Skip to main content

Rapèl IRS: Direct Pay ofri yon fason gratis, epi fasil pou peye enpo

IR-2026-109, 10 Septanm 2026

WASHINGTON — Jodi a Sèvis Revni Entèn (IRS) te raple kontribyab ki gen kont labank yo ke Direct Pay ofri yon fason gratis, epi an sekirite pou peye enpo federal dirèkteman nan yon kont chèk oswa yon kont epay. 

Direct Pay disponib sou IRS.gov epi li pèmèt kontribyab yo fè peman yon sèl fwa nan kont labank yo san yo pa konekte oswa peye frè. Kontribyab yo reponn kèk kesyon debaz pou verifye idantite yo, epi yo pa oblije enskri. Pou peman endividyèl yo, Direct Pay itilize enfòmasyon ki nan yon deklarasyon enpo pou yon ane anvan kontribyab la chwazi. Pou peman biznis yo, Direct Pay verifye non biznis la ak nimewo idantifikasyon anplwayè a (EIN) lè li konpare yo ak dosye IRS yo.

“Pandan IRS ap kontinye soutni pi gwo efò federal la pou modènize peman yo bay gouvènman an ak peman ki soti nan gouvènman an, Direct Pay bay kontribyab yo yon fason gratis, an sekirite epi pratik pou peye dirèkteman nan yon kont labank,” se sa Direktè Egzekitif IRS la, Frank J. Bisignano, te di. “Sa fè pati efò n ap kontinye fè pou rann li pi fasil pou kontribyab yo kominike avèk IRS epi ranpli obligasyon enpo yo sou entènèt.”

Kontribyab yo ka itilize Direct Pay pou peman enpo endividyèl, tankou peman balans yo dwe, peman enpo estime, peman pou deklarasyon modifye, peman pou pwolongasyon, ak lòt peman enpo federal sou revni. Si kontribyab yo marye epi yo fè yon deklarasyon ansanm, yo dwe antre enfòmasyon pou mari oswa madanm ki gen non li parèt an premye sou deklarasyon enpo a lè y ap fè peman an. Kontribyab biznis yo ka itilize Direct Pay pou fè peman balans yo dwe, depo enpo federal, ak lòt peman enpo federal.

Avèk Direct Pay, kontribyab yo ka byen vit fè anpil operasyon peman komen sou entènèt epi chwazi dat peman ki pi bon pou yo. Direct Pay pèmèt kontribyab yo:

  • Fè yon peman menm jou a oswa pwograme yon peman jiska 365 jou davans.
  • Resevwa yon nimewo konfimasyon ak opsyon pou resevwa yon konfimasyon pa imèl.
  • Chanje oswa anile yon peman ki pwograme jiska de jou ouvrab anvan dat peman an.
  • Peye dirèkteman nan yon enstitisyon finansye Ozetazini lè yo itilize nimewo woutaj bank lan ak nimewo kont lan.

Yo pa ka itilize Direct Pay pou resevwa ranbousman enpo pa depo dirèk. Kontribyab ki pa janm fè yon deklarasyon enpo, oswa ki pa fè yon deklarasyon depi plis pase sis ane, ka bezwen itilize yon lòt opsyon peman. 

Chak peman Direct Pay dwe mwens pase $10 milyon. Kontribyab ki bezwen fè yon peman $10 milyon oswa plis ka itilize yon transfè bankè menm jou a oswa Sistèm Elektwonik pou Peman Enpo Federal (EFTPS), si yo deja enskri ladan l.

Pou fè yon peman, kontribyab yo ka ale nan Direct Pay avèk kont labank epi chwazi “Peye enpo endividyèl”oswa “Peye enpo biznis.” Anvan yo fè yon peman, kontribyab yo dwe verifye idantite yo lè yo bay enfòmasyon endividyèl oswa enfòmasyon sou biznis la. Pou plis enfòmasyon sou kalite peman, fason pou pwograme peman, nimewo konfimasyon, ak lòt opsyon peman, vizite Èd Direct Pay.