IRS: Kontribyab Georgia yo afekte pa Idalia kalifye pou alèjman fiskal; Dat limit 16 oktòb la, lòt dat yo ranvwaye pou 15 fevriye

IR-2023-168, 13 septanm 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan te anonse jodi a alèjman fiskal pou patikilye ak biznis ki afekte pa Idalia nan 28 nan 159 konte eta a nan Georgia. Kontribyab sa yo gen kounye a jiska 15 fevriye 2024 pou ranpli divès deklarasyon enpo federal pou patikilye ak biznis epi fè peman enpo yo. Sa a sanble ak alèjman yo te deja bay nan Florid ak Kawolin Disid.

IRS la ap ofri alèjman pou tout zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) deziyen. Kounye a, 28 konte nan Georgia kalifye: Appling, Atkinson, Bacon, Berrien, Brantley, Brooks, Bulloch, Camden, Candler, Charlton, Clinch, Kafe, Colquitt, Cook, Echols, Emanuel, Glynn, Jeff Davis, Jenkins, Lanier, Lowndes, Pierce, Screven, Tattnall, Thomas , Tift, Ware ak konte Wayne yo. Patikilye yo ak fanmi yo ki abite oswa ki gen yon biznis nan konte sa yo kalifye pou alèjman fiskal. Lis aktyèl ki gen zòn ki elijib yo toujou disponib sou paj asistans nan moman katastwòf la sou sit IRS.gov la.

Alèjman pou Deklarasyon ak Peman

Alèjman fiskal la ranvwaye plizyè dat limit pou deklarasyon enpo ak peman ki te fèt soti 30 out 2023 jiska 15 fevriye 2024 (peryòd ranvwa). Sa ki fè, patikilye ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 fevriye 2024 pou yo reyalize deklarasyon enpo yo epi peye tout enpo yo ta dwe peye pandan peryòd sa a.

Sa vle di, pa egzanp, dat limit 15 fevriye 2024 la ap aplike kounye a pou:

  • Patikilye yo ki te gen yon pwolongasyon valab pou ranpli deklarasyon 2022 yo akòz dat limit lan ki pou 16 oktòb 2023. Sepandan, IRS la sinyale sa, pwiske pèman enpo ki gen rapò ak deklarasyon enpo 2022 yo te sipoze fèt 18 avril 2023, pèman sa yo pa elijib pou alèjman sa a.
  • Peman enpo estime sou revni chak trimès ki dwe peye nòmalman nan dat 15 septanm 2023, ak 16 janvye 2024.
  • Pewòl chak trimès ak enpo endirèk ki dwe peye nòmalman nan dat 31 oktòb 2023, ak 31 janvye 2024.
  • Patenarya pou ane sivil ak sosyete S yo ki gen pwolongasyon 2022 yo ki fini nan dat 15 septanm 2023.
  • Sosyete pou ane sivil ki gen pwolongasyon 2022 yo ki fini nan dat 16 oktòb 2023.
  • Òganizasyon ak egzanpsyon fiskal pou ane sivil ki gen pwolongasyon yo ki ap fini nan dat 15 novanm 2023.

Anplis de sa, penalite pou pewòl ki pa fèt ak enpo endirèk yo ki te dwe peye nan oswa apre 30 out 2023, ak anvan 14 septanm 2023, pral diminye toutotan depo yo fèt anvan 14 septanm 2023.

Paj Asistans nan Katastwòf ak Alèjman an Ijans pou Patikilye yo ak Biznis yo (an anglè) gen detay sou lòt deklarasyon enpo yo, peman ak aksyon ki gen rapò ak enpo pou kapab kalifye padan peryòd ranvwa a.

IRS la bay alèjman otomatikman pou deklarasyon ak penalite tout kontribyab ki gen yon adrès anrejistreman IRS ki nan zòn katastwòf la. Kontribyab sa yo pa bezwen kontakte ajans lan pou resevwa alèjman sa a.

Li posib pou yon kontribyab ki afekte pa gen yon adrès dosye IRS ki sitiye nan zòn katastwòf la, pa egzanp, paske yo te demenaje ale nan zòn katastwòf la apre yo fin ranpli deklarasyon yo a. Nan kalite sikonstans inik sa yo, kontribyab ki afekte a ka resevwa yon avi sanksyon pou deklarasyon an reta oswa yon avi sanksyon pou pèman an reta nan men IRS la pou peryòd pwolongasyon an. Kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou l mande anile penalite a.

Anplis de sa, IRS la ap travay ak tout kontribyab k ap viv andeyò zòn katastwòf la, men ki gen dokiman y ap gen bezwen pou respekte dat limit lan k ap rive pandan peryòd pwolongasyon an nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an men k ap viv andeyò zòn katastwòf la ap bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa gen landann travayè k ap bay kout men nan aktivite alèjman yo ki afilye ak yon gouvènman ofisysèl oswa yon òganizasyon filantwòp.

Alèjman Fiskal Adisyonèl

Patikilye ak biznis ki nan yon zòn gouvènman federal deklare zòn kataswòf, ki sibi pèt ki lye ak kataswòf la ki pat asire,oswa ki pat ranbouse, gendwa chwazi pou deklare yo swa nan deklarasyon pou ane pèt la te fèt la (nan ka sa a, deklarasyon 2023 a k ap ranpli kòmsadwa ane pwochèn), swa nan deklarasyon ane anvan an (2022). Kontribyab yo gen tan adisyonèl – jiska sis mwa apre dat limit deklarasyon enpo sou revni federal kontribyab la pou ane katastwòf la (san konsiderasyon pou okenn ekstansyon tan pou ranpli) – pou fè chwa a. Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 4738-DR − nan tout deklarasyon kote ou ap deklare yon pèt. Gade Piblikasyon 547, Aksidan yo, Katastwòf yo, ak Vòl yo (an anglè), pou plis detay.

Jeneralman, yo retire peman alèjman pou katastwòf ki kalifye yo nan revni brit yo. An jeneral, sa vle di kontribyab ki afekte yo ka retire nan revni brit yo montan lajan yo resevwa nan men yon ajans gouvènman pou depans pèsonèl, lafanmi, pou viv oswa pou fineray ki rezonab epi ki nesesè, ansanm ak pou reparasyon oswa pou reyabilitasyon kay yo, oswa pou reparasyon oswa pou ranplasman kontni li yo. Gade Piblikasyon 525, Revni ki gen Enpo sou li ak Revni ki Pa Gen Enpo sou li (an anglè) pou plis detay.

Gen lòt alèjman ki ka disponib pou kontribyab ki afekte ki patisipe nan yon plan retrèt oswa yon aranjman pou plan retrèt endividyèl (IRA). Pa egzanp, yon kontribyab ka elijib pou pran yon distribisyon espesyal pou katastwòf ki pa ta dwe sijè a 10% enpo sou distribisyon adisyonèl davans lan, epi ki pèmèt kontribyab la fè repatisyon revni an sou twazan. Kontribyab yo kapab elijib tou pou fè yon retrè akoz difikilte. Chak plan oswa IRA gen règ espesifik ak oryantasyon pou patisipan yo swiv.

IRS la ka bay plis alèjman pou katastwòf alavni.

Alèjman fiskal la fè pati de yon repons federal ki kowòdone pou fè fas ak dega tanpèt sa a koze, epi li baze sou yon evalyasyon dega onivo lokal FEMA fè. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre katastwòf, vizite DisasterAssistance.gov (an anglè).