IRS anonse peryòd tranzisyon administratif pou nouvo egzijans ratrapaj Roth; yo toujou otorize kotizasyon ratrapaj yo apre 2023

IR-2023-155, 25 out 2023

WASHINGTON — Jodi a, Sèvis Revni Entèn nan te anonse yon peryòd tranzisyon administratif ki pwolonje jiska 2026 nouvo egzijans pou tout kotizasyon pou ratrapaj patisipan ki gen pi gwo revni yo fè nan 401(k) ak plan retrèt ki menm jan yo dwe konsidere tankou kotizasyon Roth apre enpo.

An menm tan, IRS la te klarifye tou ke patisipan nan plan yo ki gen laj 50 an oswa plis ka kontinye fè kotizasyon ratrapaj yo apre 2023, kèlkeswa revni yo.

Anons yo jodi a te enkli nan Avi 2023-62 (an anglè)PDF, ki afiche kounye a sou IRS.gov. Avi sa a bay premye konsèy pou seksyon 603 Lwa SECURE 2.0 a, ki te an vigè an Desanm 2022. Dapre dispozisyon sa a, apati 2024, nouvo règ kotizasyon pou ratrapaj Roth la aplike pou yon anplwaye ki ap patisipe nan yon plan 401(k), 403(b) oswa 457(b) gouvènman an epi ki gen salè Sekirite Sosyal li nan ane avan an ki te depase $145,000.

Peryòd tranzisyon administratif la pral ede kontribyab yo fè tranzisyon san pwoblèm nan nouvo egzijans pou ratrapaj Roth la epi li fèt pou fasilite yon tranzisyon òdone pou konfòmite avèk egzijans sa a. Avi a klarifye tou ke Lwa SECURE 2.0 a pa entèdi plan yo otorize kotizasyon ratrapaj, yon fason pou patisipan plan ki gen laj 50 an oswa plis yo ka toujou fè kotizasyon ratrapaj apre 2023.

Depatman Trezò a ak IRS la planifye pou yo bay konsèy nan lavni pou ede kontribyab yo, epi avi a dekri plizyè pozisyon ke yo prevwa enkli. Anplis de sa, avi a envite piblik la pou fè kòmantè sou zafè yo diskite nan avi a ak sijesyon pou lavni. Avi a bay detay sou fason pou soumèt kòmantè yo.