Deklarasyon Dwa Kontribyab 9: Dwa pou konsève Reprezantasyon

Deklarasyon Dwa kontribyab la se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa Ou antanke yon Kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou Konsève Reprezantasyon.

Kontribyab yo gen dwa pou yo konsève sèvis yon reprezantan otorize ke yo chwazi pou reprezante yo lè y ap fè fas ak IRS la. Kontribyab yo gen dwa pou yo chèche asistans nan Sèvis pou Kontribyab ki pa gen Ti Rrevni si yo pa gen mwayen pou yo gen yon reprezantasyon.

Kisa ou ka atann:

  • Ou gen dwa chwazi yon moun, tankou yon avoka, yon kontab piblik sètifye oswa ajan anwole (an anglè) pou reprezante ou nan yon entèvyou avèk IRS. Ou p ap gen pou ou prezante ou ak reprezantan ou an, sof sizoka IRS ta fè ou obligasyon pou ou ta prezan.
  • Nan pifò ka, IRS la dwe kanpe entèvyou a si ou ta mande pou ou konsilte yon reprezantan, tankou yon avoka, yon kontab piblik sètifye oswa yon ajan anwole.
  • Ou gendwa chwazi nenpòt ki avoka, kontab piblik sètifye, ajan anwole, oswa nenpòt ki lòt moun ki gen otorizasyon pou reprezante kontribyab yo devan IRS, soumèt yon pouvwa ekri de yon avoka pou reprezante ou. Yo pa dwe anpeche moun nan egzèse devan IRS.
  • Si revni ou ta anba yon sèten nivo, ou gendwa mande Sèvis pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo (an anglè) pou reprezante ou nan diskisyon fiskal ou yo devan IRS la oswa Tribinal Fiskal la. Sèvis la gratis oswa w ap peye yon ti frè tou piti. Anpil nan LITC yo ofri sèvis nan lòt lang ki pa anglè. Byenke LITC yo benefisye yon finansman pasyèl nan men IRS, ni LICTs ni anplwaye ni volontè li yo endepandan de IRS.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon dwa kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yon daprè lalwa fiskal la, IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon sou taks nan lòt lang tou. Gade meni "Lang yo" nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS