Enpo sou Travay Endepandan (Enpo Sekirite Sosyal ak Medicare)

Nan atik anba a, tout kote ki pale de enpo sou travay endepandan vle di enpo Sekirite Sosyal ak Medicare sèlman epi tou sa pa gen pou wè ak okenn lòt enpo yon moun ki ap travay ak tèt li gen pou l deklare. Lis eleman ki anba la yo pa genyen tout bagay enkli ladann. Lòt enfòmasyon ka apwopriye pou tip biznis espesifik ou a.

Kisa Enpo sou Travay Endepandan ye?

Enpo sou travay endepandan se yon enpo ki gen ladann enpo Sekirite Sosyal ak Medicare, espesyalman pou moun ki ap travay ak tèt yo. Li menm jan ak enpo Sekirite Sosyal ak Medicare yo prelve nan salè pifò anplwaye salarye yo.

Anplwayè yo kalkile enpo Sekirite Sosyal ak Medicare pou majorite anplwaye salarye yo. Men, w ap rive konn enpo sou travay endepandan (enpo SE(Self-Employment)) an poukont ou lè w itilize Barèm SE (Fòmilè 1040 oswa 1040-SR). Epi tou, nan kalkile revni an gwo ajiste w, ou ka dedwi pòsyon nan enpo sou SE w ki menm valè ak pa anplwayè a. Salarye yo pa ka dedwi enpo Sekirite Sosyal ak Medicare yo.

To enpo sou Travay Endepandan

To enpo sou travay endepandan se 15.3% li ye. To a gen de pati ladann: 12.4% pou sekirite soyal (asirans laj avanse, asirans sivivan, asirans andikap) epi 2.9% pou Medicare (asirans lopital).

Pou ane 2023 an, Premye $160,200 tout lajan w antre nèt nan salè, poubwa, ak benefis fran w antre, yo sijè a kèlkeswa konbinezon enpo pou pati sekirite sosyal sou travay endepandan an, enpo sekirite sosyal, oubyen nan enpo retrete konpayi tren yo (nivo 1). (Pou konnen to enpo SE pou ane pase a, ale nan Barèm SE pou ane a).

Si w itilize yon ane fiskal ki pa ane sivil la, ou dwe itilize to enpo a ak limit maksimòm salè ki anvigè nan kòmansman ane fiskal ou a. Menmsi to enpo a oswa limit maksimòm salè yo chanje pandan ane fiskal la, kontinye sèvi ak menm to a ansanm ak menm limit lan pandan ane fiskal la.

Tout lajan w antre nèt nan salè, poubwa, nan benefis fran ap sijè a kèlkeswa konbinezon 2.9% pou peye pati Medicare nan enpo sou travay endepandan, nan enpo sekirite sosyal, oubyen nan enpo retrete konpayi tren yo (nivo 1).

Si salè w ak poubwa w sijè a swa enpo sekirite sosyal oubyen nivo 1 nan pati enpo retrèt ouvriye konpayi tren yo, oubyen tou le de (2), epi total la pou pi piti se $160,200, pa peye 12.4% pati sekirite sosyal enpo SE a nan okenn nan benefis fran w yo. Sepandan, ou dwe peye 2.9% pati Medicare nan enpo SE a sou tout benefis fran w yo.

Ou dwe peye yon enpo medicare adisyonèl 0.9% si salè w, reminerasyon ak sou revni travayè endepandan w (ansanm ak pa konjwen ou si nou te ranpli yon deklarasyon ansanm) depase limit montan pou kondisyon fiskal ou:

Kondisyon Fiskal Limit Montan
Marye ap deklare ansanm $250,000
Marye ap deklare separeman $125,000
Selibatè $200,000
Chèf Fwaye a (ak yon moun ki elijib) $200,000
Vèv (Vèf) ki kalifye ak pitit ki depandan $200,000

Pou plis enfòmasyon, ale nan paj Kesyon ak Repons sou Enpo Adisyonèl Medicare (an anglè) la.

Dediksyon Enpo sou Travay Endepandan

Nan kalkile revni an gwo ajiste w, ou ka dedwi pòsyon nan enpo sou travay endepandan w ki menm valè ak pa anplwayè a. Dediksyon sa a sèlman afekte enpo sou revni w. Li pa afekkte ni benefis fran ou fè nan travay endepandan ni enpo sou travay endepandan w.

