Skip to main content

Rapèl IRS: Mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite ofri kèk mezi senp pou pwoteje done enpo yo

Abitid senp nan sibèsekirite kapab ede kontribyab yo ak òganizasyon yo rete pi an sekirite sou entènèt

IR-2026-119, 2 Oktòb 2026

WASHINGTON — Jodi a, Sèvis Revni Entèn lan ankouraje kontribyab yo pran kèk mezi senp pou ranfòse sekirite sou entènèt pandan Mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite a.

Mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite a mete aksan sou wòl tout moun ka jwe pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl, finansye ak enfòmasyon enpo kont vòlè idantite ak moun k ap fè fwod. Pou kontribyab yo, pwofesyonèl enpo yo ak òganizasyon nan tout kominote fiskal la, sa kòmanse avèk aksyon chak jou ki ede ranfòse sekirite sou entènèt.

“Kriminèl yo kontinye chèche nouvo fason pou vòlè enfòmasyon kontribyab yo epi eksplwate patenarya ki baze sou konfyans,” se sa Direktè Egzekitif IRS la, Frank J. Bisignano, te di. “Kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo yo ka ede pwoteje enfòmasyon sansib epi ranfòse sekirite sistèm fiskal la lè yo fè pratik sibèsekirite yo vin fè pati woutin yo pandan tout ane a.”

IRS mete tèt ansanm ak Ajans pou Sibèsekirite ak Sekirite Enfrastrikti ak patnè Somè Sekirite yo pou ankouraje kontribyab yo fè sibèsekirite vin fè pati woutin chak jou yo. Ajans pou Sibèsekirite ak Sekirite Enfrastrikti (CISA) ofri resous sou sibèsekiritè yo (an anglè) ke moun, fanmi, biznis ak òganizasyon yo ka itilize pou ranfòse sekirite yo sou entènèt. 

Pran kèk mezi senp pou ranfòse sibèsekirite

IRS ankouraje kontribyab yo, pwofesyonèl enpo yo, biznis yo ak lòt òganizasyon yo pran mezi sa yo:

  • Sèvi ak modpas solid epi inik. Sèvi ak modpas diferan pou kont enpòtan yo epi konsidere sèvi ak yon zouti pou jere modpas. 
  • Aktive otantifikasyon plizyè faktè si li disponib, pou ajoute yon kouch pwoteksyon anplis sou kont sou entènèt yo.
  • Mete lojisyèl ak aparèy yo ajou. Enstale mizajou sou òdinatè, telefòn, tablèt, aplikasyon, navigatè ak lojisyèl sekirite. Aktive mizajou otomatik lè sa posib. 
  • Rekonèt fwod yo epi rapòte yo. Pran prekosyon ak imel, mesaj tèks, mesaj sou rezo sosyal, apèl telefòn oswa lèt ou pa t ap tann ki mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye, oswa ki mete presyon sou kontribyab yo pou yo aji tousuit. 
  • Pwoteje dosye enpo yo. Konsève dosye enpo dijital yo an sekirite, ankripte fichye ki gen enfòmasyon sansib yo epi fè kopi sovgad enfòmasyon enpòtan yo.
  • Sèvi ak rezo ki an sekirite. Evite itilize Wi-Fi piblik pou jwenn aksè nan kont finansye, dosye enpo oswa sèvis IRS sou entènèt.

Fè atansyon ak fwod enpo yo

Moun k ap fè fwod yo kontinye sèvi ak lapòs Etazini, imel, mesaj tèks, rezo sosyal ak apèl telefòn pou pran pòz yo se IRS ak lòt òganizasyon moun fè konfyans. Fwod sa yo ka pwomèt yon pi gwo ranbousman, fè konnen kont yon kontribyab bloke, mande peman imedyat oswa voye kontribyab yo sou fo sit entènèt yo. 

