IRS mete 23 janvye kòm dat lansman ofisyèl sezon deklarasyon fiskal 2023; plis èd ap disponib pou kontribyab yo ane sa a

IR-2023-05, 12 janvye 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodi lendi 23 janvye 2023 a, kòm dat lansman nasyonal sezon fiskal 2023 epi dat kote ke ajans lan yo pral kòmanse aksepte ak trete deklarasyon ane fiskal 2022 yo.

Yo prevwa pral gen plis pase 168 milyon kontribyab ki pral fè deklarasyon enpo, epi yon gwo majorite nan deklarasyon sa yo ap vini anvan dat limit 18 avril lan. Moun yo gen twa jou anplis pou fè deklarasyon ane sa a, akòz kalandriye a.

Avèk pandemi an ki te afekte twa sezon fiskal anvan yo, IRS la te pran kèk lòt mezi pou amelyore sèvis li pou kontribyab li yo pou ane 2023. Selon yon pati nan pasaj Lwa sou Rediksyon Enflasyon mwa Dawout lan, IRS la te anboche plis pase 5,000 nouvo asistan telefonik epi li te ajoute plis pèsonèl biwo pou ede sipòte kontribyab yo.

Komisyonè pa entèrim IRS la, Doug O'Donnell te deklare: "Sezon fiskal sa a se premye sezon ki ap fè IRS la ak nasyon nou an benefisye sistèm finansman enpo sou plizyè lane ki anndan Lwa sou Rediksyon Enflasyon an. "Avèk lòt nouvo resous sa yo, kontribiyab yo ak pwofesyonèl taks yo pral wè amelyorasyon nan divès domèn anndan ajans lan ane sa. Nou te fòme plizyè milye nouvo anplwaye pou reponn telefòn epi ede moun yo. Pandan ke rete anpil travay apre plizyè lane difisil, nou espere moun yo pral santi amelyorasyon yo nan sezon fiskal sa a. Sa se sèlman kòmansman an pandan ke n'ap travay pou nou ajoute transfòmasyon alontèm efò nou yo ki pral rann bagay yo vin pi fasil nan ane k ap vini yo. Nou vrèman kontan pou nou kòmanse bay kontribiyab yo sa yo vle epi anplwaye nou yo konnen nou ka fè sa ak finansman sa a."

Yo te adopte mezi sa yo nan moman IRS la t ap travay pandan plizyè mwa nan preparasyon sezon fiskal lane 2023 a. Dat lansman 23 janvye pou patikilye ki ap fè deklarasyon enpo yo, pèmèt IRS la jwenn tan pou fè mizajou anyèl ak travay preparasyon ki enpòtan anpil pou asire ke sistèm IRS yo mache byen. Sa se dat sistèm IRS lan kòmanse aksepte ofisyèlman deklarasyon enpo yo. Anpil founisè lojisyèl ak pwofesyonèl taks yo gentan ap aksepte deklarasyon enpo; yo pral transmèt deklarasyon sa yo bay IRS la lè ajans lan kòmanse aksepte deklarasyon enpo nan dat 23 janvye a.

IRS la ankouraje moun yo pou yo gen tout enfòmasyon yo bezwen anvan yo fè yon deklarasyon enpo. Lè w depoze yon deklarasyon ki konplè e ki egzat, sa ka evite tretman an pran tan ak reta nan ranbousman yo, epi tou evite posiblite pou w ta nan bezwen fè yon deklarasyon enpo amande.

Anplis de sa, IRS la ankouraje moun yo pou yo verifye ak anpil prekosyon sitiyasyon fiskal yo, pou yo asire yo ke yo pa bliye kredi enpo enpòtan ke yo gendwa kalifye pou li tankou, Kredi Enpo sou Revni (EITC) an. IRS la te prepare yon jou espesyal nan jou ki ap 27 janvye a pou ankouraje moun yo pou yo asire ke yo konprann benefis enpòtan EITC a, yon kredi ki ka ede travayè ak fanmi ki gen revni ki fèb oswa mwayen yo.

IRS la gen yon varyete sèvis gratis ki disponib pou ede moun yo. Pwogram Asistans Enpo sou Revni Volontè ak Konsèy Fiskal pou Pèsonaj Aje IRS la ofri tou preparasyon deklarasyon enpo de baz gratis pou kontribyab ki kalifye yo. Moun yo ka resevwa èd tou nan men pwofesyonèl taks ke yo fè konfyans yo (an anglè), lojisyèl taks komèsyal ki disponib yo ansanm ak Deklarasyon Gratis IRS, ki li menm bay deklarasyon enpo elektwonik gratis.

