Skip to main content

Ki moun ki kalifye pou Kredi Enpo sou Revni Touche (EITC)

Travayè ki gen revni ba oswa modere ki gen timoun ki kalifye yo ka elijib pou reklame Kredi Taks sou Revni touche (EITC) si sèten règ kalifikasyon aplike pou yo.

Ou ka kalifye pou EITC menm si ou pa kapab reklame timoun nan deklarasyon taks ou. Chèche konnen kijan pou reklame EITC a san yon timoun ki kalifye.

Apati ane fiskal 2026 la,ou dwe ranpli Orè 3-A, Benefis Piblik Federal, si w ap reklame Kredi Enpo sou Revni w Touche. Konsilte Asistan EITC a pou wè si ou kalifye. 

Règ kalifikasyon debaz yo

Pou kalifye pou EITC a, ou dwe:

Règ espesyal ki kalifye yo

EITC gen règ kalifikasyon espesyal pou:

Si w pa sèten ou kalifye pou EITC, sèvi ak Asistan EITC nou an.

Nimewo Sekirite Sosyal ki valab

Pou kalifye pou EITC a, ou menm, mari oswa madanm ou si w ranpli ansanm, ak timoun yo reklame a dwe gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) valab ki te pibliye nan oswa anvan dat limit deklarasyon enpo la (ki gen ladan ekstansyon).

Yon nimewo sekirite sosyal (SSN) pa valab pou EITC si:

  • Li te pibliye apre dat limit pou deklarasyon enpo la (ki gen ladan ekstansyon) oswa,
  • Li te pibliye sèlman pou aplike pou oswa resevwa yon benefis finanse pa gouvènman federal la (tankou Medicaid) epi li pa otorize w pou w travay.

Nòt: Si oumenm, mari oswa madanm ou, oswa pitit ou a gen yon kat sekirite sosyal ki ekri "Pa valab pou travay" sou li epi estati imigrasyon an chanje an yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan pèmanan, mande Administrasyon Sekirite Sosyal pou yon kat sekirite sosyal san lejand la.

Pou plis enfòmasyon sou règ nimewo Sekirite Sosyal pou EITC, gade Règ 2 nan Piblikasyon 596, Kredi pou Revni ou Touche (an anglè).

Sitwayen ameriken oswa rezidan etranje

Pou reklame EITC a, ou dwe yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan etranje pandan tout ane a (an anglè). Gade Règ 4 nan Piblikasyon 596 (an anglè), Kredi Enpo sou Revni w Touche.

Si ou te yon etranje ki pa rezidan pou nenpòt ki pati nan ane fiskal la, ou sèlman reklame EITC a si sitiyasyon deklarasyon ou se marye k ap ranpli ansanm epi konjwen ou se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan etranje, epi ou chwazi pou yo trete w kòm yon rezidan ameriken.

Règ espesyal pou konjwen ki separe

Ou ka reklame EITC a si w marye, si w pa ranpli yon deklarasyon ansanm, si w te gen yon timoun ki kalifye ki te abite avèk ou pou plis pase mwatye ane fiskal la epi youn nan sa ki annapre yo aplike.

  • Ou te viv apa de mari oswa madanm ou pou 6 dènye mwa ane fiskal yo, oswa
  • Ou te separe legalman daprè lwa eta w la anba yon akò separasyon alekri, oswa yon dekrè pou antretyen separe epi ou pa t abite nan menm kay ak mari oswa madanm ou nan fen ane fiskal la.

Pou plis enfòmasyon, gade Piblikasyon 501, Depandan, Dediksyon Estanda ak Enfòmasyon sou Deklarasyon (an anglè) oswa sèvi ak Asistan Enpo Entèaktif la (an anglè) pou detèmine estati deklarasyon ou.

Reklame EITC san yon timoun ki kalifye

Ou ka reklame EITC a san yon timoun ki kalifye si ou satisfè règ debaz kalifikasyon EITC yo epi ou:

Lòt kredi ou ka kalifye pou yo

Si w kalifye pou EITC, ou ka kalifye tou pou lòt kredi enpo.

Resous