Tout kontribyab gen dwa pou konteste pozisyon IRS la epi yo dwe tande vwa yo

Konsèy sou Taks IRS 2021-129 1ye Septanm 2021

Kontribyab yo gen dwa pou yo konteste pozisyon IRS epi otorite yo dwe koute yo. Sa fè pati Deklarasyon Dwa Kontribyab yo, ki mete aksan sou dwa fondamantal chak kontribyab genyen lè yo ap travay ak IRS la.

Kontribyab yo gen dwa pou:

  • Konteste.
  • Founi dokimantasyon anplis pou reponn ak aksyon oubyen pwopozisyon fòmèl IRS yo.
  • Atann ke IRS la ap konsidere objeksyon yo nan bon moman.
  • Pouse IRS la konsidere tout pyès jistifikatif rapid epi nan bon jan mannyè.
  • Jwenn yon repons si IRS pa dakò ak posizyon pa yo a.

Men kèk bagay espesyal dwa sila bay kontribyab yo.

  • Nan yon seri ka, IRS la ap enfòme yon kontribyab ke deklarasyon taks li a gen yon erè matematik oubyen ekriti. Si sa rive, kontribyab la:
    • Gen 60 jou pou di IRS la yo pa dakò
    • Dwe founi kopi chak anrejistreman ki kapab pèmèt korije erè sila.
    • Kapab rele nimewo ki liste sou lèt oswa lwa pou moun ki bezwen asistans.
    • Ka atann ajans lan pral fè ajisteman nesesè sou kont yo epi voye yon koreksyon si IRS la kenbe pozisyon kontribyab la.
       
  • Men kisa ki pral pase si IRS la aksepte pozisyon kontribyab la:
    • Ajans lan pral fè soti yon nòt ki pwopoze yon redrèsman fiskal. Sa se lèt ki vin nan kourye a.
    • Nòt sa bay kontribyab la dwa pou konteste sou yon baz legal redrèsman fiskal sila.
    • Kontribyab la fè kontestasyon sila lè l ranpli yon petisyon nan Lakou enpo Etazini. Jeneralman, kontribyab la dwe ranpli petisyon sila nan mwens pase 90 jou apati dat nòt la te soti a, oubyen 150 jou si li te adrese nan yon peyi etranje.
       
  • Kontribyab la dwe soumèt pyès ak kontestasyon pandan yon odit. Si IRS pa dakò ak pozisyon kontribyab la, ajans lan ap fè soti yon nòt kote l ap eksplike poukisa li ogmante taks la. Anvan pou peye taks la, kontribyab la pou lanse yon petisyon kont Lakou enpo Etazini pou konteste desizyon ajans lan.
     
  • Nan kèk sikonstans, IRS dwe bay kontribyab la yon opòtinite pou yon odit devan biwo rekou endepandan. Ajans lan dwe fè sa:
    • Anvan li pran mezi ranfòsman pou kolekte yon dèt fiskal. Aksyon sa yo gen ladan prelèvman taks sou kont labank kontribyab la. Touswit apre yo fin depoze yon avi ki gen pou wè ak privilèj fiskal federal nan lokal yon biwo ki apwopriye pou fè jesyon achiv federal. Si kontribyab la pa dakò ak desizyon Lakou dapèl la, yo ka lanse yon petisyon nan Lakou enpo Etazini.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)