Nimewo Idantifikasyon pou Kontribyab TIN

Yon Nimewo Idantifikasyon pou Kontribyab (TIN) se yon nimewo idantifikasyon ke Sèvis Revni Entèn (Internal Revenue Services, IRS) itilize pou l administre lalwa sou taks. Swa biwo Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) oswa IRS bay li. Se SSA ki bay nimewo Sekirite Sosyal (SSN) alòske se IRS ki bay tout lòt TIN yo.

Nimewo Idantifikasyon pou Kontribyab

  • Nimewo Sekirite Sosyal "SSN"
  • Nimewo Idantifikasyon Anplwayè "EIN"
  • Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl "ITIN"
  • Nimewo Idantifikasyon pou Kontribyab kap Tann Adopsyon Ozetazini "ATIN"
  • Nimewo Idantifikasyon Fiskal moun k ap prepare taks pou kontribyab "PTIN"

Èske m bezwen youn?

Se pou bay TIN la lè w ap soumèt deklarasyon taks ou, lè w ap voye etadkont ak lòt dokiman ki gen rapò ak taks. Paregzanp, se pou soumèt yon nimewo:

  • Lè w ap soumèt deklarasyon taks.
  • Lè w ap reklame benefis ki baze sou trete.

Se pou gen yon TIN sou yon sètifika prelèvman si moun k ap benefisye l la ap reklame youn nan bagay ki annapre yo:

  • Benefis ki baze sou trete fiskal (apade revni ki soti nan tit negosyab)
  • Egzansyon pou revni ki efektivman lye
  • Egzansyon pou sèten rant anyèl

Kisa pou m fè pou m jwenn yon TIN?

SSN

Wap gen pou ranpli Fòm SS-5, Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal (an anglè)PDF. Epitou w fèt pou soumèt prèv ki montre idantite w, laj ou ak sitwayènte amerikèn ou oswa prèv ou se yon rezidan legal. Pou plis enfòmasyon, tanpri gade nan sitwèb Biwo Administrasyon Sekirite Sosyal (an anglè) la.

Ou ka rele nan 800-772-1213 oswa ale nan biwo Sekirite Sosyal lokal la pou jwenn yon Fòm SS-5. Sèvis sa yo gratis.

EIN (Nimewo Idantifikasyon Anplwayè)

Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) gen yon lòt non, yo konn rele l nimewo idantifikasyon fiskal federal, e yo itilize l pou idantifye yon biznis. Epitou gen patrimwàn ak twòs ki gen revni ke yo oblije deklare ki itilize Fòm 1041, Deklarasyon sou Revni Etazini pou Patrimwàn ak Twòs (an anglè) . Gade nan Nimewo Idantifikasyon Anplwayè pou plis enfòmasyon.

Fòm ki annapre a, se sèlman biznis ki Puerto Rico ki itilize l, Demann Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) SS-4PR (an espanyòl)PDF .

ITIN

Yon ITIN oswa Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl, se yon nimewo tretman taks yo bay sèten moun ki pa rezidan ak sèten etranje rezidan, madanm/mari yo, ak depandan yo ki pa ka gen yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN). Se yon nimewo ki gen 9 chif, ki kòmanse pa "9", ki make tankou yon SSN (NNN-NN-NNNN).

Pou ka jwenn yon ITIN, ou fèt pou ranpli yon fòm IRS ki se Fòm W-7, Aplikasyon IRS pou Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl. Fòm W-7 la mande pou soumèt dokiman ki pwouve moun nan se etranje e ki pwouve vre idantite chak moun. Ou ka swa poste dokiman an, ansanm ak Fòm W-7 la, nan adrès ki make nan ensktriksyon pou ranpli Fòm W-7 la, ale nan yon biwo IRS pou remèt li, oswa ranpli aplikasyon w lan nan yon Ajan Akseptans (an anglè) ki se yon ajan IRS otorize. Fòm W-7 (SP), Demann Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Kontribyab la nan Sèvis Revni Entèn nan (an espanyòl) disponib pou moun ki pale panyòl.

Ajan Akseptans yo se antite (tankou kolèj, enstitisyon finansyè, kabinè kontab, elatriye) IRS bay otorizasyon pou ede nenpòt aplikan jwenn yon ITIN. Lè konsa yo revize dokiman aplikan an epi kou yo fin ranpli Fòm W-7 la, yo transfere l bay IRS pou tretman.

NOTE: Ou pa ka itilize yon ITIN pou resevwa kredi sou revni.

Etranje yo fèt pou aplike pou yon nimewo sekirite sosyal (SSN, si yo ba yo pèmisyon) sou Fòm SS-5. Se pou yo aplike nan biwo Administrasyon Sekirite Sosyal, oswa se pou yo aplike pou yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (ITIN) sou Fòm W-7. Apati moman sa a menm, chak moun ki aplike pou yon ITIN kounyeya fèt pou:

  • Itilize Fòm W-7 yo revize a, Aplikasyon pou yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl nan IRS; epi
  • Voye yon deklarasyon taks sou revni federal avèk Fòm W-7 la.

Aplikan ki satisfè youn nan eksepsyon yo mande pou soumèt deklarasyon sou revni an (gade Enstriksyon pou Fòm W-7 ) fèt pou soumèt dokiman pou sipòte eksepsyon an.

Yo te prezante nouvo règleman pou W-7/ITIN nan dat 17 desanm 2003. Pou ka gen yon rezime sou règleman sa yo, gade nouvo Fòm W-7 la ak enstriksyon li yo.

