Nimewo Idantifikasyon Fiskal (TIN) pou Etidyan ak Moun k ap Fè Etid Avanse ki soti nan peyi Etranje

Anjeneral etranje ka aplike pou swa yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) (an anglè) oswa pou yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (ITIN) pou yo itilize nan dokiman ki gen rapò ak taks.

Anjeneral, etranje ki antre Ozetazini avèk papye imigrasyon ki pèmèt yo travay Ozetazini selon sikonstans espesyal dapre lalwa imigrasyon Etazini, yo elijib pou aplike pou yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) nan Biwo Administrasyon Sekirite Sosyal la.

Pifò etidyan etranje ak moun k ap fè etid avanse ki gen viza non-imigran F-1, J-1, M-1, ak Q-1 elijib pou travay Ozetazini, kidonk yo kapab aplike pou yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) si y ap travay reyèlman Ozetazini.

Etranje ki pa elijib pou aplike pou yon nimewo sekirite sosyal Ozetazini, oswa ki pa ka prezante prèv biwo Administrasyon Sekirite Sosyal egzije pou aplike pou yon SSN, yo ka aplike pou yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (ITIN) nan Sèvis Revni Entèn (Internal Revenue Service, IRS) si yo gen yon rezon fiskal valab ki fè yo bezwen yon ITIN, jan yo esplike l nan enstriksyon Fòm W-7 la. Itilize Fòm W-7 oswa Fòm W-7 (SP) (an panyòl) pou aplike pou yon ITIN. Tanpri, gade nan Piblikasyon 1915 (an anglè)PDF IRS la pou ka gen plis esplikasyon detaye sou ITIN yo.

Referans/Sijè ki an rapò