Si w ranpli yon Fòmilè 1040 oubyen 1040-SR Barèm C, ou ka elijib pou reklame Kredi Enpo pou Revni w Antre (Earned Income Tax Credit (EITC)). Aprann plis sou EITC a oubyen sèvi ak Asistan EITC a pou w rive konnen si w elijib.

Dediksyon Enpo sou Asirans Sante Travayè Endepandan

Daprè Seksyon 2042 Lwa sou Travay Ti Antrepriz yo, travayè endepandan yo, pou rezon fiskal, ka benefisye yon dediksyon pou lajan yo peye asirans sante. Dediksyon sa a jwenn tout konsiderasyon l lè y ap kalkile revni nèt sou travay endepandan. Gade Fòmilè 1040 oubyen 1040-SR ak enstriksyon ki nan Barèm SE pou w ka kalkile epi reklame dediksyon an.

Ki Moun ki Dwe Peye Enpo sou Travay Endepandan?

Ou dwe peye enpo sou travay endepandan epi ranpli Barèm SE (Fòmilè 1040 oswa 1040-SR) si youn nan sa yo aplikab.

  • Lajan travay endepandan w (revni pou anplwaye legliz pa konte) fè te $400 oswa plis.
  • Kòm anplwaye legliz, revni w te $108.28 oswa plis.

Jeneralman, lajan ou fè nan travay endepandan sijè a enpo sou travay endepandan. Si w travay endepandan swa kòm sèl mèt travay oubyen kòm yon kontraktyèl endepandan, nòmalman se Barèm C w ap itilize pou w ka detèmine lajan w antre nan fè travay endepandan.

Si w fè lajan ki sijè a enpo sou travay endepandan, itilize Barèm SE pou w detèmine ki kantite lajan w fè nan travay ak tèt ou. Avan w kalkile kòb benefis ou fè, ou bezwen nòmalman kalkile montan lajan w fè ki sijè a enpo sou travay endepandan.

Remak: Règleman enpo sou travay endepandan yo ap aplike kèlkeswa laj ou genyen epi menm si w gentan ap resevwa Sekirite Syosal oubyen Medicare.

Enpo sou Ouvriye Sante Familyal ak sou Travay Endepandan

Gen règleman espesyal pou travayè k ap bay granmoun aje oubyen andikape (Ouvriye Sante) yo swen sante anndan kay. Ouvriye sante yo se sanse anplwaye moun y ap okipe yo paske yo travay nan kay granmoun aje oubyen andikape yo epi moun sa yo gen dwa pou di ouvriye sante yo sa pou yo fè. Gade paj Enpo sou Ouvriye Sante Familyal ak sou Travay Endepandan (an anglè) ak Piblikasyon 926 (an anglè) pou plis detay.

Kòman Pou Peye Enpo sou Travay Endepandan?

Pou peye enpo sou travay endepandan, ou dwe genyen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oubyen yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN)

Rive Jwenn yon Nimewo Sekirite Sosyal

Si w pat janm genyen yon SSN, pou w aplike pou youn, sèvi ak Fòmilè SS-5, Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal. W ap jwenn fòmilè sa a nan tout biwo Sekirite Sosyal, oubyen lè w rele (800) 772-1213. Telechaje fòmilè a sou sitwèb Nimewo ak Kat Sekirite Sosyal (an anglè) la.

Resevwa yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN)

IRS ap livre w yon ITIN si w se yon etranje ki pa rezide oubyen ki rezide, epi w pa genyen oubyen w pa elijib pou w genyen yon SSN. Pou w fè demann yon ITIN, ranpli Fòmilè W-7, Mande yon Nimewo Idantitikasyon Kontribyab Endividyèl IRS (an anglèPDF

Peye Enpo sou Travay Endepandan ak Estimasyon Enpo yo

Antanke travayè endepandan, ou ka bezwen depoze dosye Estimasyon Enpo chak trimès. Ou ka sèvi ak pèman estimasyon enpo ou yo pou w peye enpo sou travay endepandan w. Ale konsilte paj Estimasyon Enpo ak Pibliksayon 505, Prelèvman Enpo ak Estimasyon Enpo (an anglè) pou plis detay sou pèman enpo sou travay endepandan ak Estimasyon enpo yo.