Biznis yo, pwofesyonèl pewòl yo ak biwo resous imèn yo ta dwe rete vijilan pou imel eskwokri, fo fakti ak konplo ki gen rapò ak W-2 ak pewòl ki fèt pou vòlè enfòmasyon anplwaye yo, enfòmasyon pou konekte oswa lajan. Yo ta dwe verifye demann pou chanje enfòmasyon sansib sou anplwaye oswa peman atravè yon kanal kominikasyon yo fè konfyans. 

Pwofesyonèl enpo yo, tankou ajan ki enskri yo, pwofesyonèl pewòl yo, kontab piblik sètifye (CPA), avoka yo oswa lòt moun ki prepare deklarasyon enpo, ta dwe veye pou imel èskrokri ak lòt konplo (an anglè) ki fèt pou vòlè done sansib kontribyab yo. Magouyè yo ka pran pòz yon kliyan potansyèl oswa sèvi ak yon kont imel yo pran kontwòl li pou konvenk pwofesyonèl enpo yo ouvri lyen oswa fichye atache ki danjere.

Zouti IRS yo ka ede 

IRS ofri zouti ak resous an sekirite sou entènèt ki ka ede pwoteje kont ak enfòmasyon enpo yo:

  • Jwenn yon PIN pou Pwoteksyon Idantite. Yon PIN pou Pwoteksyon Idantite se yon nimewo sis-chif ki ede anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon enpo federal lè li sèvi ak nimewo Sekirite Sosyal oswa nimewo idantifikasyon endividyèl kontribyab la. 
  • Kont sou entènèt pou moun. Kontribyab yo ka jwenn aksè an sekirite nan enfòmasyon enpo pèsonèl yo, wè avi yo, fè peman epi jere lòt travay enpo yo. 
  • Kont enpo pou biznis. Biznis yo ka jwenn aksè an sekirite nan enfòmasyon enpo ki disponib epi jere kèk responsablite enpo yo sou entènèt. 
  • Kont pou pwofesyonèl enpo (an anglè). Pwofesyonèl enpo yo ka jere otorizasyon aktif kliyan yo an sekirite epi soumèt demann otorizasyon sou entènèt.
  • Plan Sekirite Enfòmasyon Alekri (an anglè) PDF. Lwa federal egzije pwofesyonèl enpo ak kontablite yo pou yo kreye epi kenbe yon WISP pou pwoteje enfòmasyon kliyan yo.

Kijan pou konnen se IRS  

Nòmalman, IRS kontakte kontribyab yo pou premye fwa pa lapòs. IRS voye imel oswa mesaj tèks sèlman lè kontribyab yo chwazi resevwa yo, epi li pa janm voye mesaj dirèk atravè rezo sosyal. IRS oswa ajans prive pou kolekte dèt yo ka rele konsènan kesyon ki gen rapò ak kont lan, men IRS p ap janm rele pou mande peman imedyat, menase pou arete kontribyab la oswa di kontribyab yo gen yon ranbousman yo dwe resevwa. 

Kontribyab yo pa ta dwe klike sou lyen, ouvri pyès atache oswa reponn mesaj yo pa t ap tann ki pretann soti nan IRS. 

Rapòte fwod ak kontak sispèk

Kontribyab ki resevwa lèt pa lapòs Etazini, imel, mesaj tèks oswa mesaj sou rezo sosyal ki sispèk epi ki gen rapò ak enpo ta dwe ale sou IRS.gov/SubmitATip pou jwenn fason apwopriye pou rapòte pwoblèm nan. Kontribyab yo kapab rapòte tou lè yo sispèk fwod enpo, magouy, vòl idantite oswa lòt move zak ki gen rapò ak enpo. 

Pwofesyonèl enpo ki sibi yon vyolasyon sekirite done ta dwe rapòte sa pi vit posib bay ajan lyezon ak pati konsène yo (an anglè).

Plis enfòmasyon

Pou plis enfòmasyon, kontribyab yo ka vizite Sant pou Vòl Idantite (an anglè), Fwod Enpo, ak resous CISA pou Mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite a (an anglè).