Dat limit 18 avril pou deklarasyon enpo yo nan 2023 a

Dat limit pou soumèt deklarasyon enpo 2022 yo oswa yon ekstansyon pou deklare ak peye enpo ou dwe yo, se madi 18 avril 2023 pou majorite kontribyab yo. Dapre lalwa, jou ferye Washington D.C., yo aji sou dat limit tout moun menm jan jou ferye federal yo fè a. Dat limit lan se 18 Avril olye de 15 Avril, akòz wikenn nan ak jou fèt Emansipasyon Distri Columbia a, ki tonbe jou lendi 17 avril la.

Kontribyab yo ki mande yon ekstansyon ap gen jiska lendi 16 oktòb 2023 pou yo deklare.

Kèk konsèy pou ede moun yo nan sezon fiskal 2023 a

IRS la egzije plizyè bagay ke moun yo dwe sonje pou yon bon eksperyans nan deklarasyon ane sa:

Gen bon enfòmasyon yo anvan ou fè deklarasyon. IRS la ankouraje patikilye yo pou yo gen tout enfòmasyon yo bezwen anvan yo fè yon deklarasyon ki konplè epi ki egzat. Òganize epi rasanble dokiman fiskal 2022 yo, ansanm ak nimewo Sekirite Sosyal, Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab yo, Nimewo Idantifikasyon Adopsyon Kontribyab yo ak Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Pwoteksyon Idantite ane sa a (an anglè) ki valab pou ane sivil 2023 a.

Lè kontribyab yo fè yon deklarasyon enpo ki kòrèk, sa ka ede yo evite reta oswa kèk avi IRS pi devan. Pafwa sa vle di tann pou'w asire w ke patikilye yo te arive deklare tout revni yo epi rasanble tout dokiman nesesè yo. Sa espesyalman enpòtan pou moun ki ka resevwa youn nan divès fòm 1099 ki soti nan bank yo oswa lòt moun ki ap peye e ki fè rapò distribisyon alokasyon pou chomaj (an anglè), dividann (an anglè), pansyon (an anglè), lajan pèman retrèt oswa plan retrèt (an anglè).

Moun yo ta dwe sonje tou ke majorite revni yo gen enpo sou yo, sa valab pou revni sou chomaj, enterè ou resevwa oswa lajan ou touche nan ti djòb oswa aktif nimerik yo. Kontribiyab yo ta dwe asire yo ke yo deklare montan ki kòrèk la sou deklarasyon enpo yo a pou evite reta nan pwosesis yo.

Vizite IRS.gov an premye pou kesyon yo. IRS la ap raple moun yo pou yo vizite IRS.gov dabò pou kesyon komen yo epi tou pou yo tcheke estati ranbousman yo. IRS.gov gen prèske menm kantite enfòmasyon ak asistans telefònik IRS yo.

IRS la prevwa fè gwo amelyorasyon nan sèvis telefònik ane sa a pou kontribiyab yo ak pwofesyonèl taks yo paske gen plis fòmasyon pou nouvo asistan telefòn ki ap abouti nan semèn kap vini yo. Sepandan, IRS la mete aksan sou lefèt ke li enpòtan pou raple ke volim apèl yo rete nan yon nivo istorik ki wo. IRS la ap ankouraje moun yo vizite IRS.gov la pou enfòmasyon yo bezwen yo.

O'Donnell te di "Volim apèl telefòn nou yo rete nan yon nivo trè wo", "Pou w jwenn aksè pi rapid a enfòmasyon yo, nou ankouraje moun yo pou yo kòmanse ak IRS.gov la. Apati de la, kontribiyab yo ka aksede byen rapid varyete resous gratis ki disponib pou ede kontribiyab yo nenpòt lè, lajounen kou lannwit."

Deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk pou w ka akselere ranbousman yo. Gen etap enpòtan moun yo ka pran pou ede asire ke deklarasyon enpo yo ak ranbousman yo trete san reta. Sa k pi enpòtan an se deklare pa vwa elektwonik ak depo dirèk. Sa a toujou rete fason ki pi rapid e ki pi fasil pou deklare epi resevwa yon ranbousman. Pou evite reta nan pwosesis yo, moun yo ta dwe evite fè deklarasyon sou papye depi sa posib.

