Estimatè Prelèvman Enpo la reflete chanjman ki fèt anba Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo

18 Mas 2026

Estimatè Prelèvman Enpo IRS la (an anglè) kounye a reflete chanjman nan kredi ak dediksyon yo anba Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo. Estimatè a se yon zouti gratis, fasil pou itilize ki ede w estime konbyen enpo sou revni federal pou ou kenbe nan chèk salè w yo kounye a pou enpo ou pral peye ane pwochèn.

Kounye a, estimatè a ap konsidere dediksyon sa yo:

  • Pa Gen Enpo sou Poubwa (Tips)
  • Pa Gen Enpo sou Lè Siplemantè
  • Pa Gen Enpo sou Enterè Prè Machin
  • Dediksyon amelyore pou moun aje yo

Li pran an konsiderasyon tou, avèk plis presizyon, chanjman ki gen rapò ak kredi pou fanmi, pwopriyete kay, ak don charitab.

Pou plis enfòmasyon, gade kominike pou laprès la (an anglè).