Yon IRA tradisyonèl se yon fason pou w ekonomize pou retrèt ki ba w avantaj enpo.
- Kontribisyon ou fè nan yon IRA tradisyonèl kapab dediktib totalman oswa pasyèlman, selon estati ranpli w ak revni w, epi
- An jeneral, ou pap peye enpo pou kantite kòb ki nan IRA tradisyonèl ou (ki gen ladan l salè ak pwofi) jiskaske ou pran yon distribisyon (an anglè) (retrè) nan IRA ou a.
Gade Resous IRA yo (an anglè) pou lyen ki mennen nan videyo ak lòt enfòmasyon sou IRA.
Piblikasyon 590-A (an anglè) ak Piblikasyon 590-B (an anglè) esplike detay IRA yo, ki gen ladan l:
- Etabli yon IRA
- Kontribye nan yon IRA
- Transfere lajan oswa byen nan yon IRA
- Jere yon IRA eritye
- Resevwa distribisyon (fè retrè) ki soti nan yon IRA
- Pran yon kredi pou kontribisyon yo nan yon IRA
- Yon konparezon ant IRA tradisyonèl ak Roth