Nouvo pwosesis verifikasyon pou aksede ak yon seri zouti ak sèvis IRS anliy

FS-2021-15, 17 Novanm 2021

Sèvis Revni Entèn te aktyalize fason itilizatè yo ap konekte ak verifye idantite yo pou yon seri sèvis IRS anliy avèk yon platfòm mobil fasil pou itilize ki depann de tyès ki fyab e ki bay itiliozatè yon pi bèl eksperyans. Ajans lan ankouraje kontribyab yo kreye yon nouvo kont avèk youn nan zouti ki nan lis anba a. Nouvo pwosesis sa a rantre nan kad inisyativ ajans lan pou sa ki gen pou wè ak jesyon Idantite, Jistifikatif, ak Aksè yo (ICAM), nan objektif pou ofri kontribyab yo plis mwayen pou yo verifye idantite epi aksede ak zouti IRS yo.

IRS la ap itilize ID.me, yon founisè teknoloji verifikasyon idantite ak sèvis koneksyon ki fyab, pou kontribyab ka jwenn aksè nan zouti IRS yo an sekirite. Tout moun ki gen yon kont ID.me deja apati Pòtal Ajou Krdi Enpo pou Timoun nan, oswa apati yon lòt ajans gouvènman, kapab konekte avèk jistifikatif yo genyen yo. Si yo se nouvo itilizatè, y ap genyen pou yo bay yon foto yon dokiman idantite, tankou yon lisans kondiktè, kat idantite nasyonal oswa paspò kòm yon etap nan pwosesis verifikasyon an. Y ap bezwen fè foto tèt yo tou avèk yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè ki gen yon wèbkam. Depi yo fin verifye idantite yo, y ap kapab itilize kont yo atravè plizyè zouti IRS epi nan lòt ajans gouvènman yo k ap itilize ID.me tou.

Aplikasyon anliy pou kontribyab yo

IRS la gen yon nouvo sistèm koneksyon ak verifikasyon idantite pou aplikasyon anliy sa yo:

  • Kont Anliy

     
    Jwenn aksè nan enfòmasyon sou kont ou an sekirite, tankou montan total ou dwe, istorik peman ou, Peman Enpak Ekonomik yo, detay plan peman yo ak plis ankò.
     

  • Jwenn Transkripsyon Anliy


    Jwenn plizyè kalite transkripsyon seri Fòm 1040 yo anliy oswa pa lapòs.
     

  • Akò Peman Anliy

     
    Aplike pou yon plan peman anliy pou peye balans ou.
     

  • Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun


    Verifye enskripsyon pou peman avans yo, dezenskri nan peman avans yo, aktyalize enfòmasyon sou kont labank ou ak adrès postal ou, epi gade peman ou yo.
     

  • Jwenn yon PIN (IP PIN) pou Pwoteksyon Idantite


    Resevwa oswa rekipere yon IP PIN, ki se yon nimewo sis (6) chif ki anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon taks avèk nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) yon lòt moun.

Aplikasyon anliy pou pwofesyonèl taks yo

IRS la te entegre pwosesis kreyasyon nouvo kont sa a nan kèk aplikasyon pwofesyonèl taks yo itilize, tankou sila yo yo itilize pou fè demann delegasyon pouvwa oswa otorizasyon pou enfòmasyon sou taks anliy avèk Kont Pwofesyonèl Taks (an anglè) oswa pou soumèt Fòm 2848 ak 8821 anliy (an anglè). IRS la ap mete zouti sèvis sou entènèt yo nan nouvo sistèm koneksyon sa a pou pwofesyonèl taks yo nan sezon lete 2022 a.

Aksede a zouti IRS yo

Lè ou ale nan zouti ki nan lis anwo a, y ap mande kontribyab yo konekte avèk yon kont ID.me. Moun ki deja genyen non itilizatè IRS ka kontinye itilize jistifikatif yo nan ansyen sistèm nan pou yo konekte jiska sezon lete 2022 a, men y ap mande yo kreye yon kont ID.me pi bonè posib. Tout moun ki gen yon kont ID.me deja nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, oswa nan yon lòt ajans gouvènman, ap kapab konekte avèk jistifikatif yo genyen deja yo.

Pou verifye idantite yo avèk ID.me, kontribyab yo ap bezwen bay yon foto yon dokiman idantite tankou yon lisans kondiktè, kat idantite nasyonal oswa paspò. Y ap bezwen pran foto tèt yo tou avèk yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè ki genyen yon wèbkam. Depi yo fin verifye idantite yo, y ap kapab aksede a sèvis IRS anliy yo an sekirite.

Kontribyab ki bezwen èd pou verifye idantite yo oswa pou soumèt yon tikè sipò kapab vizite Sit Èd IRS ID.me an (an anglè).

Pwoteksyon vi prive

IRS la angaje li pou li pwoteje dwa vi prive kontribyab ameriken yo. Dwa sa yo ak pwoteksyon sa yo dekri nan Tit 26 Kòd Etazini Seksyon 6103, Tit 26 Kòd Règleman Federal yo Pati 301, Lwa sou Vi Prive 1974 la, Lwa Federal sou Modènizasyon Sekirite Enfòmasyon an, Lwa sou Libète Enfòmasyon ak politik epi pratik IRS yo. Li plis sou pratik IRS yo nan Politik Vi Prive IRS la (an anglè).