Konvèti Lajan Etranje an Dola Ameriken Ou dwe eksprime kantite lajan ou te rapòte nan deklarasyon taks ou a an dola ameriken. Kidonk, ou dwe konvèti lajan etranje a an dola ameriken si ou resevwa revni oswa fè depans ak lajan etranje. An jeneral, itilize to echanj ki te aplikab (sa vle di pri lajan kontan) nan moman ou te resevwa, peye oubyen akimile pwodui a. Sèl eksepsyon ki genyen nan règleman sa a gen rapò ak inite biznis kalifye yo (QBU) (an anglè), ki gen dwa nòmalman pou yo itilize lajan peyi etranje. Si ou gen yon QBU ki ap fonksyone ak yon lajan ki pa dola ameriken, fè tout kalkil revni ki antre yo nan inite fonksyonèl QBU a, epi lè sa aplikab, konvèti revni sa a oswa pèt sa a selon to echanj ki aplikab la. Konsa tou, yon kontribyab ka oblije rekonèt pwofi oswa pèt nan deviz yo fè nan deseri tranzaksyon lajan etranje. Gade nan seksyon 988 ki nan Kòd Revni Entèn lan ansanm ak règleman ki ladan l. Remak: Ou dwe voye pèman taks peyi Ezetazini yo bay Sèvis Revni Entèn (IRS) an dola Ameriken. To Echanj Deviz Sèvis Revni Entèn pa gen okenn to echanj ofisyèl. Jeneralman, li aksepte nenpòt to echanj ki pibliye e moun itilize tout tan. Lè w ap kalkile valè yon lajan peyi etranje ki sèvi ak plizye to echanj, sèvi ak to ki aplikab nan ka pa w la ak sitiyasyon pa w la dirèkteman. Remak: To echanj ki mansyone nan paj sa a pa aplikab lè w ap peye IRS kòb taks Etazini. Si IRS resevwa pèman taks Etazini nan deviz etranje, to echanj IRS ap itilize pou konvèti deviz etranje a an dola ameriken an ap baze sou dat lè bank ki ap fè pèman an konvèti deviz etranje a an dola ameriken, li p ap sèvi ak dat IRS resevwa pèman deviz etranje a. To Echanj Deviz an Mwayèn pa Ane Pou ka jwenn lòt to echanj ki pa ekri nan lis anba la a, al gade nan resous gouvènmantal ak resous eksteryè ki ekri nan paj Lajan Etranje ak To Echanj yo (an anglè) oswa nenpòt lòt to echanj ki pibliye (moun itilize toutan). Pou konvèti lajan etranje an dola ameriken, divize montan lajan etranje a pa to echanj anyèl mwayèn ki aplikab selon tablo ki anba la a. Pou konvèti dola ameriken an lajan etranje, miltiplye montan dola ameriken an pa to echanj anyèl mwayèn ki aplikab selon tablo ki anba la a. To Echanj an Mwayèn pa Ane lè W Konvèti Lajan Etranje an Dola Ameriken Peyi Deviz 2021 2020 2019 2018 2017 2016 Afganistan Afgani 83.484 76.651 77.579 73.598 71.086 70.645 Aljeri Dina 135.011 126.741 119.402 117.409 115.876 114.431 Ajantinn Peso 95.098 70.635 48.192 28.167 17.227 15.359 Ostrali Dola 1.332 1.452 1.439 1.340 1.358 1.400 Bayerin Dina 0.377 0.377 0.377 0.395 0.395 0.395 Brezil Reyal 5.395 5.151 3.946 3.655 3.322 3.632 Canada Dola 1.254 1.341 1.327 1.297 1.350 1.379 Zile kayiman Dola 0.833 0.833 0.833 0.833 0.884 0.886 Peyi lachinn Yuan 6.452 6.900 6.910 6.620 7.030 6.910 Dannmak Kwònn 6.290 6.538 6.670 6.319 6.864 7.000 Peyi lejip Liv 15.697 15.813 16.809 17.809 18.586 10.462 Zòn ewòp Ewo 0.846 0.877 0.893 0.848 0.923 0.940 Ongkong Dola 7.773 7.756 7.835 7.838 8.105 8.073 Ongri Forent 303.292 307.766 290.707 270.441 285.583 293.083 Islann Kwona 126.986 135.354 122.571 116.379 111.231 126.256 Peyi Lend Woupi 73.936 74.102 70.394 68.422 67.809 69.956 Irak Dina 1460.133 1197.497 1191.254 1193.478 1241.677 1236.453 Izrayèl Nouvo Chekèl 3.232 3.438 3.563 3.596 3.746 3.997 Japon Yenn 109.817 106.725 109.008 110.424 116.667 113.138 Liban Liv 1519.228 1510.677 1510.290 1511.677 1593.969 1593.639 Meksik Peso 20.284 21.466 19.246 19.227 19.679 19.435 Mawòk Diram 8.995 9.495 9.614 9.389 10.230 10.279 Nouvèl Zelann Dola 1.415 1.540 1.518 1.447 1.465 1.494 Nòvèj Kwonè 8.598 9.413 8.802 8.143 8.606 8.745 Kata Riyal 3.644 3.641 3.641 3.642 3.850 3.791 Larisi Woub 73.686 72.299 64.687 62.845 60.692 69.685 Arabi Sawoudit Riyal 3.751 3.753 3.751 3.753 3.903 3.903 Sengapou Dola 1.344 1.379 1.364 1.349 1.437 1.437 Afrikdisid Rand 14.789 16.458 14.448 13.258 13.859 15.319 Koredisid Wonn 1144.883 1179.199 1165.697 1100.587 1178.585 1211.121 Peyi Lasyèd Kwona 8.584 9.205 9.457 8.703 8.894 8.910 Peyi Laswis Fran 0.914 0.939 0.994 0.979 1.024 1.025 Taywann Dola 27.932 29.460 30.898 30.152 31.683 33.586 Taylann Bat 31.997 31.271 31.032 32.317 35.372 36.778 Tinizi Dina 2.778 2.836 2.925 2.71 2.513 2.237 Tiki Nouvo Li 8.904 7.025 5.685 4.849 3.794 3.146 Emira Arab Ini Diram 3.673 3.673 3.673 3.673 3.821 3.821 Wayòm Ini Liv 0.727 0.779 0.784 0.750 0.808 0.770 Venezyela Boliva (Pwisan) 2722.757 236266.507 248486.041 131352.21 10.452 9.447 Referans/Sijè Ki Lye Ak Sa Deviz Etranje ak To chanjman Deviz (an anglè) Ti Antrepriz/Travayè Endepandan Sant Taks sou Endistri/Pwofesyon yo (an Anglè) Kontribyab Entènasyonal Zouti Anliy ak Aktyalizasyon yo Videyo sou Kontribyab Entènasyonal (an Anglè) Kominike Laprès pou Kontribyab Entènasyonal (an Anglè) Zouti Entèraktif pou Kontribyab Entènasyonal (an Anglè)