kont labank ou pou konfime siw resevwa ranbousman w lan, paske bank yo varye nan fason ak kilè yo depoze fon yo. (Sa ka pran kat semèn anvan w resevwa yon chèk ranbousman bwat imèl lapòs ou.)

Konbyen tan estati mwen an ap pran pou l soti nan etap yo resevwa deklarasyon mwen an pou l pase nan ranbousman apwouve? (mizajou 16 Me 2023)

Tan yo pran pou tretman yo varye selon enfòmasyon ou te soumèt nan deklarasyon enpo ou a, men pifò deklarasyon yo soti nan yo resevwa ranbousman an pou yo pase nan ranbousman apwouve apre kèk jou sèlman.

Èske Kote Ranbousman Mwen an? toujou afiche estati ranbousman mwen an pandan li ap montre tout etap yo ki se: lè yo resevwa deklarasyon an, lè yo apwouve ranbousman ak lè yo voye ranbousman an ale?

Non, se pa tout lè. Si nou toujou ap trete deklarasyon w lan, li ka montre enstriksyon yo oswa yon eksplikasyon sou sa n'ap fè. Endikatè ranbousman an ka rete san afiche jiskaske etid n'ap fè sou enpo w la fini.

Èske Kote Ranbousman Mwen an? gen mizajou souvan?

Yon fwa pa jou, dabitid lannwit. Ou pa bezwen ap verifye toutan.

Èske Kote Ranbousman Mwen an? ap ban mwen estati deklarasyon amande mwen an? 

Non. Ou ka vizite aplikasyon Kote Deklarasyon Amande Mwen an? pou jwenn enfòmasyon konsènan deklarasyon enpo amande w yo.

Mwen te mande yon ranbousman an depo dirèk. Poukisa ou voye li ban mwen pa lapòs an chèk? (mizajou 16 Me 2023)

Gen plizyè rezon:

  • Nou ka sèlman fè depo ranbousman elektwonikman sou kont ki sou non pa ou yo, non konjwen ou oswa sou yon kont nou genyen ansanm.
  • Yon enstitisyon finans ka rejte yon depo dirèk.
  • Nou pa ka depoze plis pase twa (3) ranbousman elektwonik sou yon sèl kont finans.

Kisa mwen ta dwe fè lè ranbousman mwen resevwa a pa soti nan kont fiskal mwen an?

Tanpri pa chanje chèk ranbousman an oswa depanse ranbousman depo dirèk la. Voye ranbousman an tounen ba nou. Sijè enpo 161, Retounen yon ranbousman ki fèt pa erè – Chèk oswa depo dirèk (an anglè) gen plis enfòmasyon sou sa pou w fè.