Pou plis enfòmasyon an detay sou ITIN, gade nan:

ATIN

Yon Nimewo Idantifkasyon Kontribyab pou Adopsyon (ATIN) (an anglè) se yon nimewo 9 chif tanporè IRS bay moun k ap adopte legalman yon sitwatyen Ameriken oswa yon timoun ki se yon rezidan men yo pa ka pran yon nimewo sekirite sosyal (SSN) pou timoun nan lè y ap soumèt deklarasyon pou taks yo.

Fòm W-7A, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon pou Kontribyab pou Ka Adopsyon Annatant Ozetazini (an anglè), yo itilize l pou aplike pou yon ATIN. (NOTE: Pa itilize Fòm W-7A si timoun nan pa yon sitwayen ameriken ni yon rezidan.)

PTIN

Apati 1ye janvye 2011, si w se yon moun yo peye pou prepare deklarasyon taks, ou fèt pou itilize yon Nimewo Idantifikasyon pou Moun k ap Prepare Taks (PTIN) sou deklarasyon sou revni ou prepare yo. Alèkile se pa yon opsyon ankò pou itilize PTIN. Si w pa gen yon PTIN, ou fèt pou pran youn atravè nouvo sistèm pou anrejistre nan IRS (an anglè). Menmsi w deja gen yon PTIN men w resevwa l avan 28 septanm 2010, ou dwe itilize nouvo sistèm nan pou aplike pou yon lòt PTIN oswa pou renouvle li. Si tout enfòmasyon idantifikasyon yo koresponn, yo ka ba w menm nimewo a. Ou fèt pou gen yon PTIN pou konpansasyon si w ap ranpli tout deklarasyon pou taks oswa pratikman tout deklarasyon pou taks federal oswa si w ap reklame yon ranbousman.

Si w pa vle aplike pou yon PTIN sou entènèt, itilize Fòm W-12, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Fiskal pou Moun yo peye pou Prepare Taks ak IRS (an anglè). Si w itilize aplikasyon sou papye a, l ap pran 4 a 6 semèn pou yo fè l.

Si w se yon etranje ki prepare taks epi w pa ka pran yon Nimewo Sekirite Sosyal, tanpri gade enstriksyon yo ki nan Nouvo Kondisyon pou Moun k ap Prepare Taks: Kesyon yo Poze Souvan (an anglè).

Moun ki se Etranje ak Nimewo Idantifikasyon IRS pou Anplwayè

Antite etranje ki pa moun (sètadi konpayi etranje, elatriye) ki oblije gen yon Nimewo Idantifikasyon Patwon federal (EIN) yon fason pou yo reklame yon egzanpsyon pou yo pa tire lajan taks sou yo poutèt yon trete taks ki egziste (ke yo reklame sou Fòm W-8BEN), fòk yo soumèt Fòm SS-4 Demann pou Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (an anglè) bay Sèvis Revni Entèn yon fason pou yo aplike pou EIN nan. Antite etranje sa yo k ap ranpli Fòm SS-4 nan objektif pou yo jwenn yon EIN yon fason pou yo reklame yon egzanpsyon e ki otreman pa gen okenn obligasyon pou soumèt yon deklarasyon enpo sou revni Ozetazini, deklarasyon taks pou travay, oswa  deklarasyon taks dasiz, fèt pou konfòme yo ak enstriksyon espesyal sa yo lè y ap ranpli Fòm SS-4. Lè y ap ranpli liy 7b nan Fòm SS-4 la, aplikan an fèt pou l ekri "N/A" nan espas ki mande mete yon SSN oswa yon ITIN, amwenske aplikan an gen yon SSN oswa yon ITIN deja. Lè aplikan an pral reponn kesyon 10 sou Fòm SS-4 la, li fèt pou tcheke espas "other (lòt)" a epi ekri oswa tape tousuit apre l youn nan fraz annapre yo selon sa ki apwopriye a:

"For W-8BEN Purposes Only"
"For Tax Treaty Purposes Only"
"Required under Reg. 1.1441-1(e)(4)(viii)"
"897(i) Election"

Si kesyon 11 jiska 17 nan Fòm SS-4 pa aplikab nan ka aplikan an poutèt li pa gen okenn kondisyon pou l suiv pou l deklare taks li, li fèt pou l ekri "N/A" pou kesyon sa yo. Si se yon antite (konpayi) etranje k ap ranpli Fòm SS-4 jan yo dekri l pi wo a, nan dosye IRS yo y ap mete ke antite etranje a pa gen okenn obligasyon pou l deklare taks Ozetazini. Sepandan, si IRS voye yon lèt bay antite etranje a pou mande l fè yon deklarasyon taks ameriken, antite etranje a fèt pou l reponn IRS imedyatman pou fè IRS konnen li pa gen obligasyon pou l fè okenn deklarasyon taks ameriken. Si antite etranje a pa voye yon lèt pou l reponn IRS, IRS ka fè yon pwosedi evalyasyon fiskal kont antite etranje a. Si annapre antite etranje a vin gen obligasyon pou l fè deklarasyon taks ameriken, antite etranje a pa ka aplike pou yon nouvo EIN, sepandan li fèt pou l itilize EIN li te itilize depi okòmansman pou tout deklarasyon taks ameriken l ap fè annapre.

Si yon antite etranje bezwen resevwa yon EIN san pèdi tan, annik rele 267-941-1099. Apèl sa a se pa yon apèl gratis.

Referans/Sijè Konèks