Deklarasyon Gratis IRS kapab ede sila yo ki pa gen ekzijans deklarasyon yo jwenn kredi taks yo neglije yo ak jwenn yon ranbousman

IR-2022-84, 14 avril 2022

WASHINGTON — Jodia Sèvis Revni Entèn nan ankouraje moun ak fanmi, espesyalman sila yo ki pa fè yon deklarasyon taks nòmalman, pou yo itilize Deklarasyon Gratis IRS pou yo prepare pwòp deklarasyon taks federal yo, deklare pa vwa elektwonik epi jwenn yon ranbousman pa mwayen depo dirèk – tout sa gratis. Lojisyèl taks la gide moun yo nan chak seksyon deklarasyon taks yo avèk yon fòma kesyon ak repons. Li sekirize, fasil epi gratis pou soumèt yon deklarasyon federal.

Moun ki pat gen ase lajan pou ekzije yo deklare ka sipoze pa erè, paske yo pa dwe taks, yo pa gen dwa ak yon ranbousman. Sepandan, yo ka kalifye pou Kredi Taks sou Revni yo Touche, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi pou Swen Timoun ak Depandan an, Kredi Taks sou Prim nan oswa Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an. Kredi sa yo ranbousab e yo ka bay yon ranbousman, menm si moun nan pa dwe taks sou revni. Plis enfòmasyon sou kredi sa yo disponib nan IRS: Kredi elaji pou fanmi yo se pwen fò chanjman fiskal yo pou 2021 an; anpil moun ki pa konn deklare ta dwe fè sa ane sa a (an anglè).

Dat limit pou deklarasyon taks federal ane sa a pou moun yo se 18 avril. Sèl mwayen pou jwenn yon ranbousman se fè yon deklarasyon taks. Kontribyab yo kapab itilize opsyon deklarasyon elektwonik yo tankou Deklarasyon Gratis IRS ki disponib sou IRS.gov jiska 17 oktòb pou prepare ak soumèt deklarasyon yo pa vwa elektwonik.

Deklarasyon Gratis IRS la bay aksè gratis nan lojisyèl taks k ap mennen yo pou tout moun ki gen yon revni brit ajiste (AGI) 73 000 dola oswa pi piti.

Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sèlman sou IRS.gov, ofri fanmi ki genyen ant revni ki fèb ak modere, sila yo ki sanzabri, etidyan kounyea ki pou kont yo oswa ki ka gen travay bout jounen sèlman, ak lòt yo, yon mwayen rapid epi fasil pou yo jwenn avantaj sa yo. Tout moun kapab itilize Deklarasyon Gratis IRS la lè yo ale sou yon òdinatè oswa yon aparèy menm jan an. Ou pa gen yon òdinatè? Pa gen pwoblèm. Ou ka jwenn pwodui Deklarasyon Gratis IRS yo avèk telefòn mobil ou tou.

Moun kalifye ki pat resevwa yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik oswa yo te resevwa pi piti pase tout montan an, ka reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an lè yo fè deklarasyon taks 2021 yo a. Nou ka jwenn plis enfòmasyon sou reklamasyon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an nan Kesyon ak Repons sou Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an (an anglè).

E se la nou pral jwenn Deklarasyon Gratis IRS la. Se yon mwayen gratis pou reklame tout montan avantaj fiskal yo epi rasire ke moun kalifye yo jwenn ranbousman yo a. Chèche yon pwodui Deklarasyon Gratis IRS avèk "san revni minimòm," deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk.

Atravè Deklarasyon Gratis IRS, founisè lojisyèl taks k ap mennen yo rann pwodui anliy yo disponib gratis nan kad yon patenarya 20 lane avèk IRS la. Genyen uit (8) pwodui lojisyèl an anglè epi de (2) an espanyòl. Vizite IRS.gov/freefile pou detay. Anplis, MilTax (an anglè), ki disponib atravè Depatman Defans lan, ofri menm sèvis preparasyon taks la pou militè yo.

Paske Deklarasyon yo fèt pa vwa elektwonik nan Deklarasyon Gratis IRS la, sèvis la ofri tout moun yon gwo mwayen pou yo jwenn lajan yo rapid. Sitou pou moun ki chwazi resevwa ranbousman yo pa mwayen depo dirèk sou kont epay yo oswa kont chèk yo.

