IR-2025-52, 17 avril 2025
WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan raple kontribyab yo yon bon jan prelèvman enpo kounye a se yon bagay enpòtan pou evite sipriz lè yo ranpli deklarasyon enpo ane pwochèn. Lè yo fè ajisteman ki nesesè yo pi bonè nan ane a, kontribyab yo pa pral oblije fè chanjman enpòtan pita pou ratrape.
Estimatè Prelèvman Enpo IRS la se yon zouti gratis sou entènèt ki ede travayè yo, kontraktè endepandan ak retrete yo detèmine si yo prelve kantite lajan enpo federal ki kòrèk sou chèk yo. Sèvi ak zouti sa a kapab anpeche kontribyab yo gen yon bòdwo enpo san atann oswa yon ranbousman sibstansyèl lè yo ranpli an 2026.
Poukisa w sèvi ak Estimatè a?
Enpo yo kolekte-jan-w-touche, ki vle di ke kontribyab yo bezwen peye enpo yo pandan y ap resevwa revni yo. Yo fè sa atravè prelèvman enpo.
Pou anplwaye yo, "prelèvman an" refere a pòsyon enpo federal sou chak chèk yon anplwayè pran pou rezon enpo. Sa ka vle di tou kantite lajan salè moun k ap travay endepandan yo ak lòt moun volontèman mete sou kote pou peye enpo yo estime yo.
Apre yo fin sèvi ak Estimatè Prelèvman Enpo a, kontribyab yo ka detèmine si yo bezwen soumèt yon Fòm W-4 la, Sètifika Prelèvman Anplwaye a ki ajou, bay anplwayè yo a oswa ajiste montan yo volontèman mete apa pou rezon enpo. Lè yo ajiste prelèvman enpo a (an anglè), moun yo ka:
- Evite potansyèl dèt ak penalite lè y ap ranpli enpo;
- Ajiste dediksyon pou ogmante salè nèt la olye pou yo tann yon ranbousman.
Sèvi ak zouti a yon fwa chak ane
Lè yo sèvi ak zouti sa a yon fwa pa ane, kontribyab yo ka jere estimasyon ki baze sou nenpòt chanjman lavi pèsonèl, tankou achte yon kay, chanje travay, fè yon timoun oswa chanje sitiyasyon matrimonyal yo.
Pou moun ki fèk ranpli deklarasyon enpo 2024 yo, IRS konseye yo pou yo sèvi ak Estimatè Prelèvman Enpo ki konsidere tout sous revni tankou salè aplentan, travay segondè ak nenpòt lavant sèvis oswa negosyan ki anjeneral rapòte sou Fòm 1099-K.
Dokiman obligatwa yo
Pou yon estimasyon prelèvman enpo efikas, IRS rekòmande kontribyab yo rasanble sèten dokiman tankou:
- Tout deklarasyon revni, ki gen ladann l pa konjwen w si w ranpli ansanm
- Done ki soti nan lòt sous salè
- Deklarasyon enpo sou revni ki pi resan yo
Piblikasyon 505, Estimatè prelèvman enpo ak enpo estime yo (an anglè), bay enstriksyon pou kontribyab ki gen sitiyasyon enpo konplèks ki difisil pou rezoud lè l sèvi avèk zouti Estimatè Prelèvman Enpo a. Ka sa yo ka enplike kontribyab ki responsab pou enpo minimòm altènatif oswa lòt enpo ak moun ki gen pwofi kapital alontèm oswa dividann kalifye.
Plis enfòmasyon
Pou plis enfòmasyon sou Estimatè Prelèvman Enpo IRS la, revize FAQ Estimatè Prelèvman Enpo (an anglè) nan IRS.gov.