Kredi Enpo sou Revni ou Antre (EITC) ede travayè ak fanmi ki gen yon revni ki fèb oswa modere jwenn yon avantaj fiskal. Si w kalifye, ou ka itilize kredi a pou diminye enpo ou dwe yo – epi petèt ogmante ranbousman ou.
Ki moun ki kalifye
Ou ka mande EITC a si revni ou ba oswa plizoumwen aseptab. Kantite kredi w la ka chanje si w gen timoun oswa depandan, si w andikape oswa si w ranpli lòt kritè.
Lame ak legliz ta dwe revize Règleman espesyal EITC (an anglè) nou yo paske itilizasyon kredi sa a kapab afekte lòt avantaj gouvènman an.
Si w reklame kredi sa a, ka gen reta nan ranbousman ou an. Dapre lalwa, nou dwe rete tann jiska mitan mwa fevriye a pou nou ranbouse moun ki mande Kredi Enpo sou Revni ou Antre a.
Ou toujou pa rasire si w kalifye pou EITC a? Resous sa yo kapab ede:
- Kalifikasyon bazik EITC yo
- Revni ou Antre
- Limit Revni yo ak tablo sou kredi yo
- Règleman pou timoun ki kalifye (an anglè)
- Règ pou EITC poukont ou sèlman
- Andikap ak Kredi Enpo sou Revni ou Antre (an anglè)
- Tablo kalifikasyon pou benefis enpo (an anglè)
Kòman pou mwen reklame kredi sa a
Jwenn enstriksyon sou Kòman pou mande EITC a pou dènye ane fiskal yo.
Jwenn enfòmasyon sou: Kòman pou evite erè kouran yo (an anglè).
Enfòmasyon sou si nou verifye oswa refize reklamasyon ou an:
- Chèche konnen sa pou w fè si w resevwa yon lèt konsènan EITC ak ki dokiman pou w voye (an anglè)
- Kisa pou w fè si nou refize demann ou an (an anglè)
- Kòman pou mande kredi a si nou te refize li anvan sa (an anglè)
Lòt kredi ou ka kalifye
Si w kalifye pou EITC a, ou kapab kalifye tou pou lòt kredi enpo.
- Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi pou Lòt Depandan (an anglè)
- Kredi pou Swen Timoun ak Depandan (an anglè)
- Kredi pou edikasyon (an anglè)
- Kredi pou Adopsyon
Resous
- Piblikasyon 596, Kredi sou Revni ou Antre (EIC) (an anglè)
- Èd preparasyon enpo gratis - Prepare pa volontè sètifye IRS yo
- Deklarasyon enpo elektwonik gratis – Prepare poukont ou
- Chwazi yon pwofesyonèl enpo
Santral EITC (an anglè) gen zouti ak enfòmasyon pou patnè IRS yo, òganizasyon kominotè yo, anplwayè yo, ajans gouvènman yo ak biwo yo ak preparatè enpo yo.