Kont anliy ak transkripsyon taks yo ka ede kontribyab yo fè yon deklarasyon taks konplè ak done ki egzat

Konsèy Fiskal COVID 2022-46, 24 mas 2022

Fè yon deklarasyon taks san erè se kle pou kontribyab yo jwenn nenpòt ranbousman ki revyen yo dedwa pi vit posib. Youn nan resous IRS ki ka ede se Kont Anliy.

a se fason ki pi rapid ak pi fasil pou tcheke enfòmasyon sou kont lan tankou peman enpo estime, revni brit ajiste ane avan yo ak montan peman enpak ekonomik yo.

Kontribyab yo ka tou mande yon transkripsyon taks. Gen Senk (5) Kalite Transkripsyon. Kontribyab yo ta dwe tcheke chak kalite transkripsyon yo pou detèmine kisa nan yo ki pi byen satisfè bezwen yo. Transkripsyon IRS yo se yon bon fason tou pou tcheke si pa gen aktivite fwod. Sepandan, lè yon kontribyab kòmande yon transkripsyon, sa pap pemèt li konnen ki lè l ap jwenn yon ranbousman. Kote Ranbousman Mwen an? bay detay ki pi ajou ki gen pou wè ak si wi oswa non IRS resevwa yon deklarasyon taks epi apwouve oswa reyalize yon ranbousman.

Pou pwoteje idantite kontribyab yo, transkripsyon yon kache yon pati nan enfòmasyon pèsonèl yo tankou non, adrès ak nimewo Sekirite Sosyal. Tout done finansyè yo vizib nèt al kole.

Gen twa (3) fason kontribyab yo ka jwenn transkripsyon yo:

Sou entènèt. Yo ka tcheke dosye taks yo sou kont anliy yo. Apati de la, yo ka ale sou Jwenn Transkripsyon Anliy pou kapab wè, enprime, oswa telechaje tout kalite transkripsyon yo.

Pa lapòs. Kontribyab yo ka itilize zouti Jwenn Transkripsyon pa Lapòs pou mande yon transkripsyon deklarasyon taks oswa yon kont taks nan yon entèval 5-10 jou. Yo kapab soumèt Fòm 4506-T (an anglè) a tou pou mande nenpòt kalite transkripsyon. Pifò demann transkripsyon Fòm 4506-T yo trete nan 10 jou ouvrab epi yo voye yo ale pa lapòs. Fòm 4506-T a disponib sou paj Fòm, Enstriksyon ak Piblikasyon (an anglè) sou sit IRS.gov la.

Pa telefòn. Kontribyab yo ka rele sèvis otomatik transkripsyon telefòn IRS la nan 800-908-9946 pou yo ka resevwa yon transkripsyon deklarasyon taks oswa kont taks pa lapòs nan 5-10 jou.

Tout transkripsyon yo bay gratis.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)