Pa okipe mit sou ranbousman enpo federal sa yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-38, 23 Mas 2023

Yon fwa moun yo fin ranpli epi fè deklarasyon enpo sou revni yo, anpil nan yo ap tann nenpòt ranbousman yo ka dwe yo. Kèlkeswa fason yon kontribyab planifye pou itilize ranbousman enpo yo, diferansye reyalite ak fiksyon ka ede jere atant yo pandan y ap tann lajan yo. Konsèy sa a retire kèk mit ranbousman enpo federal ke anpil moun kwè yo se verite, men yo se pi bon jan fiksyon.

Mit: Rele IRS la, yon founisè lojisyèl enpo oswa yon pwofesyonèl enpo ap bay yon dat ranbousman pi egzak

Anpil moun panse pale ak IRS la oswa founisè lojisyèl enpo yo oswa pwofesyonèl enpo yo se pi bon fason pou chèche konnen ki lè yo pral jwenn ranbousman yo. Pi bon fason pou tcheke estati yon ranbousman se atravè zouti Kote Ranbousman Mwen An? oswa aplikasyon IRS2Go a.

Kontribyab yo kapab rele liy dirèk ranbousman otomatik la tou nan 800-829-1954 pou jwenn estati ranbousman yo. Liy dirèk sa a gen menm enfòmasyon ak Kote Ranbousman Mwen An? Li pa nesesè pou rele IRS la sof si "Kote Ranbousman Mwen An?" di pou w fè sa.

Mit: Kote Ranbousman Mwen An? dwe fè erè paske pako gen dat depo

Anjeneral yo mete Kote Ranbousman Mwen An" ‎ak aplikasyon mobil IRS2Go yo ajou, yon fwa pa jou pandan lannwit lan. Menmsi IRS la bay pifò ranbousman yo nan 21 jou, li posib pou yon ranbousman ka pran plis tan. Si IRS la bezwen plis enfòmasyon pou trete yon deklarasyon, ajans lan pral kontakte kontribyab la pa lapòs. Kontribyab yo ta dwe konsidere tou kantite tan li pran pou bank yo kredite ranbousman an nan kont kontribyab la. Moun k ap tann yon ranbousman pa lapòs ta dwe planifye pou plis tan.

Mit: Kote Ranbousman Mwen An? dwe fè erè paske montan ranbousman an pi piti ke sa mwen te prevwa

Gen plizyè faktè (an anglè) ki ta ka lakòz yon ranbousman enpo pi piti pase sa w te espere. IRS la pral voye yon lèt eksplikasyon pa lapòs bay kontribyab la si li fè kèk ajisteman. Gen kèk kontribyab ki ka resevwa yon lèt tou nan men Biwo Sèvis Fiskal Depatman Trezò a si yo te redwi ranbousman yo a pou konpanse sèten obligasyon finansye. Anvan w rele, kontribyab yo ta dwe tcheke zouti Kote Ranbousman Mwen An? oswa tann lèt la pou konprann poukisa chanjman an te fèt. Sa ka ede kontribyab yo konnen kijan pou yo reponn/reyaji.

Mit: Lè w resevwa yon ranbousman ane sa a, sa vle di pa gen okenn nesesite pou ajiste prelèvman pou ane fiskal 2023 a

Pou evite yon sipriz ane pwochèn, kontribyab yo ta dwe fè chanjman kounye a. Youn nan fason yo fè sa, se ajiste prelèvman enpo yo ak anplwayè yo a. Zouti Estimatè Prelèvman Enpo a ka ede kontribyab yo detèmine si patwon yo ap prelve bon montan lajan an.

Yo ankouraje kontribyab ki fè esperyans yon evènman lavi tankou maryaj, divòs, oswa nesans oswa adopsyon yon timoun, oswa ki pa kapab reklame yon moun kòm yon depandan, tcheke prelèvman yo. Kontribyab yo ka sèvi ak rezilta Estimatè Prelèvman Enpo a pou ranpli yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye, epi soumèt li bay patwon yo osi vit posib. Prelèvman an ap fèt pandan tout ane a, kidonk li pi bon pou w pran etap sa a osi vit posib.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)