Konsèy sou Enpo 2026-65, 26 Out 2026
Kontribyab yo ka bezwen jwenn aksè nan dosye enpo yo oswa transkripsyon enpo yo pou anpil rezon diferan. Yo ka bezwen yo pou ranpli yon deklarasyon enpo, aplike pou yon ipotèk oswa yon prè, pou site kèk rezon.
Gen plizyè diferan kalite transkripsyon enpo ki disponib pou kontribyab yo gratis (an anglè). Men sa ki disponib, kisa yo ye ak kijan yo ka jwenn yo.
Ki diferan kalite transkripsyon yo?
- Transkripsyon deklarasyon enpo yo montre pifò liy ki soti nan deklarasyon enpo orijinal kontribyab la nan seri Fòm 1040, ansanm ak nenpòt fòm ak barèm, men li pa montre okenn chanjman ki fèt apre yo te soumèt deklarasyon orijinal la. Li disponib pou ane enpo aktyèl la ak twa ane anvan yo, epi yo itilize li souvan pou evènman nan lavi tankou ipotèk oswa èd finansye.
- Transkripsyon kont enpo yo montre enfòmasyon debaz tankou estati deklarasyon an, revni enpozab, ak kalite peman yo. Kontrèman ak transkripsyon deklarasyon enpo a, transkripsyon sa a ap montre chanjman ki fèt apre yo te soumèt deklarasyon orijinal la, epi anjeneral li disponib pou ane enpo aktyèl la ak nèf ane anvan yo.
- Transkripsyon dosye kont yo konbine transkripsyon deklarasyon enpo a ak transkripsyon kont enpo a ki endike anwo yo nan yon sèl transkripsyon konplè. Transkripsyon sa a disponib pou ane enpo aktyèl la ak twa ane anvan yo.
- Transkripsyon salè ak revni yo montre done ki soti nan deklarasyon enfòmasyon nou resevwa, tankou Fòm W-2, 1098, 1099, ak 5498. Transkripsyon an ap montre sèlman dokiman deklarasyon enfòmasyon yo ki te soumèt bay IRS, sa ki ka pa reprezante tout dokiman deklarasyon enfòmasyon yo te bay kontribyab la. Transkripsyon sa a disponib pou ane enpo aktyèl la ak nèf ane anvan yo.
- Lèt verifikasyon pou moun ki pa t soumèt deklarasyon fè konnen IRS pa gen okenn dosye ki montre yo te trete yon deklarasyon enpo nan seri Fòm 1040 apati dat demann lan. Li pa endike si kontribyab la te oblije soumèt yon deklarasyon pou ane sa a. Lèt sa a disponib apre 15 jen pou ane enpo aktyèl la oswa nenpòt lè pou twa ane anvan yo.
Fason pou jwenn Transkripsyon yo
- Enskri pou itilize Kont Endividyèl Anliy pou gade, enprime oswa telechaje tout kalite transkripsyon ki endike anwo yo.
- Komande yon transkripsyon pa lapòs oswa rele sèvis telefòn otomatik pou transkripsyon an nan 800-908-9946. Anjeneral, sa pran ant 5 ak 10 jou kalandriye pou livrezon.
- Mande nenpòt transkripsyon ki endike anwo yo a lè ou soumèt Fòm 4506-T, Demann pou Transkripsyon Deklarasyon Enpo (an anglè).
Yon transkripsyon se pa yon fotokopi deklarasyon aktyèl yon kontribyab. Si yo bezwen yon kopi deklarasyon orijinal la, yo ka soumèt Fòm 4506, Demann pou Kopi Deklarasyon Enpo (an anglè). Gade fòm nan pou tan tretman an ak frè yo.