Pou akselere ranbousman yo, IRS la ap ankouraje moun yo pou yo fè deklarasyon elektwonik ak enfòmasyon pou resevwa depo dirèk osito ke yo gen tout dokiman nesesè pou fè yon deklarasyon ki kòrèk. Patikilye yo ka itilize yon kont labank, kat debi prepeye oswa yon aplikasyon mobil pou jwenn sèvis depo dirèk la epi yo pral bezwen bay nimewo routing plis nimewo kont yo ansanm ak deklarasyon yo an. Aprann kijan pou louvri yon kont nan yon bank ki gen asirans FDIC (an anglè) oswa atravè Zouti Lokalizasyon Koperativ Kredi Nasyonal.

Deklarasyon gratis IRS la disponib nan dat 13 janvye

Deklarasyon Gratis IRS la ap louvri 13 janvye lè founisè k ap patisipe yo ap kòmanse aksepte deklarasyon ki fini yo epi kenbe yo jiskaske yo ka deklare yo elektwonikman nan IRS la. Anpil konpayi lojisyèl preparasyon enpo komèsyal yo ak pwofesyonèl taks yo pral aksepte epi prepare tou deklarasyon enpo yo anvan 23 janvye pou soumèt yo lè sistèm IRS yo louvri.

Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la, ki disponib sèlman sou IRS.gov, pèmèt kontribyab ki te fè $73,000 oswa mwens an 2022 yo, fè deklarasyon yo gratis elektwonikman lè yo sèvi avèk lojisyèl de mak konpayi komèsyal deklarasyon enpo yo te fè. Fòm Deklarasyon ki ka ranpli Gratis, antanke yon pati nan efò sa a, disponib pou tout nivo revni epi li bay fòmilè elektwonik gratis ke moun ka ranpli epi deklare poukont yo san peye.

Yo bay majorite ranbousman yo nan mwens pase 21 jou; Ranbousman EITC yo disponib pou anpil moun apati 28 fevriye

IRS la prevwa ke majorite kontribyab yo pral resevwa ranbousman yo nan lespas 21 jou apati dat yo te deklare elektwonikman, si yo chwazi depo dirèk epi pa gen okenn pwoblèm ak deklarasyon enpo yo an. Kontribyab yo ta dwe tcheke kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov pou estati ranbousman pèsonèl yo a.

Pandan ke IRS la pral kòmanse aksepte deklarasyon nan jou 23 janvye a, IRS la pap ka bay yon ranbousman ki gen ladann Kredi Enpo sou Revni oswa Kredi Enpo pou Timoun Adisyonèl (ACTC) anvan mitan mwa fevriye a. Rezon an se akòz lwa PATH 2015 lan ke Kongrè a te vote e ki bay IRS la plis tan pou bloke ranbousman ilegal yo.

Kote Ranbousman Mwen an? ta dwe montre yon estati ki ajou anvan 18 fevriye pou majorite moun ki fè deklarasyon EITC/ACTC bonè yo. IRS la espere ke pifò ranbousman ki an rapò ak EITC/ACTC yo ap disponib nan kont labank oswa sou kat debi kontribyab yo anvan 28 fevriye si kontribyab yo te chwazi depo dirèk epi pa't gen okenn lòt pwoblèm ak deklarasyon enpo yo an.

Èske w ap tann yo trete premye deklarasyon enpo yo? Ou ka toujou fè deklarasyon 2022 yo

Aktyèlman, IRS la fin trete tout deklarasyon sou papye ak elektwonik li te resevwa nan men kontribyab yo anvan Novanm 2022 pou ane fiskal 2021 an ki pat bezwen koreksyon erè oswa plis revizyon. IRS la kontinye ak travay li sou rès deklarasyon enpo ki nan kategori sa yo. Travay sa a p'ap gen enpak sou tan ranbousman enpo pou moun ki deklare an 2023 yo, men IRS la kontinye ap ankouraje moun yo pou asire yo ke yo soumèt yon deklarasyon enpo san erè pandan sezon fiskal sa a pou evite reta. Tcheke paj Operasyon IRS la (an anglè) pou jwenn dènye enfòmasyon sou estati deklarasyon enpo yo te resevwa an 2022.

