Sijè sou Retrèt - Limit Kontribisyon nan IRA

Remak: Pou lòt limit kontribisyon nan plan retrèt yo, gade Sijè Retrèt – Limit Kontribisyon (an anglè).

Pou lane 2023 a, total kontribisyon ou fè chak ane nan tout IRA tradisyonèl ak IRA Roth (an anglè) yo pa kapab depase:

  • $6,500 (an anglè) ($7,500 si ou gen 50 lane oswa plis), oswa
  • Si li pi piti, konpansasyon w ki gen taks sou li a pou ane a

Pou lane 2022, 2021, 2020, 2019 yo, total kontribisyon ou fè chak ane nan tout IRA Tradisyonèl ak Roth IRA (an anglè) ou yo, pa ka depase :

  • $6,000 (an anglè)  ($7,000 si ou genyen 50 an oswa pi plis)
  •  konpansasyon taksab ou pou ane a, si w gen pi piti laj.

Limit kontribisyon IRA yo pa aplike pou :

Reklame Dediksyon pou Kontribisyon nan IRA ou

Petèt ou kapab dedwi taks pou kontribisyon nan IRA tradisyonèl ou yo. Dediksyon an ka limite si ou menm oswa mari/madanm ou gen yon plan retrèt nan travay la ak si revni w depase yon sèten nivo.

Limit Kontribisyon nan Roth IRA yo

Anplis limit kontribisyon jeneral la ki aplike pou Roth IRA kou IRA tradisyonèl yo, Kontribisyon nan Roth IRA w la ka limite selon kondisyon fiskal ou ak revni w.

Kontribisyon nan IRA apre laj 70 an ½

Pou 2020 an ak annapre, pa gen laj limit pou fè kontribisyon nòmal nan IRA tradisyonèl ak Roth IRA yo.

Pou 2019 la, si ou gen 70 an ½ oubyen pi plis, ou p ap ka fè yon kontribisyon nòmal nan yon IRA tradisyonèl men, w ap ka toujou kontribye nan yon Roth IRA epi fè kontribisyon sou fòm transfè rekondui nan Roth IRA oswa IRA tradisyonèl kèlkeswa laj ou.

IRA Marye yo

Si ou fè deklarasyon konjwen, ou ka an mezi pou ou kontribye nan yon IRA menm si ou pa t gen yon konpansasyon ki taksab depi konjwen ou te genyen l. Chak konjwen kapab fè yon kontribisyon jiska limit aktyèl la; men, total kontribisyon yo konbine ansanm pa dwe depase konpansasyon taksab la ki nan deklarasyon konjwen an. Gade Limit IRA Moun Marye dapre Kay Bailey Hutchison (an anglè) nan Piblikasyon 590-A.

Si pa gen youn nan konjwen yo ki patisitipe nan yon plan retrèt (an anglè) nan travay, tout kontribisyon w yo ap dediktib.

Èske m ka kontribye nan yon IRA si m patisipe nan yon plan retrèt nan travay.

Ou ka kontribye nan yon IRA tradisyonèl oswa yon Roth IRA menm si ou nan yon lòt plan retrèt ak bòs travay ou oswa nan biznis. Men, ou ka pa an mezi pou w dedui (an anglè) tout kontribisyon nan IRA tradisyonèl ou si ou menm oubyen konjwen w lan patisipe nan yon lòt plan retrèt nan travay. Kontribisyon nan Roth IRA yo ka limite si revni w depase yon sèten nivo.

Ekzanp

  1. Danny, yon etidyan nan inivèsite ki pa marye te genyen $3,500 dola an 2020. Danny ka kontribye $3,500, montan konpansasyon l lan, nan IRA li a pou 2020 an. Grann Danny ka fè kontribisyon an sou non li.
  2. John ki gen 42 lane, gen yon IRA tradisyonèl ak yon Roth IRA. Li ka kontribye yon total $6,000 nan youn oswa nan tou de (2) pou 2020 an.
  3. Sarah ki gen 50 an, marye san konpansayon taksab.pou 2020. Li menm ak mari l la, ki gen 48 lane, rapòte yon konpansasyon taksab ki se $60,000 nan deklarasyon konjwen 2020 yo a. Sarah ka kontribye $7,000 nan IRA li a pou 2020 ($6,000 plis yon kontribisyon adisyonèl $1,000 pou 50 an daj ak plis). Konjwen li an tou, kapab kontribye $6,000 nan yon IRA pou 2020.

Taks sou Kontribisyon an Eksè nan IRA

Gen Kontribisyon Eksesif nan IRA lè ou :

  • kontribye plis pase limit kontribisyon an
  • fè yon kontribisyon IRA nòmal pou 2019, oswa pi bonè, nan yon IRA tradisyonèl nan laj 70 an ½ oswa pi plis.
  • Fè yon kontribisyon enkòrèk kòm transfè rekondwi nan yon IRA.

Yo takse kontribisyon an eksè yo a 6% pa ane pou chak ane montan an eksè yo rete nan IRA a. Taks la pa kapab depase 6% valè total tout IRA ou yo nan fen ane fiskal la.

Pou evite 6% taks sou kontribisyon an eksè yo, ou dwe retire:

  • Eksè kontribisyon yo nan IRA a nan dat limit pou deklarasyon enpo sou revni endividyèl ou (avèk pwolonjman yo); epi
  • Tout revni ou rantre sou kontribisyon an eksè a.

Gade Piblikasyon 590-A (an anglè) pou kèk kondisyon ki ka pèmèt ou evite ou genyen retrè kontribisyon an eksè sou revni bri ou rantre.

Resous Adisyonèl