Sis Rezon ki fè ou ta dwe ranpli taks ou elektwonikman - YouTube video text script

Fason ki pi fasil pou ranpli taks ou se elektwonikman. Premyèman, vizite IRS.gov/efile. Men sis pi gwo rezon pou ou chwazi ranpli taks ou elektwonikman

Premyèman... Li fasil. Lojisyèl taks la gide ou atravè pwosesis pou ranpli a, poze ou kesyon pou ede ou ranpli yon deklarasyon taks konplè epi egzat - epi reklame nenpòt kredi ak dediksyon pouki ou kalifye. Li pi fasil pase ranpli yon deklarasyon taks sou papye pa lapòs.

Dezyèman…Li gratis si revni ou tonbe nan papòt ki kalifye yo atravè pwogram IRS Free File. Si ou fè plis pase limit revni yo, itilize Fòm Free File Fillable.

Anpil kontribyab ka kalifye tou pou yo prepare taks yo epi ranpli yo elektwonikman gratis atravè pwogram volontè IRS yo.

Twazyèman...Li pratik. Ou ka ranpli elektwonikman sou òdinatè lakay ou oswa sou aparèy mobil oswa mande moun kap prepare taks ou a pou l ranpli fòm taks la elektwonikman pou ou.

Katriyèman... Li san danje epi an sekirite. IRS sèvi ak teknoloji ki genyen ankriptyon modèn pou pwoteje w kont vòl idantite.

Senkyèman...Lè w ranpli elektwonikman epi w chwazi dirèk depozit w ap jwenn ranbousman w pi vit, anjeneral nan mwens pase 21 jou...pi vit pase si ou tap tann yo voye yon chèk.

Sizyèman ...Ou ka fè yon peman elektwonik lè w ranpli elektwonikman.

Si ou dwe taks, ou ka ranpli elektwonikman bonè epi pwograme yon peman otomatik ki soti nan kont labank ou nan nenpòt jou jiska dat limit pou ranpli a.

Ou ka planifye tou yon peman elektwonik lè ou itilize IRS Direct Pay.

Pou plis enfòmasyon, ale sou IRS.gov/efile.