Kredi enpo ak dediksyon pou moun

Konsèy Fiskal IRS 2024-01, Jan. 4, 2024

Kredi enpo ak dediksyon yo chanje kantite lajan enpo oswa ranbousman yon moun. Moun yo ta dwe konprann ki kredi ak dediksyon yo ka reklame ak dosye yo bezwen pou montre kalifikasyon yo.

Kredi enpo

Yon kredi enpo diminye bòdwo enpo sou revni yon kontribyab dwe dapre deklarasyon enpo a dola-pou-dola.

Gen kredi enpo, tankou Kredi enpo pou revni ou touche, ki ranbousab. Si bòdwo enpo yon moun pi piti pase kantite yon kredi ki ranbousab, li ka jwenn diferans lan nan ranbousman an.

Pou reklame yon kredi enpo, ou ta dwe:

  • Konsève dosye ki montre w kalifye pou kredi enpo w reklame a.
  • Tcheke kounye a pou w wè si w kalifye pou reklame nenpòt kredi pou ane pwochen nan deklarasyon enpo a.

Dediksyon

Dediksyon yo ka redwi revni yon kontribyab anvan li kalkile enpo li dwe a.

Pifò moun pran dediksyon estanda a (an anglè). Dediksyon estanda a chanje chak ane pou enflasyon. Kantite dediksyon estanda a depann de estati fiskal kontribyab la, laj epi si li avèg ak si yon lòt moun reklame kontribyab la kòm yon depandan.

Gen kèk moun ki dwe detaye dediksyon yo (an anglè), epi kèk moun ka chwazi fè sa paske li diminye revni enpozab yo a plis pase dediksyon estanda a. Anjeneral, si dediksyon detaye yon kontribyab pi plis pase dediksyon estanda a, li fè sans pou li detaye yo.

Asistan Enpo Entèaktif

Jwenn èd pou kesyon enpo ki konsène sitiyasyon pa w  lè w itilie Asistan Enpo Entèaktif la (an anglè). Li ka ede yon moun deside si li elijib pou anpil kredi ak dediksyon enpo ki popilè.

Plis enfòmasyon:

Abòne w a Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)