Èske ou tcheke retni ou dènyèman? - YouTube video text script

Genyen anpil rezon pou tcheke retni taks ou. Sa vle di pou ou tchecke ki kantite lajan anplwayè w ap retni nan chèk ou pou revni taks federal. Sonje, ou ka vizite IRS.gov/withholding nenpòt ki lè pou plis enfòmasyon.

Li se yon bon lide pou tcheke retni ou paske sa ap ede ou evite yon sipriz pandan sezon taks. Tcheke si anplwayè w retni twò piti, sa ka fè ou resevwa yon bil taks oswa yon penalite

Si w retni twòp sa ka vle di ou p ap kapab sèvi ak lajan an jiskaske ou jwenn ranbousman taks ou.

Pi bon fason pou tcheke retni w la, itilize Estimatè Retni Taks sou IRS.gov.

Ou ta ka mande KI LÈ pou w tcheke retni w la. Oke, li toujou yon bon lide pou tcheke li byen bonè nan ane a, lè nenpòt chanjman lwa taks anjeneral ale an efè, epi lè ou gen chanjman nan lavi, tankou wap marye, yon chanjman travay, oswa nenpòt lòt chanjman nan revni ou.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou retni – ki enkli kijan pou chanje kantite taks patwon w la retni epi pou jwenn aksè ak Estimatè Retni Taks la, vizite IRS.gov/withholding.