1ye Avril 2026
Si ou te finalize yon adopsyon an 2025 oswa ou te kòmanse yon pwosesis adopsyon, ou ka kalifye pou Kredi pou Adopsyon. Kantite maksimòm nan, pou ane sa a, se $17 280 pou chak timoun ki kalifye. Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo (an anglè) te fè kèk chanjman enpòtan nan kredi valab sa a.
Kredi sa a kounye a ranbousab an pati jiska $5 000 pou chak timoun ki kalifye. Sepandan, nenpòt kantite lajan ki pa ranbousab yo pote pou pi devan pa ka itilize pou kalkile yon pati ranbousab pou ane enpo alavni yo.
Gouvènman tribi Endyen yo kounye a gen otorite pou detèmine si yon timoun gen bezwen espesyal pou rezon reklamasyon Kredi pou Adopsyon. Si ou adopte yon timoun Etazini ki kalifye epi ki gen bezwen espesyal, ou ka anmezi pou reklame kredi a menm si ou pa t peye okenn depans adopsyon ki kalifye.
Pou plis detay, gade konsèy enpo sa a (an anglè).