Konsèy enpo IRS 2025-17, 13 mas 2025
Kontribyab ki vle ranpli deklarasyon enpo federal gratis yo gen plizyè opsyon ki ofri preparasyon enpo sou entènèt, ranpli elektwonikman ak depo dirèk ranbousman yo a gratis.
IRS Direct File
Kontribyab ki elijib ki sèvi ak Direct File (an anglè) ka ranpli deklarasyon enpo federal ane 2024 yo a sou entènèt – toujou gratis – dirèkteman bay IRS. Sèvis sa a ki sou entènèt disponib an Anglè ak Panyòl. Avèk IRS Direct File, kontribyab yo ka:
- Enpòte done ki soti nan kont IRS yo a, ki gen ladan l enfòmasyon pèsonèl yo, IP PIN yo a, ak kèk enfòmasyon ki soti nan W-2 yo, si sa disponib.
- Ajoute enfòmasyon enpo yo a grasa gid etap pa etap la.
- Live chat ak sipò kliyan IRS Direct File nan lang anglè ak panyòl.
- Prepare epi depoze nan yon telefòn entèlijan, laptop, tablèt oswa òdinatè desktop.
- Depo dirèk ranbousman yo a oswa fè yon peman enpo sou entènèt.
Direct File disponib 24/7 pou kontribyab ki elijib nan 25 eta k ap patisipe yo, ki rapòte sèten kalite revni, kredi ak dediksyon.
IRS Free File
IRS Free File se yon fason rapid, san danje epi gratis pou ranpli deklarasyon enpo federal sou entènèt. Chak patnè IRS Free File etabli pwòp estanda kalifikasyon pa yo, ki jeneralman baze sou revni, laj ak rezidans eta a. Tout kontribyab ki satisfè limit revni brit ajiste $84 000 pral jwenn omwen yon pwodwi gratis pou l itilize.
Lojisyèl preparasyon enpo sa a disponib pou ede kontribyab yo ak fanmi yo:
- Jwenn ak kalkile kredi enpo ki gen anpil valè tankou Kredi Enpo sou Revni ou Touche, Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi pou Swen Timoun ak Depandan (an anglè).
- Chèche pami founisè fyab IRS Free File yo, oswa itilize zouti ki nan aplikasyon an pou ede w jwenn pwodwi ki pi byen satisfè bezwen w yo.
- Depoze enpo yo a sou nenpòt òdinatè pèsonèl, tablèt oswa telefòn entelijan.
Free File Fillable Forms, vèsyon elektwonik fòm papye IRS, disponib san limit revni. Pwodwi FFFF a pi bon pou nenpòt moun ki konfòtab pou prepare pwòp enpo yo. Gen kèk pwodwi ki disponib an panyòl.
MilTax
Depatman Defans lan ofri lojisyèl MilTax sou entènèt (an anglè), ki disponib pou fanmi militè yo, retrete militè yo ak kèk veteran. kontribiyab ki elijib yo ka itilize MilTax pou prepare epi soumèt elektwonikman deklarasyon enpo federal yo ak jiska twa deklarasyon leta gratis.
Èd pou ranpli enpo an pèsòn
Kontribyab ki kalifye yo ka jwenn èd gratis pèsonalize pou preparasyon enpo nan tout peyi a nan pwogram Volontè Asistans Enpo sou Revni ak Konsèy Enpo pou Moun Aje yo.