Konsèy enpo IRS 2025-04, 13 Janvye 2025
Lwa SECURE 2.0 a rann li pi fasil pou moun ki kalifye yo ki afekte pa yon gwo katastwòf govènman federal la deklare jwenn aksè nan epay pou retrèt yo.
Elijiblite
Yon kontribiyab ka elijib pou soulajman ki bay plis aksè a fon retrèt li si rezidans prensipal li te nan yon zòn gwo katastwòf epi li te soufri yon pèt ekonomik akòz katastwòf la. Yon pèt ekonomik gen ladan l, men se pa sa sèlman:
- Oblije deplase kite rezidans prensipal kontribyab la.
- Pèt oswa domaj oswa destriksyon pwopriyete reyèl oswa pèsonèl nan dife, inondasyon, piyaj, kanbriyolè, vòl, van, oswa lòt kòz.
- Pèdi revni akòz revokasyon tanporè oswa pèmanan.
Sèvi ak zouti ki sou FEMA.gov/disaster pou jwenn yon lis aktyèl deklarasyon pou gwo katastwòf yo.
Kalite soulajman
Kalite soulajmanpou dezas sa yo disponib pou moun ki kalifye:
- Ka retire jiska $22 000 nan yon IRA oswa yon lòt plan retrèt ki elijib.
- Kantite lajan egzante de 10% enpo sou distribisyon bonè.
- Ka repeye nan yon plan retrèt oswa IRA nan twa zan apre distribisyon an.
- Distribisyon an ka enkli egalman nan revni sou twa zan.
- Yon plan retrèt ka ogmante limit prè ak retade ranbousman.
IRS la pou ede
Pou kesyon ak asistans, rele liy dirèk IRS pou katastwòf nan 866-562-5227.