Plizyè milyon kontribyab taks resevwa pèman enterè sou ranbousman taks yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy pandan COVID la sou Taks 2020-111, 31 Dawou 2020

Nan mwatye mwa Dawou a, gen pèman enterè ki te al jwenn prèske 14 milyon kontiribyab taks endividyèl. Moun ki te resevwa pèman sa yo pa t kite dènye jou 15 Jiyè a pase pou yo pa t deklare taks sou revni 2019 yo a epi se moun ki te dwe jwenn ranbousman yo ye.

Pèman enterè sa yo an mwayèn monte anviwon $18 konsa. IRS fè pèman sa yo ale nan chèk separe; yo pa ale nan chèk ranbousman taks yo.

Pi fò kontribyab taks ki te resevwa ranbousman yo a nan depo dirèk, kòb enterè a tou te depoze nan menm kont yo a menm jan an. Tout lòt moun yo nèt, se chèk yo te jwenn. Gen yon nòt sou chèk la ki di "INT Amount" ("Montan Enterè a"). Se nòt sa a ki fè konnen se pèman enterè ranbousman an li ye.

Kòb pèman enterè sa yo, moun dwe peye taks sou yo. Kontribyab taks ki te resevwa yon pèman dwe rapòte sa nan deklarasyon taks federal yo nan ane 2020 k ap vini an. IRS gen pou l voye yon Fòmilè 1099-INT (an anglè) an Janvye 2021, bay tout moun ki te jwenn pou pi piti $10 dola kòm pèman enterè.

Rezon ki kòz IRS peye enterè sa a se paske l te oblije repouse dènye dat pou moun fè deklarasyon taks yo a ale jouk 15 Jiyè. Nouvo dat sa a te bay poutèt COVID-19, konsa yo trete l tankou ajounman pou kòz desas. Kidonk, lalwa oblije IRS peye enterè ki kalkile depi sou premye dat dènye jou pou moun deklare an avril la. Men se pou kontribyab taks la te deklare taks federal sou revni 2019 yo a nan limit dènye dat 15 Jiyè 2020 an pou l jwenn pèman enterè a.

Enterè sou kòb ranbousman sa a, se sè kontribyab taks endividyèl ki jwenn li. Biznis pa ladann.

Ale sou IRS.gov pou detay sou kòman yo konnen pèman enterè yo.

Abòne nan Konsèy Taks IRS (an anglè)