IRS aktyalize fonksyonalite Kote Ranbousman Mwen an?

Kounyeya kontribyab yo kapab swiv ranbousman pou de (2) lane ki pase

IR-2022-109, 25 me 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te pote yon amelyorasyon enpòtan nan zouti anliy Kote Ranbousman Mwen an? semèn sa a, kote li vini avèk yon nouvo fonksyonalite ki pèmèt kontribyab yo verifye estati ranbousman aktyèl ane fiskal yo ak pou de (2) lane ki pase.

Kontribyab yo kapab seleksyone nenpòt nan twa (3) dènye ane fiskal yo pou yo verifye estati ranbousman yo. Y ap bezwen nimewo Sekirite Sosyal yo oswa ITIN yo, kondisyon fiskal ak montan ranbousman yo t ap tann ak deklarasyon taks yo te premye soumèt la pou ane fiskal y ap verifye a.

Anvan sa, Kote Ranbousman Mwen an? te afiche sèlman estati dènye deklarasyon taks yo soumèt nan de (2) ane fiskal ki pase yo. Enfòmasyon ki disponib pou sila yo k ap rele liy asistans ranbousman an ap bout nan deklarasyon taks 2021 an.

Avèk Kote Ranbousman Mwen an? (an anglè), kontribyab yo kapab kòmanse verifye estati ranbousman yo nan:

  • 24 è apre yon deklarasyon pou ane 2021 pa vwa elektwonik.
  • Twa (3) oswa kat (4) jou apre yon deklarasyon pou ane fiskal 2019 oswa 2020 pa vwa elektwonik.
  • Kat (4) semèn apre yo voye yon deklarasyon pa lapòs.

IRS ap raple kontribyab yo Kont Anliy rete pi bon opsyon pou jwenn revni an gwo ajiste ane pase yo a, balans yo genyen oswa lòt kalite enfòmasyon sou kont.

Komisè IRS la, Chuck Rottig di: "Nou ankouraje sila yo k ap tann yon ranbousman, men ki te mande yon pwolongasyon, pou yo deklare kan yo pare. Nou trete deklarasyon selon sa nou resevwa anvan yo; kidonk, pi bonè pi bon.” "Pa vrèmen genyen okenn rezon pou tann jiska 17 oktòb si moun k ap fè deklarasyon yo genyen enfòmasyon ki nesesè pou yo deklare kounyeya. Deklarasyon Gratis disponib toujou pou moun ki gen pwolongasyon yo pou itilize pou yo prepare ak soumèt deklarasyon taks federal yo gratis."

Deklarasyon elektwonik louvre 24 sou 24, 7 jou sou 7 epi IRS la kontinye ap resevwa deklarasyon ak bay ranbousman. Depi kontribyab la fin deklare, li kapab swiv ranbousman li a avèk Kote Ranbousman Mwen an?

Apwopo zouti Kote Ranbousman Mwen an?

Zouti itil sa a, moun yo ka jwenn sou IRS.gov oswa sou aplikasyon mobil IRS2Go, pèmèt kontribyab yo swiv ranbousman yo nan twa (3) etap:

  1. Lè yo resevwa deklarasyon an.
  2. Lè yo apwouve ranbousman an.
  3. Lè yo bay ranbousman an.

Yo aktyalize zouti a yon fwa chak jou, dabitid nan lannwit, epi li bay kontribyab yo yon dat li prevwa pou li bay ranbousman an kan li apwouve l.

Epi tou li se youn nan fonksyonalite anliy anpil moun konnen ki disponib nan IRS la. Yo te devlope zouti Kote Ranbousman Mwen an? nan lane 2002 epi kontribyab yo te itilize li plis pase 776 milyon fwa nan 2021 an.

Amelyorasyon eksperyans kontribyab la ak modènizasyon enfòmatik la

IRS la kontinye ap amelyore eksperyans kliyan an pandan l ap amelyore ak devlope zouti nimerik k ap bay kontribyab yo pi bon sèvis yo.

Rettig di: "IRS la angaje li pou li sezi opòtinite pou li pote amelyorasyon nan bon moman pou kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl taks yo". "Amelyorasyon sa nan Kote Ranbousman Mwen an? se sèlman youn pami anpil lòt."

Enfòmasyon siplemantè sou estati ranbousman

Pa gen nesesite pou rele IRS la pou verifye estati ranbousman an; sof si gen plis pase 21 jou depi deklarasyon an te fèt oswa zouti a di IRS kapab bay plis enfòmasyon.

Si IRS bezwen plis enfòmasyon pou li trete deklarasyon an, l ap kontakte kontribyab la pa lapòs.

Pou plis enfòmasyon konsènan verifikasyon estati yon ranbousman fiskal, tanpri ale sou Kote Ranbousman Mwen an?