Pa pèdi ranbousman w lan paske w pa ranpli

Sa pou w fè si ou pat soumèt deklarasyon taks ou (an anglè)

Anpil moun ka pèdi sou yon ranbousman taks tou senpleman paske yo pa t ranpli yon deklarasyon taks sou revni federal. Dapre lalwa, yo genyen sèlman yon fenèt twa (3) lane apati premye dat limit la, nòmalman se dat limit avril la, pou yo reklame ranbousman yo a.

Kèk moun ka chwazi pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat rantre lajan pou yo ekzije yo deklare (an anglè). Jeneralman, yo pap resevwa yon penalite si yo dwe yo yon ranbousman. Men yo ka rate ranbousman.

Men kèk sitiyasyon kote yon moun ka pa gen ekzijans pou li fè yon deklarasyon taks, epi li ka toujou kalifye pou yon ranbousman:

  • Genyen prelèvman taks sou revni federal

    Eksè prelèvman taks sèlman retounen sou fòm yon ranbousman lè ou fè yon deklarasyon taks. Sa kapab afekte etidyan yo ak travayè a tan pasyèl yo kote prelèvman taks sou sale yo fèt nan yon to ki twò wo.
  • Fè pèman taks estime

    Pèsonaj ak retrete ki fè pèman taks estime oswa ki genyen prelèvman ki fèt sou lajan retrèt yo ak debousman Sekirite Sosyal yok a kalifye tou pou yon ranbousman.
  • Kalifye pou reklame ak resevwa kredi taks ranbousab yo

    Pandan majorite kredi taks kapab sèvi pou redui taks ou dwe, genyen ladan yo ki pèmèt ou resevwa depase kantite lajan ou dwe. Ekzanp ki pi komen nan kredi ranbousab sa yo se Kredi Taks sou Revni ki Antre a ak Kredi Taks pou Timoun (an anglè) nan. Kontribyab yo souvan rate avantaj kredi ranbousab sa yo.

Kontribyab kapab jwenn fòm fiskal pou ane ki ankou a ak ane pase a ak enstriksyon yo paj Fòm ak Piblikasyon (an anglè) IRS.gov la.

Kontribyab ki pa ranpli Fòm W-2, 1098, 1099 oswa 5498 ta dwe mande kopi yo nan men anplwayè yo, bank oswa nenpòt moun k ap peye yo.

Kontribyab ki pa kapab jwenn fòm ki manke yo nan men anplwayè yo oswa lòt moun ki ka peye ka jwenn aksè nan dosye fiskal yo, tankou transkripsyon deklarasyon taks ane pase yo, enfòmasyon sou kont fiskal yo, deklarasyon sale ak revni, ak verifikasyon lèt non-deklaran yo pandan y ap:

Kèk kontribyab ka anmezi pou yo jwenn èd fiskal gratis nan men volontè yo pou yo prepare ak depoze deklarasyon taks yo, ansanm avèk deklarasyon taks ane pase yo tou.

Yon lòt fwa ankò, nan ka kote yon deklarasyon taks sou revni federal pat fèt, lalwa bay majorite kontribyab yo yon espas opòtinite twa (3) lane pou yo reklame yon ranbousman taks. Si yo pa fè yon deklarasyon taks nan twa lane yo, lajan an ap vin pwopriyete Trezò Ameriken.

Lwa a ekzije pou kontribyab yo byen mete adrès la, byen poste, epi rasire yo deklarasyon taks genyen tenb lapòs la sou li anvan dat limit avril la.

Èske w ap chèche bon epay ki ekspire?

Vizite Lachas Trezò - Treasury Hunt (an anglè) pou gade si w gen lajan ki disponib pou ou.