IRS: Viktim ouragan Ian yo nan Florida kalifye pou yon alèjman fiskal; dat limit 17 oktòb la, ak lòt dat yo pwolonje pou 15 Fevriye

  • Mizajou 5/10/22: Akoz n ap respekte konje federal 10 oktòb la, dat depo penalite yo sou pewòl ak egzèsis depo taks yo chanje pou 11 oktòb 2022.

IR-2022-168, 29 septanm 2022

WASHINGTON — Sèvis revni entèn fè konnen jodia, viktim Ouragan Ian yo ki Florida, vin gen jiska 15 fevriye 2023 pou yo fè divès deklarasyon taks pou endividi ak pou biznis, epi reyalize pèman yo.

IRS la ap ofri alèjman pou nenpòt zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) (an anglè) deziyen. Sa vle di patikilye yo ak fwaye yo ki abite oswa ki gen biznis nepòt kote nan eta Florida kalifye pou alèjman fiskal. Lis aktyèl ki gen zòn ki elijib yo toujou disponib sou paj asistans nan moman katastwòf la sou sit IRS.gov la.

Alèjman fiskal la rekile yon valè dat limit pou deklarasyon ak pèman taks ki te kòmanse apati de 23 septanm 2022. Sa ki fè, moun ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 fevriye 2023 pou yo reyalize deklarasyon taks yo epi peye nenpòt ki taks yo ta dwe pandan peryòd sa a.

Sa vle di, moun ki te gen yon ekstansyon ki kòrèk pou yo te fè deklarasyon taks 2021 yo, poutèt dat limit lan te rive 17 oktòb 2022 a, ap vin gen jiska 15 fevriye 2023 pou yo fè deklarasyon taks yo kounyea. Sepandan, IRS la sinyale sa, pwiske pèman taks ki gen rapò ak deklarasyon taks 2021 yo te sipoze fèt 18 avril 2022, pèman sa yo pa elijib pou alèjman sa a.

Dat limit 15 fevriye 2023 a aplikab tou pou pèman dèt taks enpo estime sou revni trimèstriyèl yo ki te sipoze reyalize 17 janvye 2023, epi pewòl ak deklarasyon enpo endirèk ki te sipoze fèt 31 oktòb 2022, ak 31 janvye 2023. Biznis ki gen yon dat limit orijinal oswa yon ekstansyon ap benefisye tan adisyonel sa a, ki enkli, pami kèk lòt, patenarya ane sivil, ki gen pwolongasyon 2021 yo ki t ap fini 17 oktòb 2022. Menm jan an tou, òganizasyon ki egzante de taks yo ap benefisye tan adisyonèl la, sa ki enkli deklarayson taks ane sivil 2021 yo akoz ekstansyon yo t ap fini 15 novanm 2022.

Anplis de sa, penalite sou pewòl ak avans pèman enpo endirèk yo ki te dwe fèt 23 septanm 2022 oswa aprèsa, ak avan 11 oktòb 2022, ap gen rediksyon ki fèt sou yo si pèman an ta fèt avan 11 oktòb 2022.

Paj Asistans nan Katastwòf ak Sekou an Ijans pou Endividi yo ak Antrepriz yo (an anglè) gen detay sou lòt deklarasyon taks yo, pèman taks ak aksyon ki gen rapò pou kapab kalifye pou benefisye tan adisyonèl la.

IRS la bay nenpòt ki kontribyab ki gen adrès li nan zòn katastwòf la, alèjman ki gen pou wè ak deklarasyon taks ak penalite otomatikman. Se poutèt sa, kontribyab yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou mande alèjman sa a. Sepandan, Si yon kontribyab ki te afekte resevwa yon avi pou deklarasyon oswa pèman anreta nan men IRS la, ki gen dat limit prensipal la oswa pwolonje a, kote dat pou fè pèman oswa depo ta tonbe nan dat pwolongasyon an, nan ka sa a, kontribyab la sipoze rele nan nimewo ki nan avi a pou kapab fè elimine penalite a.

Anplis de sa, IRS la ap travay ak nenpòt ki kontribyab k ap viv andeyò zòn katastwòf la, men dokiman y ap gen bezwen pou respekte dat limit lan k ap rive pandan peryòd pwolongasyon an, lokalize nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an men k ap viv andeyò zòn katastwòf la ap bezwen kontakte IRS la sou nimewo sa a 866-562-5227. Sa gen ladann travayè k ap bay kout men nan aktivite alèjman yo ki afilye ak yon gouvènman ofisysèl oswa yon òganizasyon filantwopik.

Patikilye ak biznis ki nan zòn katastwòf gouvènman federal deklare, ki pèdi byen ki pat gen asirans oswa ki pa ranbousab, ki gen pou wè ak kataswòf la, gendwa chwazi reklame yo swa nan deklarasyon taks pou ane li fè pèt la (nan ka sa a, se nan deklarasyon taks 2022 an, k ap gen pou fèt kòmsadwa ane pwochèn), swa nan deklarasyon taks ane avan an (2021). Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA - DR-4673-FL − nan nenpòt deklarasyon kote ou ap reklame yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay.

Alèjman fiskal sa a fè pati de yon repons federal ki kowòdone pou fè fas ak domaj ouragan Ian nan lakoz, e li baze sou yon evalyazyon domaj onivo lokal FEMA fè. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre katastwòf la, vizite DisasterAssistance.gov.