Delè pwolongasyon FBAR 15 oktòb la ap pwoche pou resipyandè kont finansye ak kont labank aletranje yo

IR-2021-196, 21 Octòb 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ap raple sitwayen Ameriken yo, etranje rezidan yo ak tout antite legal domestik, delè pwolongasyon pou depoze Rapò sou Kont Finansye ak Kont labank Aletranje (an anglè) anyèl la se 15 Oktòb 2021.

Deklaran ki manke dat limit anyèl 15 avril la pi bonè nan ane sa a te resevwa yon pwolongasyon otomatik pou jiska 15 Oktòb 2021, pou yo depoze FBAR la. Yo pa t bezwen mande pwolongasyon an.

Deklaran ki afekte pa yon katastwòf natirèl ka genyen yon pi gwo pwolongasyon pou depoze FBAR yo a. Li enpòtan pou deklaran yo revize Avi Alèjman FBAR la (an anglè) pou enfòmasyon konplè.

Kiyès ki bezwen depoze?

Lwa sou Sekrè Bankè a egzije pou Ameriken yo depoze yon FBAR si yo genyen:

  1. Enterè finansye nan, otorite pou siyen oswa lòt otorite sou yonn oswa plizyè kont, tankou yon kont labank, yon kont koutaj, yon kont fon komen oswa lòt kont finansye li deyò Etazini, epi
  2. Valè total tout kont finan aletranje yo depase $10,000 pandan yon moman nan ane sivil la.

Akoz sèy sa a, IRS la ankouraje Ameriken yo oswa antite ki gen kont etranje yo, menm sa ki plizoumwen piti yo, pou yo verifye si yo gen egzijans depo sa a. Yon Ameriken se yon sitwayen oswa yon rezidan Ozetazini oswa nenpòt antite legal domestik tankou yo patenarya, yon sosyete, yon konpayi ki gen responsabilite ki limite, yon siksesyon oswa yon fideyikomi (trust).

Kòman pou ou depoze

Deklaran yo pa depoze FBAR la avèk deklarasyon enpo sou revni yo. FBAR 2020 an dwe depoze pa vwa elektwonik avèk Rezo Lit kont Krim Finansye yo (FinCEN) e ki disponib sou sitwèb Sistèm Depo Elektwonik BSA a (an anglè) sèlman. Sila yo ki pa anmezi pou depoze FBAR yo a pa vwa elektwonik dwe rele FinCEN nan 800-949-2732, oswa depi deyò Etazini nan 703-905-3975.

Evite penalite yo

Sila yo ki pa depoze yon FBAR lè yo dwe fè sa ka tonbe anba gwo penalite kriminèl ak sivil ki ka lakoz yon amann ak/oswa prizon. IRS la p ap penalize sila yo ki byen rapòte yon kont aletranje nan yon FBAR ki depoze anreta si IRS la detèminen reta a se pou yon koz rezonab.

Resous FBAR sou IRS.gov:

Pou ede evite reta avèk ranbousman enpo yo, kontribyab k ap viv aletranje yo dwe vizite Konsèy Itil pou Byen Resevwa yon Ranbousman Enpo pou Kontribyab k ap Viv Aletranje yo (an anglè) sou IRS.gov.