Volontè IRS sètifye yo fè diferans pou plizyè milyon kontribyab

Konsèy Fiskal IRS 2022-161, 20 oktòb 2022

Chak ane, volontè IRS sètifye yo (an anglè) ede plizyè milyon kontribyab atravè tout peyi a pou yo depoze deklarasyon enpo yo (an anglè). Volontarya se yon gwo opòtinite pou tout moun ki vle fè yon diferans nan kominote yo a, aprann de preparasyon enpo ak jwenn kredi aprantisaj kontini.

Genyen de (2) pwogram volontè IRS

Pwogram Volontè pou Asistans pou Taks sou Revni ak Konsèy sou Taks pou Pèsonaj yo ofri preparasyon deklarasyon taks bazik gratis pou moun ki kalifye yo. Pandan IRS la ap dirije pwogram VITA ak TCE yo, patnè IRS yo ap fè sit VITA/TCE yo mache epi volontè yo se pèsonèl la.

  • VITA ofri èd pou moun ki jeneralman rantre $60,000 oswa pi piti, moun ki gen andikap ak kontribyab ki pa pale anglè ase byen.
  • TCE se espeyalman pou moun ki genyen 60 lane oswa plis. Malgre pwogram nan mete aksan sou pwoblèm fiskal pèsonaj yo sèlman konn genyen, majorite kontribyab kapab jwenn aistans gratis.

Volontarya fasil e li pratik

  • Volontè yo kapab travay selon orè ki bon pou yo. Jeneralman, volontè yo kapab chwazi pwòp lè pa yo ak jou k ap bon pou yo pou yo fè benevòl. Sit preparasyon enpo yo konn ouvri apati fen janvye pou rive nan dat limit deklarasyon enpo a nan avril. Gen sit ki ouvri pandan tout ane a.
  • Volontè yo kapab travay adistans nenpòt kote yo ye. Gen sit volontè ki ofri asistans adistans pou kontribyab yo. Sa pèmèt volontè yo ede kontribyab yo ranpli deklarasyon enpo yo a nan telefòn oswa sou entènèt la. Gen volontè k ap ekzamine kalite a adistans avèk kontribyab la anvan yo soumèt deklarasyon enpo a pa vwa elektwonik.
  • Ou pa bezwen te gen eksperyans deja. Volontè yo pran fòmasyon espesyalize anvan IRS sètifye yo. Yo kapab fè chwa tou apati yon varyete wòl volontè (an anglè) pou yo sèvi. Pwogram VITA ak TCE yo gen volontè tout kouch ak tout laj, ansanm ak moun ki alèz nan lòt lang.
  • IRS la bay fòmasyon ak dokiman sou dwa fiskal gratis. Volontè yo resevwa dokiman fòmasyon an gratis. Fòmasyon dwa fiskal gen ladan kòman pou prepare deklarasyon enpo federal bazik yo pa vwa elektwonik. Fòmasyon an kouvri tou, sijè fiskal tankou, dediksyon ak kredi.
  • Pwofesyonèl enpo yo kapab jwenn kredi pou fòmasyon kontini yo. Ajan agreye yo ak pwofesyonèl preparasyon deklarasyon enpo ki pa agreye yo kapab jwenn kredi pou fòmasyon kontini (an anglè)PDF lè yo fè volontarya antanke enstriktè nan VITA oswa TCE, ekzaminatè pou kalite oswa pou prepare deklarasyon enpo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)