Ou pa gen yon kont labank pou depo dirèk yon ranbousman? Ale sou sit entènèt FDIC (an anglè) a oswa Administrasyon Koperativ Kredi Nasyonal la avèk Zouti Lokalizatè Koperativ Kredi (an anglè) yo a pou enfòmasyon sou ki kote ou ka jwenn yon bank oswa koperativ kredi pou ou ouvri yon kont anliy. Veteran yo kapab ale sou Pwogram Avantaj Labank Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou yo jwenn aksè nan sèvis finans nan bank k ap patisipe nan pwogram yo. Anpil kat prepeye rechajab genyen nimewo kont ak routing y ap ka bay IRS la pou yon depo dirèk. Moun yo ta dwe verifye pou yo rasire yo y ap ka itilize kat yo a pou ranbousman yo ak si y ap ka wè nimewo kont ak routing lan, ki ka pa menm ak nimewo kat la.

IRS la ankouraje tout moun pou yo panse pwofite de vitès ak konfòtabilite Deklarasyon Gratis IRS la. Sa gen ladan:

  • Moun ki sanzabri yo. Depi yo pa depandan yon lòt moun, yo ka toujou kalifye pou Kredi Ranbousman Rekipearsyon an menm si yo pa gen revni oswa li piti. Y ap toujou kapab itilize Deklarasyon Gratis menm si se atravè yon telefòn entèlijan sèlman yo ka ale sou entènèt. Chèche yon pwodui Deklarasyon Gratis IRS avèk "san revni minimòm." (Moun ki sanzabri yo ka mete adrès yon zanmi, yon fanmi oswa yon founisè sèvis yo fè konfyans, tankou yon refij, sant kote yo resevwa moun lajounen san randevou oswa yon pwogram lojman tranzisyon, nan deklarasyon taks la).
  • Fanmi ki te gen yon ti bebe oswa yon timoun yo adopte nan 2021 an oswa ki te ajoute yon depandan – tankou yon paran, yon neve oswa nyès, oswa yon pitit pitit – nan deklarasyon taks sou revni 2021 yo a ki pat la antanke yon depandan nan deklarasyon taks sou revni 2020 yo a, sanble pat resevwa yon pèman relans pou timoun oswa depandann kalifye sa. Yo ka kalifye pou yo reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 (an anglè) e yo dwe soumèt yon deklarasyon taks 2021 pou yo reklame yon kredi ki gen valè jiska 1 400 dola.
  • Yo ankouraje tout paran kalifye ki gen timoun ki fèt tou kalifye oswa timoun yo te adopte oswa ki te plase nan fanmi akèy nan 2021 an pou yo reklame Kredi Taks pou Timoun nan – ki vo jiska 3 600 dola pou chak timoun ki fèt an 2021 – nan deklarasyon taks sou revni 2021 yo a.
  • Ouvriye ki genyen ant revni ki fèb ak modere epi fanmi k ap travay ki pa konn fè yon deklarasyon taks nòmalman, ka manke yon seri kredi pou moun tankou EITC a, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi pou Timoun ak Depandan an, Kredi Taks sou Prim nan, si yo pa deklare.

Pou valide ak soumèt avèk siksè bay IRS yon deklarasyon taks ki fèt pa vwa elektwonik, kontribyab yo bezwen Revni Brit Ajiste, oswa AGI, ki nan dènye deklarasyon taks yo a. Pou sila yo k ap tann yo trete deklarasyon taks 2020 yo a, men yon konsèy espesyal pou yo rasire yo IRS aksepte deklarasyon taks yo a pou tretman. Rasire w ou mete $0 (zewo dola) pou AGI dènye ane a nan deklarasyon taks 2021 an. Pou sila yo ki te itilize yon zouti Non-Deklaran pou yo enskri pou yon avans Kredi Taks pou Timoun oswa twazyèm Pèman Enpak Ekonomik an 2021, yo ta dwe mete $1 kòm AGI premye ane yo. Tout lòt moun yo ta dwe mete AGI premye ane yo a ki nan deklarasyon dènye ane a. Sonje, si n ap itilize menm lojisyèl preparasyon taks tankou sa ane pase a, espas sa ap ranpli pou kont li.

Pou sila yo ki pa ka fè pwòp deklarasyon yo pou kont yo, kominote volontè IRS fòme yo ofri èd fiskal nan plis pase 11 000 sant èd fiskal, atravè tout peyi a. Pou jwenn sant ki pi pre a, ale sou IRS.gov/volunteers, oswa rele 800-906-9887.