IRS.gov, Kont Anliy IRS bay èd gratis

Kontribyab yo ka jwenn zouti anliy sou IRS.gov ki fasil pou itilize epi ki disponib nenpòt ki lè. Plizyè milyon moun sèvi ak yo pou ede yo deklare, peye enpo, jwenn enfòmasyon apwopo kont yo, detèmine kalifikasyon yo pou kredi enpo yo epi resevwa repons pou kesyon fiskal yo.

Yon Kont Anliy IRS pèmèt patikilye yo konekte an tout sekirite pou aksede ak enfòmasyon kont fiskal pèsonèl yo ansanm ak balans, pèman ak dosye fiskal ki gen ladan'l revni brit ajiste (AGI).

Gen plizyè kalite preparatè taks, tankou ajan ki enskri, ekspè kontab sètifye, avoka ak kèk lòt ki pa gen yon kalifikasyon pwofesyonèl. Chwazi yon pwofesyonèl taks (an anglè) ofri enfòmasyon pou ede moun chwazi yon pwofesyonèl taks. Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks Federal ki Sètifye e ki gen sètèn kalifikasyon (an anglè) ka ede kontribiyab yo jwenn preparatè lokal ki genyen yon sètifikasyon pwofesyonèl ke IRS la rekonèt oswa ki gen yon Dosye Pwogram pou Sezon Fiskal Anyèl la ki Finalize.

Asistan taks entèaktif la (an anglè) bay repons ak anpil kesyon sou lwa fiskal yo. Pa egzanp, li ka ede moun yo detèmine si yon kalite revni gen taks sou li, oswa si yo ka dedwi kèk nan depans yo. Li ede moun yo konnen tou si chanjman evènman lavi yo fè yo elijib pou kredi yo pa t kalifye pou yo anvan sa epi li bay repons pou kesyon jeneral yo, tankou detèmine estati deklarasyon yo, si yon moun ka deklare plizyè depandan oswa si yo gen pou yo fè yon deklarasyon enpo.

Kote Ranbousman Mwen an? ofri kontribyab yo kapasite pou yo tcheke estati ranbousman yo an nan lespas 24 è apre IRS la aksepte deklarasyon enpo elektwonik yo te fè an. Zouti Kote Ranbousman Mwen an? fè mizajou yon fwa chak 24 è, dabitid pandan lannwit.

Ministè Defans lan ofri MilTax (an anglè) ki se yon resous fiskal gratis ki disponib pou kominote militè a. Li gen ladann preparasyon enpo ak lojisyèl deklarasyon elektwonik, sipò pèsonalize konsiltan taks yo ofri ak enfòmasyon aktyèl konsènan deklarasyon enpo yo. Li te fèt pou reponn ak reyalite lavi militè yo – ki gen ladan li deplwaman, salè pou konba ak pou fòmasyon, lojman ak lwaye ak deklarasyon nan plizyè eta. Kontribyab ki kalifye yo ka sèvi ak MilTax pou deklare pa vwa elektwonik (an anglè) yon deklarasyon enpo federal epi genyen jiska twa deklarasyon leta gratis.

Dat kle sezon fiskal yo

Gen plizyè dat enpòtan kontribyab yo ta dwe sonje pou sezon fiskal ane sa a:

  • 13 janvye: Deklarasyon Gratis IRS louvri
  • 17 janvye: Dat delè pou pèman enpo estime katriyèm trimès ane fiskal 2022 an.
  • 23 janvye: IRS kòmanse sezon fiskal 2023 a epi li kòmanse aksepte ak trete deklarasyon enpo 2022 kontribyab yo.
  • 27 janvye: Jounen Konsyantizasyon Kredi Enpo sou Revni pou fè konnen kredi enpo ki enpòtan ki disponib pou anpil moun – ki gen ladan opsyon pou itilize revni ane anvan yo pou jwenn kalifikasyon.
  • 18 avril: Dat nasyonal pou fè yon deklarasyon enpo 2022 oswa mande yon ekstansyon epi peye enpo ou te dwe akòz jou fèt Emansipasyon an nan Washington, D.C..
  • 16 oktòb: Dat limit deklarasyon pou moun ki ap mande yon ekstansyon sou deklarasyon enpo 2022 yo.

Anvan ou deklare: Planifye davans

Li pa janm twò bonè pou w pare w pou sezon deklarasyon fiskal la. Pou plis konsèy ak resous, tcheke paj Prepare w la sou IRS.gov.