Konsèy enpo IRS 2025-09, 4 Fevriye 2025
IRS Free File pèmèt kontribyab ki kalifye yo jwenn preparasyon enpo gratis, ranpli elektwonikman gratis, ak depo dirèk gratis pou ranbousman enpo federal, si yo kalifye, lè yo sèvi avèk lojisyèl preparasyon enpo gide. Moun ki pa kalifye yo ka toujou sèvi ak Fòm yo ka ranpli gratis (an anglè).
Limit revni brit ajiste, pou IRS Free File, pou ane enpo 2024 la se $84 000 pou ni fanmi ni endividi. AGI yon kontribyab gen ladan li salè, poubwa, revni biznis, revni retrèt ak lòt fòm revni enpozab. Chak founisè fikse pwòp règ kalifikasyon pa li ki baze sou laj, rezidans eta a ak revni, epi òf yo disponib an Anglè ak Panyòl. Pou jwenn yon òf ki bon pou yo, kontribyab yo ka sèvi ak zouti Jwenn patnè ou fè konfyans (an anglè).
Avantaj IRS Free File
- Deklarasyon enpo federal gratis. Si yon kontribyab kalifye pou li chwazi yon òf nan men yon patnè Free File, pa gen okenn frè pou prepare ak ranpli elektwonikman yon deklarasyon enpo federal.
- Enfòmasyon enpo pwoteje. Konpayi patnè IRS Free File pa kapab divilge oswa sèvi ak enfòmasyon deklarasyon enpo pou lòt rezon ke prepare deklarasyon enpo san konsantman enfòme ak volontè kontribyab la. Konpayi sa yo tou sijè ak Règ sou Konfidansyalite ak Pwoteksyon Komisyon Komès Federal la ak règleman IRS e-file.
Enfòmasyon pou ranpli
Pou ranpli yon deklarasyon enpo ak IRS Free File, kontribyab yo bezwen rasanble enfòmasyon sa yo:
- Nimewo Sekirite Sosyal. Kontribyab ki pa genyen oswa ki pa kalifye pou yon nimewo Sekirite Sosyal kapab sèvi ak yon Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab.
- Enfòmasyon sou salè ak revni. Enfòmasyon sa yo anjeneral sou fòm anplwayè yo oswa lòt moun ki peye yo, tankou Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo (an anglè), ak seri Fòm 1099 la (an anglè).
- Estati depandan (an anglè). Kontribyab la bezwen konnen si yon lòt kontribyab, tankou yon paran, planifye pou reklame li nan yon deklarasyon enpo separe. Si yo reklame li kòm yon depandan sou yon lòt deklarasyon enpo, li pa ka reklame tèt li kòm yon depandan sou pwòp deklarasyon enpo li.
- Dokimantasyon pou tout kredi enpo ak dediksyon . Avèk dediksyon estanda a, dediksyon detaye ka pa nesesè. Tout kredi ak dediksyon yo sijè a verifikasyon ak revizyon IRS.
- AGI pou ane anvan an oswa yon PIN ou chwazi. Kontribyab yo bezwen enfòmasyon sa yo pou valide epi siyen yon deklarasyon enpo elektwonikman. Moun ki ranpli pou premye fwa ki gen plis pase 16 an ka antre "0" kòm revni ane anvan an pou siyen deklarasyon enpo yo. Kontribyab yo ki te ranpli anvan yo ta dwe itilize AGI nan deklarasyon enpo ane anvan an.
- Kont labank ak nimewo woutage. Si kontribyab yo jwenn yon ranbousman, yo bezwen enfòmasyon sa yo pou yo depoze ranbousman an dirèk. Depo dirèk se fason ki pi rapid ak pi an sekirite pou yo jwenn lajan yo a.
Pou plis enfòmasyon sou IRS Free File oswa lòt metòd pou ranpli, tcheke paj Ranpli deklarasyon w sou IRS.gov.