Skip to main content

Egzanpsyon Otomatik pou Penalite: Kisa kontribyab yo ta dwe konnen

FS-2026-12, Jiyè 2026

IRS ap entwodui Egzanpsyon Otomatik pou Penalite, yo rele AEP, pou rekonèt kontribyab ki gen yon istwa konfòmite alè. AEP fèt pou ede kontribyab ki elijib yo, ki anjeneral respekte obligasyon yo pou ranpli deklarasyon, peye epi fè depo yo alè men ki gen yon pwoblèm konfòmite yon sèl fwa. 

AEP pa elimine penalite yo dapre lalwa. Kontribyab yo ta dwe kontinye ranpli deklarasyon obligatwa yo, peye enpo yo epi fè depo yo anvan dat limit la. 

Kijan AEP fonksyone

AEP anpeche yo enpoze sèten penalite pandan pwosesis deklarasyon orijinal la lè kontribyab la satisfè kondisyon elijiblite yo. Pa gen okenn aplikasyon, fòm oswa demann apa ki obligatwa.

AEP ka aplike pou sèten:

  • Penalite pou pa ranpli deklarasyon
  • Penalite pou pa peye
  • Penalite pou pa fè depo

Pou kalifye, kontribyab yo dwe satisfè kondisyon ki aplikab yo, tankou genyen twa ane anvan yo kote yo te respekte obligasyon yo alè.

Lè AEP aplike, IRS ap voye yon avi bay kontribyab la ki esplike penalite a pa t enpoze paske kontribyab la te respekte obligasyon li alè pandan twa ane anvan yo. 

Penalite yo toujou aplike

AEP sèlman anpeche yo enpoze sèten penalite. Kontribyab ki pa satisfè kondisyon elijiblite yo ka toujou resevwa penalite yo, tankou penalite pou pa ranpli deklarasyon, pou pa peye, ak pou pa fè depo.  

Anjeneral AEP ap aplike sèlman pou penalite ki endike anwo yo epi li pa aplike pou tout kalite penalite. Pa egzanp, AEP pa aplike pou:

  • Penalite pou reta chak jou
  • Penalite ki gen rapò ak presizyon
  • Penalite pou deklarasyon enfòmasyon 
  • Lòt penalite AEP pa kouvri

Kontribyab yo toujou responsab pou satisfè tout egzijans pou ranpli deklarasyon, peye, fè depo ak soumèt rapò. 

Kontribyab yo pa bezwen fè okenn aksyon

AEP ap aplike otomatikman pandan pwosesis deklarasyon orijinal la lè kontribyab la kalifye, 

paske AEP otomatik, kontribyab yo pa bezwen fè okenn aksyon pou resevwa soulajman sa a. Si yo elijib, IRS ap aplike AEP epi li ap voye yon avi bay kontribyab la pou konfime yo te akòde soulajman an.

AEP pa disponib pou tout moun ki ranpli deklarasyon an anreta

AEP limite a deklarasyon ki elijib yo. Yon kontribyab ki ranpli yon deklarasyon elijib anreta, peye anreta oswa fè depo anreta ap resevwa soulajman otomatikman sèlman lè tout kondisyon AEP yo satisfè. Kondisyon pou gen twa ane anvan yo (oswa 12 trimès youn apre lòt) kote obligasyon yo te respekte alè se yon pati enpòtan nan elijiblite a.

Tranzisyon Anilasyon pou Premye Fwa

Anilasyon pou Premye Fwa, oswa FTA, ap rete disponib pou sèten deklarasyon pandan tranzisyon pou ale nan AEP. 

FTA toujou aplike pou:

  • Deklarasyon ane fiskal 2024 ki elijib
  • Deklarasyon chak trimès 2025 ki elijib
  • Deklarasyon ane fiskal 2025 ki elijib epi yo trete anvan AEP kòmanse
  • Deklarasyon chak trimès 2026 ki elijib epi yo trete anvan AEP kòmanse

Sepandan, kontribyab yo ap bezwen kontakte IRS epi mande FTA pou deklarasyon sa yo, paske li pap aplike otomatikman. 

Pou deklarasyon orijinal ki gen dat limit 1ye Janvye 2027 oswa apre, FTA pap disponib ankò epi AEP ap ranplase li.

Lòt soulajman penalite ka disponib

Kontribyab yo ki pa kalifye pou AEP ka toujou gen lòt opsyon. Yo ka mande soulajman penalite ki baze sou yon kòz rezonab si yo kwè yo satisfè kondisyon yo. 

Kontribyab yo ka fè apèl tou kont yon desizyon defavorab sou soulajman penalite. 

Rapèl enpòtan

Kontribyab yo ta dwe kontinye ranpli deklarasyon yo epi peye alè. AEP pa elimine penalite yo, li pa aplike pou tout kontribyab, epi li pa aplike pou tout kalite penalite. 

AEP aplike otomatikman lè yon kontribyab kalifye, epi IRS ap fè kontribyab yo konnen lè yo pa enpoze yon penalite akoz yo te respekte obligasyon yo alè.